Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ésaïe 23

Pwofesi konsènan Tyr a.

Rele anmwey, O bato a 1Tarsis yo! Paske Tyr detwi e li vin rete san kay, ni pò. Rapò a rive kote yo soti nan peyi Chypre. 2Rete san pale, O moun ki rete nan peyi kot yo; komèsan a Sidon yo k ap travèse lanmè a fin ranplase ou. Sou anpil dlo sereyal a 3Nil la, rekòlt a Rivyè a te mwayen lavi li. Se li ki te mache pou nasyon yo. Rete wont, 4O Sidon; paske lanmè a pale, sitadèl lanmè a, di: “Mwen pa t gen doulè, ni fè pitit; mwen pa t leve jennonm, ni leve vyèj.” Lè rapò a rive an Égypte, y ap twouble anpil akoz rapò Tyr a. Janbe rive 5Tarsis! Rele anmwey, O moun peyi kot yo! Èske sa se gwo vil 6kè kontan nou an, ki te bati soti antikite yo, pye a sila ki te konn pote li jis byen lwen nan vwayaj yo?

Kilès ki te fè plan sila a kont Tyr, ki te konn 7bay tout kouwòn yo, komèsan a sila ki te prens yo, machann a sila ki te gen onè sou tout latè yo? SENYÈ dèzame yo te planifye sa, pou souye ògèy a tout bèlte sa a e imilye 8tout gran sou latè yo. Debòde peyi ou a tankou Rivyè Nil, O fi a Tarsis; nanpwen anyen ki pou anpeche ou ankò. Li fin lonje men l sou lanmè a, Li te fè wayòm yo tranble. SENYÈ a te pase lòd konsènan Canaan pou 9detwi tout fò ranfòse yo. Li fin di: “Ou p ap leve tèt ou wo ankò, O vyèj kraze Sidon an! Leve, travèse 10Chypre; menm la, ou p ap jwenn repo.”

Gade byen, peyi a Kaldeyen yo—sa se pèp ki pa t egziste. Assyrie te dezigne l pou moun dezè—yo te fè leve fò syèj yo, byen wo. Yo te kraze palè li yo, yo te fè l vin yon pil mazi kraze. Rele anmwey, O 11bato a Tarsis yo, paske sitadèl ranfòse nou yo vin detwi! Alò, nan jou sa a, Tyr va vin bliye pandan 12swasann-dizan, tankou jou a yon sèl wa. Nan fen swasann-dizan yo, sa va vin rive Tyr tankou nan chanson a fanm pwostitiye a. Pran ap ou, mache nan vil la, O fanm pwostitiye ki fin bliye. Rale kòd li yo ak ladrès; chante anpil chan pou yo ka sonje ou. Li va vin rive nan 13fen swasann-dizan yo, ke SENYÈ a va vizite Tyr. Apre, li va retounen jwenn salè pwostitiye li yo e li va fè pwostitiye ak tout wayòm sou tout fas latè yo. Sa li reyalize ak salè pwostitiye a, li va 14mete li apa pou SENYÈ a. Li p ap mete li nan depo, ni sere l nan depo, men sa li reyalize a va devni manje ase ak vètman byen chwazi pou sila ki demere nan prezans SENYÈ yo.

Source notes (14)
  1. Cross-reference Jen 10:4
  2. Cross-reference És 47:5
  3. Cross-reference Jos 13:3
  4. Cross-reference Jen 10:15-19
  5. Cross-reference És 23:1
  6. Cross-reference És 22:2
  7. Cross-reference Éz 28:2
  8. Cross-reference És 5:13
  9. Cross-reference És 25:2
  10. Cross-reference És 23:1
  11. Cross-reference És 2:16
  12. Cross-reference Jr 25:11-22
  13. Cross-reference És 23:15
  14. Cross-reference Egz 28:36

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.