Bib Sen An
Ésaïe 22
Pwofesi konsènan vale a vizyon an.
Sa k pase nou koulye a, ke nou tout monte sou 1twati kay yo? Nou menm ki te plen ak gwo bri, nou menm vil plen ak zen. Mò pa nou yo 2pa t mouri akoz nepe, ni yo pa t mouri nan batay la. 3Tout chèf nou yo te kouri ale ansanm e te kaptire san sèvi ak banza yo. Nou tout ke yo te twouve yo te kaptire ansanm, malgre yo te sove ale rive byen lwen. Akoz sa, mwen di nou: “Tounen zye nou byen lwen m; kite mwen 4kriye byen fò, pa eseye rekonfòte m pou destriksyon a fi a pèp mwen an.”
Paske Senyè BONDYE dèzame yo te fè yon jou panik 5opresyon ak konfizyon nan vale vizyon an, miray ki kraze ak kriye nan mòn lan. Élam te leve fouwo flèch yo, cha yo, sòlda sou pa yo ak chevalye yo; epi 6Kir te dekouvri boukliye a. Vale pi bèl nou yo te vin plen ak cha e chevalye yo te pran pozisyon yo nan pòtay la. Epi li te retire defans Juda. Nan jou sa a, nou te depann de zam a 7kay forè yo. Nou te wè ke brèch nan miray vil a David yo te anpil; epi nou te 8fè koleksyon dlo nan etan dlo pi ba a. Konsa nou te konte kay Jérusalem e nou te detwi kay yo pou ranfòse miray la. Nou te fè yon rezèvwa antre de miray yo pou dlo a 9 ansyen etan dlo a. Men nou pa t depann sou Li ki te fè l, ni ou pa t fè konsiderasyon de Li ki te fè plan an depi tan ansyen nan.
Akoz sa, nan jou ke Senyè BONDYE dèzame yo te rele nou pou kriye ak gwo plenyen yo, pou 10pase razwa nan tèt ak mete twal sak yo. Men olye sa, nou fè gwo fèt ak kè kontan, touye bèf, kòche mouton, manje vyann ak bwè diven: 11“Kite nou fè fèt; paske demen nou va mouri.” Men SENYÈ dèzame yo te revele Li menm nan zòrèy mwen yo: “Anverite, 12nou p ap padone pou krim sa a jiskaske nou mouri”, pale Senyè BONDYE dèzame yo. Se konsa, pale Senyè BONDYE dèzame yo: “Vini, ale kote jeran sila a, kote 13 Schebna ki se chèf an tèt anndan kay wa a. ‘Ki dwa ou gen isit la e se kilès ou gen isit la ki fè w fouye yon tonm pou ou menm isit la?’ Ou menm ki fouye yon tonm sou gran wotè a, ki fouye yon plas repo nan wòch la?” Gade byen, SENYÈ a prèt pou voye ou tèt devan. Li prèt pou sezi ou byen di, epi fè ou woule fè yon bòl pou jete nan yon gwo peyi. La, ou va mouri e la, bèl cha ou yo ap ye; Ou menm ki se wont pou lakay mèt ou a. M ap 14retire ou nan pozisyon ou e m ap rale ou desann soti nan wo plas ou.
Konsa, li va rive nan jou sa a ke Mwen va voye rele sèvitè Mwen an, 15Éliakim, fis a Hilkija a, Mwen va abiye l ak vètman pa w e tache sentiwon pa w, byen tache sou li. Mwen va fè l konfyans pou l pran otorite pa w la e li va vin yon 16papa a sila ki rete Jérusalem yo ak lakay Juda a. Konsa, Mwen va mete 17kle lakay David la sou zepòl li. Lè l ouvri li, pèsòn p ap fèmen l e lè l fèmen l, pèsòn p ap ouvri li. Mwen va kondwi li antre tankou yon 18klou sou yon kote byen solid e li va devni yon twòn glwa pou lakay papa l. Konsa, yo va kloue sou li tout glwa lakay papa l, desandan ak sila k ap vini yo, tout veso pi piti yo, soti nan bòl, jis rive nan bokal. “Nan jou sa a”, deklare SENYÈ dèzame yo: 19“Klou ki kloue nan yon kote solid la, va rache tonbe. Epi chaj ki kenbe sou li a va koupe retire nèt; paske SENYÈ a te pale.”
Source notes (19)
- Cross-reference És 15:3
- Cross-reference Jr 14:18
- Cross-reference És 21:15
- Cross-reference És 15:3
- Cross-reference És 10:6
- Cross-reference II Wa 16:9
- Cross-reference I Wa 7:2
- Cross-reference II Wa 20:20
- Cross-reference II Wa 20:20
- Cross-reference Mi 1:16
- Cross-reference És 56:12
- Cross-reference I Sam 3:14
- Cross-reference II Wa 18:18-37
- Cross-reference Job 40:11-12
- Cross-reference II Wa 18:18
- Cross-reference Jen 45:8
- Cross-reference Rev 3:7
- Cross-reference Esd 9:8
- Cross-reference És 22:23
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.