Bib Sen An
Ésaïe 24
Gade byen, SENYÈ a 1va devaste tout latè ak gwo destriksyon, boulvèse sifas li e gaye tout moun ki rete ladann. Pèp la menm jan ak prèt la, sèvitè a tankou mèt li, sèvant lan tankou mètrès li, sa k ap achte tankou sa k ap vann, sila k ap fè prè a tankou sila k ap prete a, 2sila ki resevwa kredi a tankou sila k ap bay kredi a. Latè va devaste nèt e vin depouye, paske SENYÈ a te pale pawòl sa a. 3Latè kriye ak doulè e vin fennen nèt. Sila ki egzalte wo sou moun latè yo vin disparèt. Anplis, latè vin plen ak pouriti a moun k ap viv ladann, paske yo te transgrese lalwa yo, vyole règleman yo, e te kraze akò letènèl la. Akoz sa, yon 4malediksyon devore latè a, e sila ki rete ladann yo vin twouve koupab. Konsa, sila ki rete sou latè yo vin brile e se sèl kèk grenn moun ki rete. 5Diven nèf la fèb. Chan rezen an gate. Tout kè kontan yo fè gwo plent. 6Kè kontan a tanbouren yo vin rete, bri a moun k ap fete yo vin sispann. Yo pa bwè diven ak chanson; bwason fò yo vin 7anmè pou sila ki bwè l yo. Vil gwo dezòd la vin kraze nèt. 8Tout kay vin fèmen pou pèsòn pa antre. Gen gwo kriye nan lari a pou afè diven. 9Tout kè kontan vire an gwo tristès. Se dezolasyon ki rete nan vil la e 10pòtay la fin kraze nèt. Paske se 11konsa l ap ye nan mitan latè a pami pèp yo; tankou lè bwa doliv souke fò, tankou sila ki ranmase apre rekòlt rezen an fin fèt yo. 12Yo leve vwa yo; yo kriye ak kè kontan. Yo kriye soti nan lwès akoz majeste SENYÈ a. Pou sa, bay glwa a SENYÈ a nan lès, non SENYÈ a, Bondye Israël la, nan 13peyi kot lanmè yo. Soti nan 14dènye pwent latè, nou tande chan yo: “Glwa a Sila Ki Dwat la,” men mwen di: “Malè a mwen menm! Malè a mwen menm! Elas pou mwen! Moun trèt yo aji an trèt e moun trèt yo aji an trèt anpil.” 15Gwo laperèz, twou fòs ak pèlen vin devan nou menm ki rete sou latè. Konsa, li va rive ke sila ki sove ale lè l tande gwo dega a va vin tonbe nan fòs la, e sila ki rale kò l sòti nan fòs la va pran nan pèlen an; paske 16fenèt anlè yo vin louvri e fondasyon latè yo ap tranble. Latè vin dechire. Latè vin 17fann nèt. Latè souke ak vyolans. Latè woule de bò tankou moun ki anba gwòg. Li pyete tankou vye kay pay. Akoz transgresyon li yo peze lou sou li, li va tonbe nèt 18pou l pa janm leve ankò. Li va rive nan jou sa a ke SENYÈ a va 19pini lame syèl anwo yo ak wa latè sou latè yo. Yo va ranmase ansanm tankou 20prizonye nan yon kacho e yo va fèmen nan prizon. Apre anpil jou, yo va pini. Konsa, 21lalin nan va vin twouble e solèy la va vin wont, paske SENYÈ dèzame yo va renye sou Mòn Sion ak Jérusalem, e laglwa Li va devan ansyen Li yo.
Source notes (21)
- Cross-reference És 2:19
- Cross-reference Lev 25:36-37
- Cross-reference És 33:8
- Cross-reference Jos 23:15
- Cross-reference És 16:10
- Cross-reference És 5:12-14
- Cross-reference És 5:20
- Cross-reference És 23:1
- Cross-reference És 16:10
- Cross-reference És 14:31
- Cross-reference És 17:6
- Cross-reference És 12:6
- Cross-reference És 11:11
- Cross-reference És 11:12
- Cross-reference Jr 48:43
- Cross-reference Jen 7:11
- Cross-reference Nonb 16:31-32
- Cross-reference Dan 11:19
- Cross-reference És 10:12
- Cross-reference És 10:4
- Cross-reference És 13:10
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.