Bib Sen An
Ésaïe 20
Nan ane ke kòmandan Asiryen an te vini 1Asdod la, lè Sargon, wa Assyrie a, te voye li goumen kont Asdod la pou te pran li, nan lè ke SENYÈ a te pale pa Ésaïe, fis a Amots la, epi te di: “Ale retire 2twal sak la sou kwis ou e retire soulye nan pye ou.” Se konsa li te fè, epi li te ale toutouni, epi pye a tè. Konsa, SENYÈ a te di: “Menm jan tankou sèvitè Mwen an, Ésaïe, te ale toutouni e pye atè pandan twazan kon yon 3sign nan, e kon yon avètisman kont Égypte ak Éthiopie, menm jan, wa a Assyrie va mennen fè sòti kaptif Ejipsyen yo ansanm ak egzile Éthiopie yo 4jenn kon vye, toutouni, e pye atè ak tout do yo dekouvri, pou fè Égypte vin wont. Epi yo va vin dezole e wont akoz Éthiopie, ki te espwa yo, e anplis ak Égypte, fyète yo a. Pou sa, moun ki rete nan peyi bò lanmè sa a, va di nan jou sa a: ‘Gade byen, se konsa espwa nou vin rive! Gade kote nou te kouri ale pou sekou, pou delivre anba men wa a Assyrie a! Epi koulye a, nou menm, 5se kòman nou va chape?’”
Source notes (5)
- Cross-reference I Sam 5:1
- Cross-reference Za 13:4
- Cross-reference És 8:18
- Cross-reference És 47:2-3
- Cross-reference Mat 23:33
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.