Bib Sen An
Ésaïe 35
Savann nan ak dezè a va kontan. 1
Tè dezole a va rejwi e fleri, tankou yon woz.
Li va fleri anpil, rejwi ak kè kontan,
e fè yon kri lajwa.
Glwa Liban an va bay a li menm;
majeste a Carmen ak Saron an.
Yo va wè 2glwa SENYÈ a, majeste a Bondye nou an. 3
Ankouraje men ki pèdi fòs,
e ranfòse jenou ki fèb la.
Pale a sila ki gen 4kè twouble yo,
“Pran kouraj!
Pa pè!
Gade byen, Bondye nou an va vini ak vanjans.
Rekonpans Li an va rive.
Li va vini, e Li va sove nou.”
Konsa, 5zye avèg yo va louvri,
e zòrèy a soud yo debouche. 6
Moun bwate yo va vòltije tankou sèf,
e lang bèbè a va rele ak gwo jwa.
Paske dlo va pete nan tè sèch yo,
ak vwa dlo yo nan dezè a.
Peyi deseche a va vin tounen yon letan,
e tè swaf kòn 7sous k ap pete dlo.
Nan landwa chen mawon yo,
nan kote yo poze a , va gen zèb ak wozo ak jon.
Yon gran chemen va la, yon gran ri.
Li va rele Chemen Sen an.
Sila ki pa pwòp p ap vwayaje sou li,
men li va sèvi pou sila ki mache nan Chemen an.
Moun mechan ak enpridan an pa p mache la.
Nanpwen lyon k ap la,
ni p ap gen bèt sovaj k ap mache sou li.
Yo p ap twouve la.
Rachte a SENYÈ yo va retounen.
Ya vini ak gwo kri lajwa lantre nan Sion;
lajwa ki p ap janm fini ap sou tèt yo.
Yo va twouve kè kontan ak lajwa;
tristès ak soupi va sove ale.
Source notes (9)
- Cross-reference És 41:19
- Cross-reference És 25:9
- Cross-reference Job 4:3-4
- Cross-reference És 32:4
- Cross-reference És 29:18
- Cross-reference Mat 15:30
- Cross-reference És 49:10
- Cross-reference És 51:10
- Cross-reference És 1:27
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.