Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ésaïe 27

Nan jou sa a, SENYÈ a va pini Leviathan ak gwo nepe a byen di. Leviathan, sèpan tòde a, kap pran flit; 1li va touye dragon an ki rete nan lanmè a.

Nan jou sa a, chante pou li 2”Yon bèl chan rezen! Mwen, SENYÈ a, se jeran li. Mwen wouze li tout tan. Pou pèsòn pa fè l donmaj, Mwen 3veye li lajounen kon lannwit. Mwen pa moun lakòlè. Men si Mwen ta jwenn raje ak pikan yo, Mwen ta fè batay! 4Mwen ta mache sou yo, e brile yo nèt. Oswa, kite li 5depann de fòs Mwen pou l ka fè lapè avè M. Kite li fè lapè avè M.”

Nan jou k ap vini yo, Jacob va pran rasin. Israël va fleri e boujonnen. Yo va plen tout mond lan ak 6fwi. Èske Li te frape yo, jan 7li te frape sa yo ki frape yo? Oswa èske se tankou masak Sila ki touye yo a, Li te touye yo? Ou te konfwonte yo ak egzil; ou te pouse yo ale. Ak souf fewòs Li, Li te chase yo ale nan jou 8van lès la. Akoz sa e atravè sa, inikite a Jacob la va padone. Konsa, sa va tout fwè a pou 9retire peche li: lè l fè lotèl wòch yo vin tankou poud wòch lakrè, pou Asherim nan ak lotèl lansan yo pa kanpe ankò. Paske vil fòtifye a vin sèl, yon anplasman kay ki dezole e ki vin bliye tankou dezè. 10Jenn bèf la va manje la, li va kouche e manje sou branch li yo. Lè branch li yo vin sèch, yo vin kase yo. Fanm yo va vini pou fè dife avèk yo, paske se yon pèp san konprann. Akoz sa 11Kreyatè yo a p ap fè konpasyon sou yo. Li ki te fòme yo a p ap bay yo gras.

Nan jou sa a, SENYÈ a va kòmanse bat gwo rekòlt Li depi nan flèv Rivyè Euphrate la jis rive nan dlo Égypte la, e nou va vin ranmase youn pa youn, O fis Israël yo.

Anplis, li va vin rive ke nan jou ke 12gran twonpèt la ap sone a, sila ki t ap peri nan peyi Assyrie yo, e ki te gaye an Égypte yo, va vin adore SENYÈ a nan mòn sen Jérusalem nan.

Source notes (12)
  1. Cross-reference És 51:9
  2. Cross-reference Sòm 80:8
  3. Cross-reference I Sam 2:9
  4. Cross-reference És 33:12
  5. Cross-reference És 12:2
  6. Cross-reference És 4:2
  7. Cross-reference És 10:12-17
  8. Cross-reference Jr 4:11
  9. Cross-reference Wo 11:27
  10. Cross-reference És 17:2
  11. Cross-reference Det 32:18
  12. Cross-reference Lev 25:9

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.