Bib Sen An
Ésaïe 62
Pou koz Sion, Mwen p ap rete an silans
e pou koz Jérusalem, Mwen p ap rete san pawòl,
jiskaske 1ladwati li vin parèt tankou gran limyè
e sali li tankou yon tòch k ap brile. 2
Nasyon yo va wè ladwati ou
e tout wa yo glwa ou.
Konsa, ou va rele pa yon non nouvo ke bouch SENYÈ a va bay.
Anplis, ou va yon 3kouwòn byen bèl nan men SENYÈ a ,
e yon dyadèm wayal nan men Bondye ou a.
Sa p ap di a ou menm ankò: “Abandone”,
ni a peyi ou, yo p ap di ankò: “Dezole”;
men ou va rele: “Plezi Mwen nan li”, epi peyi ou: 4“Marye”.
Paske SENYÈ a pran plezi nan ou
e a Li menm, peyi ou va marye.
Paske menm jan ke yon jennonm marye ak yon vyèj,
konsa fis ou yo va marye avèk ou;
epi menm jan jennonm maryaj la
ap rejwi ak jenn fi maryaj la,
konsa 5Bondye ou a va rejwi ak ou.
Sou miray ou yo, O Jérusalem,
Mwen te plase 6gadyen yo.
Tout lajounen ak tout lannwit,
yo p ap janm rete an silans.
Nou menm ki raple SENYÈ a,
pa pran repo pou tèt nou;
ni pa bay Li repo jiskaske Li etabli
e fè 7Jérusalem yon lwanj sou tout tè a. 8
SENYÈ a te sèmante pa men dwat Li
e pa men pwisan Li:
“Mwen p ap janm bay sereyal pa ou ankò
kon manje pou lènmi ou yo;
ni etranje yo p ap janm bwè diven nèf
pou sila ou te depanse fòs ou a.”
Men sila ki 9ranmase li,
se yo k ap manje li e louwe SENYÈ a.
Sila ki rekòlte li yo va bwè li nan lakou
sanktyè pa Mwen an.
Antre ladann, antre nan pòtay yo!
Netwaye chemen an pou pèp la! 10
Bati, bati chemen an!
Retire wòch yo, leve yon drapo sou nasyon yo.
Gade byen, SENYÈ a te pwoklame a pwent tè a:
“Di a fi Sion an: ‘Men 11sali ou a rive!
Gade byen rekonpans Li avè L e rekonpans Li devan L!’”
Konsa, yo va rele yo: 12“Pèp sen an, rachte a SENYÈ yo”.
Ou va rele: “Sila Ki Chache e ki vin twouve a,
Yon Vil Ki Pa Abandone.”
Source notes (12)
- Cross-reference És 1:26
- Cross-reference És 60:3
- Cross-reference És 28:5
- Cross-reference Os 2:19-20
- Cross-reference És 65:19
- Cross-reference És 52:8
- Cross-reference És 60:18
- Cross-reference És 45:23
- Cross-reference És 65:13-23
- Cross-reference És 57:14
- Cross-reference És 51:5
- Cross-reference Det 7:6
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.