Bib Sen An
Ésaïe 34
Rapwoche, O nasyon yo pou tande!
Koute, o pèp yo! 1
Kite latè ak tout sa ki ladann tande,
e lemonn ak tout sa ki ladann.
Paske 2gwo kòlè SENYÈ a kont tout nasyon yo
e jijman Li brile kont tout lame yo.
Li te detwi yo nèt.
Li te donnen yo a yon gwo masak.
Konsa, mò yo va 3jete deyò.
Kadav yo va fè movèz odè,
e mòn yo va tranpe ak san yo.
Tout lame syèl la va vin efase. 4
Syèl la va woule monte tankou yon woulo liv;
e tout lame li yo va vin fennen nèt,
tankou yon fèy ta fennen sou branch chan rezen an,
oswa jan li deseche tonbe sou yon pye fig.
Paske 5nepe Mwen bwè ase nan syèl la.
Gade byen, li va desann pou jije Édom
ak pèp ke Mwen te chwazi pou destriksyon yo.
Nepe SENYÈ a plen ak san.
Li kouvri ak grès, ak san jenn mouton,
ak bouk yo, ak grès a ren belye.
Paske SENYÈ a gen yon sakrifis nan 6Botsra,
ak yon gwo masak nan peyi Édom.
Anplis, bèf mawon va desann ak yo,
ak jenn towo, ak towo pwisan yo.
Konsa, peyi yo va 7tranpe ak san,
e pousyè yo va vin gra ak grès.
Paske SENYÈ a gen yon jou vanjans,
yon ane vanjans pou koz a Sion an.
Sous dlo li yo va devni goudwon
e tè pousyè li kon 8souf.
Peyi li va tounen goudwon k ap brile.
Li p ap etenn ni lajounen, ni lannwit. 9
Lafimen li va monte jis pou tout tan.
De jenerasyon an jenerasyon, li va dezole.
Okenn moun p ap pase ladann
pou tout tan e pou tout tan.
Men 10grangozye ak ti bèt atè a va vin posede li
e ibou ak kònèy a va demere ladann.
Li va tann sou li lign latwoublay,
ak fil a plon vid la.
Yo va rele prens li yo a wayòm nan,
men11p ap gen k ap parèt.
Tout prens li yo p ap anyen.
Pikan yo va pouse nan gwo fò li yo,
chadwon ak gwo raje nan 12gwo vil ranfòse yo.
L ap devni yon kote frekante pa chen mawon.
Li va fè kay tribinal pou otrich la. 13
Bèt dezè yo va fè reyinyon ak lou yo;
kabrit sovaj ak gwo plim va kriye anvè parèy li.
Wi, gwo bèt lannwit va vin rete la;
l ap twouve pou kont li yon kote pou l ka repoze.
La, koulèv pyebwa a va fè nich li pou ponn ze;
li va kale yo e ranmase yo anba pwotèj li.
Menm 14bèt malfini yo va rankontre la,
yo chak ak pwòp parèy yo.
Chache nan liv SENYÈ a, epi li:
Nanpwen youn nan sila yo ki p ap la;
okenn p ap manke parèy yo.
Paske 15bouch Mwen te pase lòd,
e Lespri Li te ranmase yo.
Li te 16tire osò pou yo,
e se men L ki separe bay yo selon lign mezi a.
Yo va posede kote a jis pou tout tan.
De jenerasyon an jenerasyon, yo va abite ladann.
Source notes (16)
- Cross-reference Det 32:1
- Cross-reference És 26:20
- Cross-reference És 14:9
- Cross-reference Rev 6:12-14
- Cross-reference Det 32:41-42
- Cross-reference És 63:1
- Cross-reference És 63:6
- Cross-reference Det 29:23
- Cross-reference Rev 14:11
- Cross-reference So 2:14
- Cross-reference Jr 27:20
- Cross-reference És 13:22
- Cross-reference És 13:21
- Cross-reference Det 14:13
- Cross-reference És 1:20
- Cross-reference És 17:13
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.