Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ésaïe 36

1

Alò, nan katòzyèm ane a Wa Ézéchias la, Sanchérib, wa Assyrie a, te monte kont tout vil ranfòse Juda yo e te sezi yo. Konsa, wa Assyrie a te voye Rabschaké sòti Lakis nan Jérusalem vè wa Ézéchias avèk yon gwo lame. Li te kanpe kote kanal la sou gran chemen a ki rele Chan Foule a. Epi 2Éliakim, fis a Hilkija a, ki te chèf sou kay wa a, Schebna, grefye a ak Joach, fis a Asaph la, grefye achiv la, te sòti vin kote l. 3

Rabschaké te di yo: “Pale koulye a a Ézéchias; ‘Se konsa gran wa a, wa Assyrie a pale: “Ki konfyans sa ou genyen an? Mwen di ou ke Konsèy nou ak fòs pou fè lagè nou pa plis pase pawòl vid. Alò, de kilès nou va depann lè 4nou fè rebelyon kont mwen an? Gade byen, ou depann de baton a wozo kraze sila a. Égypte menm. Men si yon nonm apiye kote li, baton li an ap antre nan men l e frennen l nèt. 5Se konsa Farawon, wa Égypte la ye pou tout sila ki depann de li yo. Men si ou di m: ‘Nou mete konfyans nan SENYÈ a, Bondye nou an’, èske se pa 6wo plas ak lotèl a Li menm yo ke Ézéchias te retire e te di Juda ak Jérusalem: ‘Ou va adore isit la devan lotèl sila a’? Alò, pou rezon sa a, vin fè yon antant ak mèt mwen an, wa Assyrie a, e mwen va bannou de-mil cheval, si nou ka jwenn chevalye kont pou mete sou yo. Kijan, alò, nou ka refize menm youn nan pi piti ofisye a mèt mwen yo pou 7depann de Égypte pou cha ak chevalye? Èske konsa, mwen te monte san pèmisyon SENYÈ a, kont peyi sa a pou detwi l? 8SENYÈ a te di mwen: “Ale monte kont peyi sa a pou detwi l.”’”

Epi Éliakim, Schebna ak Joach te di a Rabschaké: “Alò, pale ak sèvitè ou yo an Arameyen, paske nou konprann li. Pa pale ak nou an 9Jideyen nan zòrèy a moun ki sou miray yo.”

Men Rabschaké te di: “Èske mèt mwen an te voye m sèlman a mèt nou ak nou menm pou pale pawòl sa yo, e pa a moun sila yo ki chita sou miray la, ki va oblije manje pwòp poupou yo e bwè dlo pipi yo ansanm avèk nou?” Konsa Rabschaké te kanpe e te 10kriye ak yon gwo vwa an Jideyen. Li te di: “Tande pawòl a gran wa a, wa Assyrie a. Konsa pale wa a: ‘Pa kite Ézéchias pase nou nan 11tenten, paske li p ap ka delivre nou! Ni pa kite Ézéchias fè nou 12mete konfyans nan SENYÈ a, oswa di nou: “Anverite SENYÈ a va delivre nou, vil sa a p ap bay nan men a wa Assyrie a.”’ Pa koute Ézéchias, paske konsa pale wa Assyrie a: ‘Fè lapè ak mwen, vin jwenn mwen, chak moun va manje nan pwòp chan rezen pa li, chak moun nan pwòp pye fig pa li, e chak moun va bwè 13dlo nan pwòp sitèn pa li, jiskaske m vin mennen nou ale nan yon peyi tankou peyi pa nou an, yon peyi ak anpil sereyal ak diven nèf, yon peyi ak pen ak chan rezen. Veye pou Ézéchias pa egare nou e di nou: 14“SENYÈ a va delivre nou”. Èske youn nan dye a nasyon yo te delivre tè li a anba men a wa Assyrie la? Kote dye a Hamath ak Arpad yo? Kote dye a Sepharvaïm yo? Epi kilè yo te 15delivre Samarie nan men m?” Se kilès pami tout 16dye peyi sila yo ki te delivre peyi pa yo nan men m, pou SENYÈ a ta delivre Jérusalem nan soti men m?’”

Men yo te pe la e 17pa t di l yon mo, paske lòd a wa a se te: “Pa reponn li”.

Epi 18Éliakim, fis a Hilkija a, ki te chèf sou kay la, Schebna, sekretè a ak Joach, fis a Asaph, achivist la, te rive kote Ézéchias ak rad yo chire, e te di li pawòl a Rabschaké yo.

Source notes (18)
  1. Cross-reference II Wa 18:13
  2. Cross-reference És 22:20
  3. Cross-reference II Wa 18:19
  4. Cross-reference II Wa 18:7
  5. Cross-reference Sòm 146:3
  6. Cross-reference Det 12:2-5
  7. Cross-reference És 20:5
  8. Cross-reference I Wa 13:18
  9. Cross-reference És 36:13
  10. Cross-reference II Kwo 32:18
  11. Cross-reference És 37:10
  12. Cross-reference És 36:18-20
  13. Cross-reference Pwov 5:15
  14. Cross-reference És 36:15
  15. Cross-reference II Wa 17:6
  16. Cross-reference I Wa 20:23-28
  17. Cross-reference Pwov 9:7-8
  18. Cross-reference És 22:20

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.