Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ésaïe 32

Gade byen, yon 1wa va renye ak ladwati

e prens yo va renye ak jistis.

Yon nonm va tankou yon abri kont van

ak yon pwotèj kont tanpèt,

tankou sous dlo nan yon peyi sèch,

tankou 2lonbraj a yon gwo wòch nan yon peyi ki deseche.

Alò, zye a sila ki wè yo, p ap vin avegle;

zòrèy a sila ki tande yo, va koute.

Kè a sila ki 3aji san reflechi a va konprann verite,

e lang lan a sila ki bege a va pale klè.

Li p ap rive ankò ke yo rele 4moun fou, prens;

ni rele vakabon, moun bon kè.

Paske moun fou a pale foli,

e kè li apiye vè mechanste:

pou fè sa ki kont Bondye

e pale mal kont SENYÈ a,

pou 5kenbe moun grangou a san satisfè,

e pou anpeche moun swaf la bwè.

Pou vakabon an, zam li se mechanste.

Li 6fòme plan mechan pou detwi moun aflije a ak kout lang,

malgre sila ki nan bezwen an pale sa ki bon.

Men 7sila ki prens toujou fòme plan ki bèl;

epi pa bèl plan an, ap kanpe.

Leve ou menm, O 8fanm ki alèz e tande vwa mwen!

Prete zòrèy a pawòl mwen, fi ki alèz, san pwoblèm yo.

Nan yon ane ak kèk jou, nou va twouble,

O fi ki san pridans yo; 9

paske, afè fwi diven an va fini,

ni rekòlt la p ap rive.

Tranble, fanm alèz yo;

twouble, nou menm ki san pridans! 10

Retire rad nou, dezabiye nou

e mete twal sak nan senti nou. 11

Bat lestomak nou pou bèl chan jaden yo,

pou chan ki plen ak fwi rezen yo.

Anplis12pou peyi a pèp mwen an,

kote pikan ak raje va pouse monte;

wi pou tout kay plen ak jwa yo

ak gran vil kè kontan yo.

Paske 13palè a vin vid,

e gran vil plen moun yo vin abandone.

Kolin ak fò ki wo yo vin tounen kav yo jis pou tout tan,

yon plezi pou bourik mawon,

yon patiraj pou bann mouton yo;

jiskaske 14Lespri a vide sou nou soti anwo,

epi savann nan vin fè yon chan fètil,

e chan fètil la va vin konsidere kon yon forè.

Nan lè sa a 15lajistis va demere nan dezè a

e ladwati nan chan fètil la.

Epi 16zèv ladwati a va lapè,

e sèvis ladwati a va kalm ak konfyans

k ap dire jis pou tout tan.

Nan lè sa a, pèp mwen an va viv nan yon abitasyon lapè,

ak sekirite ki san twoub nan plas repo san pwoblèm.

Malgre lagrèl tonbe kraze forè a, e 17gran vil la va vin devaste nèt.

A la 18beni nou va beni,

nou menm ki simen akote tout dlo yo,

ki lage pye bèf ak bourik la.

Source notes (18)
  1. Cross-reference Sòm 72:1-4
  2. Cross-reference És 4:6
  3. Cross-reference És 29:24
  4. Cross-reference I Sam 25:25
  5. Cross-reference És 3:15
  6. Cross-reference Jr 5:26-28
  7. Cross-reference Pwov 11:25
  8. Cross-reference És 47:8
  9. Cross-reference És 5:5-6
  10. Cross-reference És 47:2
  11. Cross-reference Na 2:7
  12. Cross-reference És 5:6-17
  13. Cross-reference És 13:22
  14. Cross-reference És 11:2
  15. Cross-reference És 33:5
  16. Cross-reference Sòm 72:2-3
  17. Cross-reference És 24:10-12
  18. Cross-reference Ekl 11:1

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.