Bib Sen An
Ésaïe 29
Malè a Ariel! Ariel, vil kote David yon fwa 1te fè kan an! Ogmante lane sou lane, obsève fèt ou yo nan lè yo. Mwen va mennen gwo pwoblèm sou Ariel e li va vin yon vil 2gwo doulè ak lamantasyon. Pou Mwen, li va tankou yon lotèl k ap brile a. Mwen va 3fè kan kont ou e antoure ou. Mwen va monte aparèy syèj kont ou e fè yo monte fò batay kont ou. Konsa ou va vin 4bese. Se jis nan tè a, pale ou va bougonnen depi nan pousyè. Vwa ou va, anplis, tankou yon vwa a yon lespri, konsi ou konnen l deja, k ap soti nan tè a. Se konsa pawòl ou yo va chichote soti nan pousyè a.
Men fòs kantite a lènmi ou yo va devni tankou 5pousyè fen e fòs kantite a mechan san prensip yo va tankou pay k ap vannen ale. Sa va fèt nan yon moman; sibitman. Li va vizite pa SENYÈ dèzame yo. Li va pini yo ak 6tonnè, tranbleman detè, gwo bri, toubiyon ak tanpèt ak flanm dife a ki manje tout bagay. Konsa, 7fòs kantite a tout nasyon ki va fè lagè kont Ariel yo, menm tout moun ki fè lagè kont li ak gwo fò li yo ak sila ki bay li gwo twoub, sa va devni tankou yon rèv, yon vizyon nan nwit. Sa va tankou lè yon nonm grangou fè rèv—e gade byen, l ap manje. Men lè l leve nan dòmi a, gade byen, li toujou fèb e grangou; li pa satisfè. Oswa lè yon nonm swaf fè rèv—epi gade byen, l ap bwè, men lè l leve li toujou fèb, e swaf la pa t satisfè. Se 8konsa kantite tout nasyon ki fè lagè kont Mòn Sion yo va ye. 9
Pran reta epi tann! Avegle tèt nou pou nou avèg! Yo vin sou, men pa avèk diven; yo kilbite, men pa akoz bwason fò. Paske SENYÈ a te vide sou nou, yon lespri 10pwofon somèy. Li te fèmen zye nou menm, pwofèt yo, e Li te kouvri tèt nou menm, konseye yo. Tout vizyon va pou nou tankou pawòl a yon 11liv ki fèmen ak so. Lè yo bay li a yon moun ki konn li, yo di l: “Souple, li sa a.” Men li va di: “Mwen pa kapab, paske li fèmen ak so.” Konsa liv la va bay a sila ki pa ka li, e y ap di l: “Souple, li sa a.” Epi li va di: “Mwen pa kapab li.”
Senyè a te di: “Akoz 12pèp sa a rapwoche ak pawòl pa yo, e onore Mwen ak lèv yo, men yo retire kè yo byen lwen Mwen, e akoz adorasyon yo pou Mwen fèt pa tradisyon ki aprann pa kè, pou sa, gade byen, Mwen va yon fwa ankò aji ak mèvèy pami pèp sa; yon mèvèy ki etonan! Konsa, 13sajès a moun saj pa yo va disparèt, e konesans a moun ki gen bon konprann yo va vin kache.”
Malè a sila ki kache plan yo byen fon pou SENYÈ a pa wè, e ki fè 14zak yo nan fènwa a, e y ap di: “Se kilès ki wè nou?” Oswa “Se kilès ki rekonèt nou?” Ou chavire bagay la nèt! Èske sila ki fè kanari a ta dwe konsidere egal ak ajil la, pou sa ki te fèt la, ta ka di a sila ki fè li a: “Li pa t fè mwen”; oswa 15sa ki te fòme a ta ka di a sila ki te fòme li a: “Li pa konprann anyen?”
Èske se pa yon ti kras tan ki rete ankò avan Liban vin transfòme an yon 16chan fètil, e chan fètil la va konsidere kon yon forè? Nan jou sa a, 17moun soud yo va tande pawòl a liv la e zye avèg yo va wè sa ki te kon fènwa ak tenèb. Anplis, 18moun enb yo va fè kè yo pi kontan ak SENYÈ a, e malere yo pami moun yo va rejwi nan Sila Ki Sen an Israël la. Paske moun san pitye yo va rive nan fen yo, e mokè yo va disparèt. Anverite, 19tout moun ak lentansyon fè mal, va vin koupe retire nèt— sila ki pou valè a yon sèl pawòl, rele moun nan tribinal la, epi fè pyèj pou sila ki korije moun nan pòtay la, e ak fwod, rache dwa inosan an ak fo temwayaj.
Akoz sa a, SENYÈ a ki te rachte Abraham nan, di konsènan lakay Jacob: 20“Jacob p ap ankò vin wont, ni figi li vin pal. Men lè li wè 21pitit li yo, zèv men Mwen yo nan mitan li, yo va sanktifye non Mwen. Anverite, yo va sanktifye non a Sila Ki Sen a Jacob la, e va kanpe byen etone devan Bondye Israël la. Anplis, sila ki fè tò nan panse yo, va 22konnen verite a, e sila ki kritike yo va resevwa enstriksyon.”
Source notes (22)
- Cross-reference II Sam 5:9
- Cross-reference És 3:26
- Cross-reference Luc 19:43
- Cross-reference És 8:19
- Cross-reference És 17:13
- Cross-reference I Sam 2:10
- Cross-reference Mi 4:11-12
- Cross-reference És 8:19
- Cross-reference És 29:1
- Cross-reference Sòm 69:23
- Cross-reference És 8:16
- Cross-reference Éz 33:31
- Cross-reference És 44:25
- Cross-reference Job 22:13
- Cross-reference És 45:9
- Cross-reference Sòm 84:6
- Cross-reference És 35:5
- Cross-reference Sòm 25:9
- Cross-reference És 59:4
- Cross-reference És 45:17
- Cross-reference És 49:20-26
- Cross-reference És 41:20
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.