Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ésaïe 33

Malè a ou menm, O ou ki detwi lòt pandan ou pa t detwi;

epi sila ki fè trèt pandan lòt moun pa t aji an trèt avè w.

Depi ou fin detwi, ou osi va vin detwi nèt.

Depi ou fin fè trèt, lòt moun va 1fè trèt kont ou.

O SENYÈ, 2fè nou gras. Nou t ap tann Ou.

Sèvi kon fòs pa nou chak maten,

delivrans pa nou nan tan gwo twoub.

Lè bri zen an vin leve, 3pèp yo sove ale.

Lè Ou fè leve Ou menm, nasyon yo gaye.

Piyaj pa W va ranmase tankou cheni ranmase.

Tankou krikèt volan konn vòltije, se konsa y ap vòltije sou li.

SENYÈ a leve wo, paske se anwo ke Li rete.

Li te 4ranpli Sion ak jistis ak ladwati.

Se Li k ap fè tan pa nou estab, 5richès a delivrans, sajès ak konesans.

Lakrent SENYÈ a se trezò ou.

Gade byen, mesye pwisan pa yo, kriye nan lari, 6

anbasadè lapè yo kriye fò.

Gran chemen yo rete vid. 7

Moun ki vwayaje yo sispann.

Li te kraze akò a.

Li te meprize vil yo.

Li pa respekte pèsòn. 8

Peyi a kriye ak doulè, ak kè fennen.

Liban vin wont e tanmen disparèt.

Saron vin tankou yon dezè e Basan ak Carmel pèdi tout feyaj.

“Koulye a, 9Mwen va leve”, SENYÈ a di:

“Koulye a Mwen va egzalte.

Koulye a Mwen va leve wo.

Nou te ansent pay, e nou va akouche pay. 10

Souf Mwen va manje nou tankou dife.

Pèp yo va brile kon lacho, 11

tankou pikan koupe ki fin brile nan dife a.”

“Nou menm ki lwen yo, 12 koute sa ke M te fè a;

epi nou menm ki toupre, rekonèt pwisans Mwen.” 13

Pechè Sion yo vin sezi ak laperèz;

tranbleman fin sezi enkwayan yo.

Se kilès pami nou ki ka viv ak yon dife ki manje tout bagay?

“Se kilès nan nou ki ka viv ak dife k ap brile tout tan an?”

Sila ki mache nan ladwati a e ki pale ak kè sensè a?

Sila ki refize benefis lajan ki sòti nan enjistis la,

e ki souke men l pou sa ki vèse anba tab pa rete nan yo;

sila ki bouche zòrèy li pou l pa menm tande afè vèse san,

e ki 14fèmen zye l pou l pa gade mal.

Li va demere nan wotè yo; 15

pwotèj pa li va nan wòch solid ke lènmi yo pa ka pwoche.

Pen li va vèse bay li, e dlo li va asire.

Zye nou va wè Wa a nan tout bèlte Li.

Yo va wè 16yon peyi ki byen lwen.

Kè ou va medite sou gwo laperèz la.

“Kote sila ki te konte a?

Kote sila ki te peze a?

Kote sila ki te konte fò yo?”

Ou p ap ankò wè yon pèp fewòs,

yon pèp ak 17langaj dwòl ke ou pa konprann,

a lang bege ke pèsòn pa konprann.

Gade sou Sion, gran vil a gwo fèt dezinye yo.

Zye ou va wè Jérusalem, yon abitasyon san twoub,

yon 18tant ki p ap bezwen pliye.

Pikèt li p ap janm rache,

ni kòd li yo p ap chire.

Men la, SENYÈ va avèk nou nan majeste,

yon 19kote ak rivyè ak gwo kanal,

sou sila gwo kannòt ak anpil zaviwon p ap janm pase,

ni gwo bato p ap janm pase la.

Paske SENYÈ a se 20jij nou.

Se SENYÈ a ki bay lwa nou yo.

Se SENYÈ a ki wa nou.

Se Li menm ki va sove nou.

Kòd vwal nou yo vin lach.

Yo pa t ka soutni baz ma bato a byen,

ni kenbe vwal la gran ouvri.

Alò, piyaj la a gwo boutin nan te divize. 21

Sila ki bwate a te pran piyaj la.

Pèp peyi a p ap di: “Mwen malad”.

Moun ki rete la yo va padone pou inikite yo.

Source notes (21)
  1. Cross-reference Jr 25:12-14
  2. Cross-reference És 30:18-19
  3. Cross-reference És 17:13
  4. Cross-reference És 1:26
  5. Cross-reference És 45:17
  6. Cross-reference II Wa 18:18-37
  7. Cross-reference És 35:8
  8. Cross-reference És 3:26
  9. Cross-reference Sòm 12:5
  10. Cross-reference És 1:31
  11. Cross-reference II Sam 23:6-7
  12. Cross-reference Sòm 48:10
  13. Cross-reference És 1:28
  14. Cross-reference Sòm 119:37
  15. Cross-reference És 25:4
  16. Cross-reference És 26:15
  17. Cross-reference Det 28:49-50
  18. Cross-reference És 54:2
  19. Cross-reference És 41:18
  20. Cross-reference És 2:4
  21. Cross-reference II Wa 7:8

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.