Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ésaïe 21

Pwofesi konsènan dezè lanmè a.

Kon tanpèt van nan dezè a kontinye ravaje, sa sòti nan dezè a, de yon peyi etonan. Yon vizyon tèlman rèd devwale devan m. 1Moun nan ki trèt la, fè trèt toujou, e sila k ap detwi a, detwi toujou. Monte Élam, fè syèj! Mwen te fè tout plenyen Médie sispann. Pou rezon sa a, 2kwis mwen plen doulè. Gwo lapèn sezi mwen tankou doulè a fanm ansent. Mwen tèlman twouble ke m pa ka tande. Mwen tèlman pè ke m pa ka wè. Panse mwen ap vire tounen. Gwo laperèz plen tèt mwen. Ti limyè aswè a ke m te anvi wè a, koulye a vin 3fè m tranble. Yo 4prepare tab la, yo plase gadyen an, yo manje, yo bwè. Leve, o kapitèn yo, mete lwil sou boukliye yo! Paske konsa SENYÈ a pale avèk mwen: “Ale pozisyone gadyen an; kite li 5bay rapò a sa li wè a. Lè l wè sila ki 6monte cheval yo, chevalye aliye pa de yo, yon lign bourik yo, yon lign chamo yo, kite li veye ak atansyon, veye byen pre.” Gadyen an rele kon yon lyon: 7“O SENYÈ, mwen kanpe tout jou yo san deplase sou wo tou a! Nan lannwit sou pòs gad la! Atansyon! Veye byen! Men yon ekip moun monte, chevalye alinye pa de yo ap vini.” Li te reponn: “Tonbe, Babylone fin tonbe! Tout 8imaj a dye li yo kraze atè.”

O 9moun pa m ke yo fin bat nèt kon sereyal! Sa ke m te tande soti nan SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, sa mwen fè nou konnen. Pwofesi konsènan Edom an.

Gen yon moun ki toujou ap rele m depi nan 10Séir: “Gadyen, kijan nwit lan ap avanse? Gadyen, kijan nwit lan ap avanse?” Gadyen an reponn: “Maten an vin pwoche; men osi anplis, nwit lan. Si ou ta vle fè ankèt, fè ankèt. Retounen ankò.”

Pwofesi konsènan Arabie a.

Fòk nou pase nwit lan nan rakbwa pikan Arabie yo, O karavàn a 11Dedan yo. Pote dlo pou moun swaf yo, O moun ki rete nan peyi 12Théma yo; rankontre ak sila k ap sove ale ak pen an. Paske yo te 13sove ale chape devan nepe yo, devan nepe ki rale yo, banza ki koube a ak presyon batay la. Paske konsa SENYÈ a te di mwen: “Nan yon ane, jan yon anplwaye ta kab konwole li, tout grandè a 14Kédar va fini; epi 15retay sòlda banza yo, mesye pwisan an, fis a Kédar yo, va vin yon tikras; paske SENYÈ a, Bondye Israël la, te pale.”

Source notes (15)
  1. Cross-reference És 24:16
  2. Cross-reference És 13:8
  3. Cross-reference Det 28:67
  4. Cross-reference Jr 51:39-57
  5. Cross-reference II Wa 9:17-20
  6. Cross-reference És 21:9
  7. Cross-reference Ag 2:1
  8. Cross-reference És 46:1
  9. Cross-reference Jr 51:33
  10. Cross-reference Jen 32:3
  11. Cross-reference Jen 10:7
  12. Cross-reference Jen 25:15
  13. Cross-reference És 13:14-15
  14. Cross-reference Sòm 120:5
  15. Cross-reference És 10:19

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.