Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ésaïe 63

Se kilès sa ki sòti Edom an,

avèk vètman Botsra byen kolore a?

Kilès sila a, ak abiman majeste Li,

k ap mache nan grandè ak fòs li a?

“Se Mwen menm ki pale nan ladwati, 1

ki pwisan pou delivre a.”

Poukisa abiman Ou wouj

e vètman Ou tankou sila

k ap 2mache nan kivèt diven an?

“Mwen te foule nan kivèt diven an sèl,

Pami pèp yo, pa t gen moun avè M.

Anplis, Mwen te foule yo nan kòlè Mwen,

e Mwen te 3mache kraze yo nan kòlè Mwen an.

Gout san lavi yo te flite sou abiman Mwen

e Mwen te tache tout vètman Mwen yo.

Paske 4jou vanjans lan te nan kè M;

e ane racha a M yo rive.

Mwen te gade e pa t gen pèsòn pou ede;

Mwen te etone ke pa t gen pèsòn pou bay soutyen.

Akoz sa 5pwòp bra M te pote Sali Mwen

e kòlè Mwen te fè M kanpe.

Mwen 6te foule nasyon yo byen ba nan kòlè Mwen;

Mwen te fè yo sou nan kòlè Mwen.

Mwen te vide san lavi yo sou tè a.”

Mwen va pale de 7lanmou dous SENYÈ a,

ak lwanj SENYÈ a.

Apre tout sa ke SENYÈ a te bannou,

ak gran bonte anvè lakay Israël ke Li te bay yo,

selon labondans konpasyon li,

epi selon gran mizerikòd Li.

Paske Li te di: “Anverite, yo se pèp Mwen,

fis ki p ap aji nan manti.”

Pou sa, Li te devni 8Sovè yo.

Nan tout afliksyon yo, 9Li te aflije

e zanj a prezans Li an te sove yo.

Nan lanmou dous Li a ak mizerikòd Li,

Li te rachte yo.

Li te leve yo, e te pote yo

pandan tout ansyen jou yo.

Men yo te fè rebèl

e konsa, yo te fè 10Lespri Sen Li an vin tris.

Akoz sa, Li te vire Li menm, e Li te devni lènmi yo;

Li te goumen kont yo pou kont Li.

Men konsa, Li te vin sonje ansyen jou yo

ak Moïse e pèp Li.

Li te di “Kote Li, Sila ki te fè yo monte sòti nan lanmè

ak bèje a bann mouton Li yo?

Kote Li, Sila ki te 11mete Lespri Sen Li nan mitan yo a?”

Ki te fè men glwa Li a ale akote men dwat Moïse la?

Ki te 12divize dlo yo devan yo

pou fè pou pwòp tèt Li

yon non ki ta dire pou tout tan?

Ki te mennen yo atravè fon yo

tankou cheval nan dezè a,

pou yo pa 13chape tonbe?

Tankou bèt ki te desann nan vale yo,

Lespri SENYÈ a te bay yo repo.

Konsa, Ou te 14mennen pèp Ou a

pou fè pou Ou yon non ki plen laglwa.

Gade anba depi nan syèl la

e wè soti nan abitasyon sen Ou

ki plen ak glwa Ou.

Kote zèl Ou ak zèv pwisan Ou yo?

Santiman a kè ou ak konpasyon Ou

te vin anpeche de mwen.

Paske Ou se 15Papa nou,

malgre Abraham pa rekonèt nou,

ni Israël pa rekonèt nou.

Ou menm, O SENYÈ, Ou se Papa nou,

Redanmtè nou soti nan tan ansyen yo se non Ou.

Poukisa, O SENYÈ, Ou 16fè nou egare kite chemen Ou yo?

E te fè kè nou di pou nou pa gen lakrent Ou?

Pou koz sèvitè Ou yo, tribi a eritaj Ou yo, retounen.

Pèp sen Ou yo te posede sanktyè Ou a pou yon ti tan;

advèsè nou yo te 17foule li ba nèt.

Nou te vin sanble ak sila ke Ou pa t janm gouvène yo,

tankou sila ki pa t rele pa non Ou yo.

Source notes (17)
  1. Cross-reference So 3:17
  2. Cross-reference Rev 19:13-15
  3. Cross-reference Mi 7:10
  4. Cross-reference És 34:8
  5. Cross-reference Sòm 44:3
  6. Cross-reference És 22:5
  7. Cross-reference Sòm 25:6
  8. Cross-reference És 60:16
  9. Cross-reference Jij 10:16
  10. Cross-reference Sòm 51:11
  11. Cross-reference Nonb 11:17-29
  12. Cross-reference Egz 14:21-22
  13. Cross-reference Jr 31:9
  14. Cross-reference Det 32:12
  15. Cross-reference És 1:2
  16. Cross-reference És 30:28
  17. Cross-reference Sòm 74:3-7

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.