Bib Sen An
Ésaïe 26
Nan jou sa a, chanson sa a va chante nan peyi Juda:
“Nou gen yon vil ki fò;
li monte miray ak ranfò pou 1sekirite.
Ouvri 2pòtay yo pou nasyon ladwati a ka antre;
sila ki rete fidèl la.
Sila ki rete fèm nan panse li yo,
Ou va kenbe nan 3lapè pafè,
akoz li gen konfyans nan Ou.
Mete konfyans nan SENYÈ a jis pou tout tan,
paske nan BONDYE SENYÈ a,
nou gen yon 4Wòch etènèl.
Paske Li te bese sila ki te rete anwo yo,
vil ki pa t kapab venk lan. 5
Li te desann li ba.
Li te desann li jis atè.
Li te jete li nan pousyè. 6
Pye va foule l, pye a malere a,
pla pye a sila ki san sekou yo.” 7
Chemen moun jis se ladwati.
O Sila Ki Dwat la, fè wout a moun dwat yo a byen pla.
Anverite, selon jijman Ou yo,
O SENYÈ, nou t ap tann Ou.
Non Ou, menm 8memwa Ou, se dezi a nanm nou. 9
Nan lannwit, nanm mwen anvi Ou.
Anverite, lespri m anndan mwen chache Ou ak enpasyans;
paske lè jijman Ou yo rive sou latè,
sila ki rete ladann yo, aprann ladwati.
Malgre mechan an ta jwenn favè, li p ap aprann ladwati.
Li 10aji ak enjistis nan peyi ladwati.
Konsa, li p ap janm wè majeste Senyè a.
O SENYÈ, men Ou leve wo, men 11yo pa wè li;
men yo va wè zèl Ou pou pèp la
e y ap vin wont.
Anverite, dife va devore lènmi Ou yo.
SENYÈ, Ou va etabli 12lapè pou nou,
akoz ou te akonpli pou nou tout zèv nou yo.
O SENYÈ, Bondye nou an, lòt mèt apa de ou te gouvène nou;
men se non Ou sèl, ke n ap konfese. 13
Sila ki mouri yo p ap viv.
Lespri ki pati yo p ap leve ankò.
Konsa, Ou te pini yo, detwi yo
e Ou te efase tout memwa a yo menm. 14
Ou te ogmante nasyon an, O SENYÈ,
Ou te agrandi nasyon an!
Ou leve wo!
Ou te fè tout lizyè peyi a vin pi laj.
O SENYÈ, nan mitan 15gwo twoub yo, yo te chache Ou.
Yo pa t ka fè plis pase respire yon priyè lè chatiman Ou te sou yo. 16
Tankou fanm ansent k ap pwoche tan pou akouche;
li vire kò l e li rele anmwey nan doulè ansent lan;
se konsa nou te ye devan Ou, O SENYÈ.
Nou te ansent, nou te vire kò,
men nou pa t bay nesans a plis ke van.
Nou pa t ka akonpli delivrans sou tè a,
ni 17 pitit mond yo pa t tonbe.
Moun 18mouri Ou yo va viv;
kadav pa yo va leve.
Nou menm ki kouche nan pousyè a,
leve e fè kri lajwa,
paske lawouze ou se lawouze solèy leve a,
e latè va bay nesans a lespri ki te pati yo.
Vini, pèp mwen an, antre nan chanm nou
e fèmen pòt nou dèyè nou.
Kache pou yon ti tan jiskaske 19gwo kòlè a fin pase.
Paske gade byen, SENYÈ a prèt pou sòti nan plas Li,
pou pini sila ki rete sou latè yo pou inikite yo.
Konsa, latè va fè parèt tout san vèse li yo,
e li p ap kache mò li yo ankò.
Source notes (19)
- Cross-reference És 60:18
- Cross-reference És 60:11-18
- Cross-reference És 26:12
- Cross-reference És 17:10
- Cross-reference Job 40:11-13
- Cross-reference Job 40:11-13
- Cross-reference És 57:2
- Cross-reference Egz 3:15
- Cross-reference Sòm 63:5-6
- Cross-reference Os 11:7
- Cross-reference És 44:9-18
- Cross-reference És 26:3
- Cross-reference Det 4:28
- Cross-reference És 9:3
- Cross-reference És 37:3
- Cross-reference És 13:8
- Cross-reference Sòm 17:14
- Cross-reference És 25:8
- Cross-reference És 10:5-25
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.