Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ésaïe 61

1

Lespri Senyè BONDYE a sou mwen,

akoz SENYÈ a te onksyone mwen pou pote bòn nouvèl a moun aflije yo.

Li te voye mwen pou bay soutyen a sila ak kè brize yo,

pou pwoklame libète a kaptif yo

e delivrans a prizonye yo;

pou 2pwoklame lane gras SENYÈ a

e jou a vanjans Bondye nou an;

pou konsole tout moun ak kè ki tris,

pou fè pwovizyon pou sila ak kè tris Sion yo;

pou bay yo yon bèl kouwòn pou ranplase sann yo,

ak 3lwil kè kontan pou ranplase tristès la,

ak abiman lwanj pou ranplase lespri kraze a.

Konsa, yo va rele pye chenn ladwati,

yon plantasyon SENYÈ a,

pou Li kapab resevwa glwa.

Yo va 4rebati ansyen mazi yo,

yo va fè leve wo sa ki te kraze depi lontan yo.

Yo va repare vil ki te detwi yo,

dezolasyon de anpil jenerasyon yo. 5

Etranje yo va kanpe pou okipe bann mouton nou yo,

e pitit a etranje yo va kiltivatè tè nou,

ak chan rezen nou yo.

Men nou va rele kon 6prèt SENYÈ a;

Lèzòm va rele nou sèvitè a Bondye nou an.

Nou va manje richès a nasyon yo,

e nan richès pa yo, nou va vante tèt nou.

Olye de wont nou, 7nou va gen yon pòsyon doub;

olye de imilyasyon, yo va rele ak lajwa sou pòsyon pa yo.

Akoz sa, yo va posede yon pòsyon doub nan peyi yo;

lajwa etènèl la va pou yo.

Paske Mwen, SENYÈ a, 8renmen lajistis;

Mwen rayi vòl ak malfezans.

Ak fidelite Mwen va bay yo rekonpans yo,

e Mwen va fè yon akò k ap dire pou tout tan avèk yo.

Desandan pa yo va rekonèt pami nasyon yo,

e posterite yo nan mitan a tout pèp yo.

Tout moun ki wè yo va rekonèt yo,

akoz yo se 9desandan ke SENYÈ a te beni yo.

Mwen va rejwi anpil nan SENYÈ a;

nanm mwen va rejwi anpil nan Bondye mwen an,

paske Li te abiye mwen ak vètman sali yo.

Li te vlope m nan yon manto ladwati,

tankou yon jennonm fenk marye dekore kò l ak yon kouwòn;

e tankou yon 10jenn fi maryaj abiye kò l ak bijou.

Paske jan tè a fè boujon li vin parèt la,

jaden an fè bagay ki simen ladann yo vin pete grandi,

konsa Senyè BONDYE a va fè 11ladwati ak lwanj pete grandi devan tout nasyon yo.

Source notes (11)
  1. Cross-reference Mat 11:5
  2. Cross-reference És 49:8
  3. Cross-reference Sòm 23:5
  4. Cross-reference És 49:8
  5. Cross-reference És 14:2
  6. Cross-reference És 66:21
  7. Cross-reference És 40:2
  8. Cross-reference És 5:16
  9. Cross-reference És 44:3
  10. Cross-reference Rev 21:2
  11. Cross-reference Sòm 72:3

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.