Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ésaïe 28

Malè a kouwòn ògèy a moun sou ak diven 1Éphraïm yo, ak flè fane li ki pèdi bèlte ak glwa li. Li menm ki sou tèt vale fètil a sila ki fin sou ak diven yo! Veye byen, SENYÈ a gen 2yon asistan ase fò e pwisan. Tankou tanpèt lagrèl, yon tanpèt destriksyon, yon tanpèt pwisan k ap debòde dlo, Li va vin jete yo atè ak men Li. Kouwòn ògèy a moun sou Éphraïm yo va vin 3foule anba pye. Epi flè ki kanpe sou tèt vale fètil la, va vin pèdi bèlte li tankou 4premye fwi figye etranje ke yon moun wè avan gran sezon an. Yon moun jwenn li, epi lapoula, li vale l. Nan jou sa a, SENYÈ dèzame yo va vini yon bèl 5kouwòn, yon dyadèm ranpli ak glwa pou retay a pèp Li a. Li va yon 6espri lajistis pou sila ki chita nan jijman an, yon ranfòsman pou sila k ap detounen atak devan pòtay yo.

Anplis yo vin toudi akoz bwason fò yo: prèt la ak pwofèt la vin toudi ak bwason fò. Yo vin konfonn akoz diven an, e yo vin toudi akoz bwason fò a. Yo kilbite pandan y ap fè 7vizyon, e yo manke tonbe lè y ap rann jijman. Paske tout tab yo plen ak salte 8vomisman an; pa menm gen yon kote ki pwòp.

A ki moun Li ta enstwi konesans e a kilès Li ta entèprete mesaj la? Sila ki fenk 9sevre nan lèt yo? Sila ki fenk sispann pran tete yo? Paske Li pale, 10 Lòd sou lòd, lòd sou lòd, liy sou liy, liy sou liy, yon ti kras pa isi, yon ti kras pa la.

Anverite, Li va pale ak pèp sa a ak 11lèv bege e ak yon lang etranje, Sila ki te di yo: “Men 12repo isit la; bay repo a sila ki fatige yo,” epi: “Men repo”, men yo pa t koute. Akoz sa, pawòl SENYÈ a, yo va: “Lòd sou lòd, lòd sou lòd, liy sou liy, liy sou liy, yon ti kras pa isi, yon ti kras pa la,” pou yo kapab ale, 13chape glise pa dèyè, vin kraze, pran nan pèlen e vin prizonye.

Pou sa, koute pawòl SENYÈ a, O 14nou menm k ap moke yo, sila ki chèf sou pèp sa a ki rete nan Jérusalem nan: “Akoz nou te di: ‘Nou te fè yon akò ak lanmò’, epi ak Sejou mò yo, nou te vin angaje. Gwo dega p ap rive sou nou lè l pase, paske nou te fè pwotèj nou ak manti e nou te 15kache kò nou ak desepsyon.” Pou sa, Senyè BONDYE a di: 16“Gade byen, Mwen ap poze nan Sion yon wòch, yon wòch eprèv, yon wòch ang prensipal pou fondasyon ki plase byen solid la. Sila ki kwè nan li a, p ap twouble menm. Mwen va fè 17jistis sèvi kon lign mezi e ladwati kon règ nivo. Lagrèl va bale tout fatra nèt ki fèt ak manti, e dlo yo va debòde antre nan kote sekrè a. Akò nou an ak lanmò va anile, e angajman nou an ak Sejou mò yo p ap kanpe. Lè gwo twoub la k ap kraze tout moun nan, pase kote nou, alò, nou va 18 foule anba l. Otan li pase, li va kenbe nou; maten apre maten, l ap pase. Nenpòt lè pandan lajounen oswa lannwit, pou konprann sa li ye a, va pote gwo laperèz.” Kabann nan twò kout pou lonje kò nou e 19dra a twò etwat pou vlope nou. Paske SENYÈ a va leve tankou nan Mòn Peratsim. Li va fache tankou nan vale 20Gabaon, pou fè tach Li, tach ki pa sanblab ak lòt, e pou egzekite travay Li, travay ekstrawòdinè Li. Alò, konsa, pa aji tankou mokè yo, pou chenn ki mare nou yo pa vin pi rèd. Paske mwen te tande soti nan Senyè BONDYE dèzame yo, desizyon deja fèt pou 21detwi tout latè a.

Prete zòrèy nou pou tande vwa mwen! Koute e tande pawòl mwen yo. Èske kiltivatè a raboure tout tan pou plante grenn semans? Èske li pa janm sispann vire tè a? Èske li pa fè tè a nivo pou simen 22grenn lanni, gaye grenn kimen, plante ble nan ranje yolòj nan plas li ak pitimi nan kote pa li? Paske Bondye pa li a enstwi li, e montre li sa ki bon. Paske grenn lanni pa kraze vannen ak 23gwo baton, ni wou kabwèt pa woule sou kimen, men lanni bat ak yon planch bwa e kimen ak yon baton. Sereyal pou fè pen oblije kraze; anverite, li p ap ka kontinye bat pou vannen li tout tan. Menmsi wou kabwèt li a ak pye cheval li yo ta pase sou li, cheval la pa ka fè l moulen. Sa anplis, sòti nan SENYÈ dèzame yo, ki te fè konsèy Li mèvèye, ak sajès Li 24byen gran.

Source notes (24)
  1. Cross-reference És 9:9
  2. Cross-reference És 8:7
  3. Cross-reference És 26:6
  4. Cross-reference Os 9:10
  5. Cross-reference És 62:3
  6. Cross-reference I Wa 3:28
  7. Cross-reference És 29:11
  8. Cross-reference Jr 48:26
  9. Cross-reference Sòm 131:2
  10. Cross-reference II Kwo 36:15
  11. Cross-reference És 33:19
  12. Cross-reference És 11:10
  13. Cross-reference És 8:15
  14. Cross-reference És 29:20
  15. Cross-reference És 29:15
  16. Cross-reference Wo 9:33
  17. Cross-reference II Wa 21:13
  18. Cross-reference És 28:3
  19. Cross-reference És 59:6
  20. Cross-reference Jos 10:10-12
  21. Cross-reference És 10:22-23
  22. Cross-reference Mat 23:23
  23. Cross-reference Am 1:3
  24. Cross-reference És 31:2

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.