Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ésaïe 31

Malè a sila ki desann Égypte pou sekou yo,

ki depann de cheval yo,

ki fè konfyans a cha yo paske yo anpil,

ak nan chevalye yo paske yo tèlman fò;

men yo pa gade sou 1Sila Ki Sen an Israël la,

ni chache SENYÈ a!

Men anplis, Li saj;

Li va mennen dezas;

Li 2p ap retire pawòl Li menm;

men Li va leve kont kay malfektè yo,

ak kont sekou a sila ki fè mechanste yo.

Alò, Ejipsyen yo se 3moun.

Se pa Bondye.

Cheval yo se chè; se pa lespri.

Pou sa, SENYÈ la va lonje men L;

sila k ap bay sekou a va glise tonbe.

Sila ki resevwa sekou a va tonbe,

e yo tout va rive fini ansanm.

Paske konsa SENYÈ a di mwen:

“Tankou lyon oswa jenn lyon gwonde sou kò bèt l ap manje,

lè yon bann bèje vin parèt la;

li p ap pè vwa yo,

ni li p ap deranje akoz bri yo fè.

Konsa, SENYÈ dèzame yo va vin desann

pou 4fè lagè sou Mòn Sion ak sou kolin li an.”

Tankou zwazo k ap vole,

se konsa SENYÈ a va pwoteje Jérusalem.

Li va 5pwoteje li e delivre li.

Li va pase sou sa pou sove li.

Retounen kote Sila ke nou te 6tèlman neglije a, O fis Israël yo.

Paske nan jou sa a, tout moun

va jete deyò zidòl an ajan li yo ak zidòl an lò li yo,

ke 7men plen peche nou yo te fè pou nou.

Epi Asiryen an va tonbe pa yon nepe ki pa t pou lòm,

e 8nepe a ki pa pou lòm va devore l.

Pou sa, li p ap chape anba nepe a,

e jenn mesye li yo va devni ouvriye kòve.

“Wòch li va disparèt akoz panik,

e prens li yo va gen gwo lakrent devan drapo a”,

deklare SENYÈ a, 9

Sila ki gen dife Li nan Sion an,

ak founo nan Jérusalem nan.

Source notes (9)
  1. Cross-reference És 10:17
  2. Cross-reference Nonb 23:19
  3. Cross-reference Éz 28:9
  4. Cross-reference És 42:13
  5. Cross-reference És 37:35
  6. Cross-reference És 1:2-5
  7. Cross-reference I Wa 12:30
  8. Cross-reference És 66:16
  9. Cross-reference És 10:16-17

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.