Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ésaïe 19

Pwofesi konsènan Égypte la.

“Gade byen, SENYÈ a monte sou yon nwaj rapid pou L rive Égypte. Zidòl Égypte yo va tranble nan prezans Li; 1kè Ejipsyen yo va fann anndan yo. Pou sa, Mwen va eksite Ejipsyen vin kont Ejipsyen. Yo 2chak va goumen kont frè pa yo, e yo chak kont vwazen yo; vil kont vil e wayòm kont wayòm. Konsa, lespri a Ejipsyen yo va vin twouble anndan yo, e Mwen va boulvèse tout plan yo. Konsa, 3yo va vire kote zidòl, fantom a mò yo, sila ki pale ak mò yo ak divinò yo. Anplis, Mwen va livre Ejipsyen yo nan men a yon 4mèt mechan. Yon gran wa pwisan va gouvène sou yo,” deklare Senyè BONDYE dèzame yo. 5

Dlo lanmè yo va vin sèch e rivyè a va vin sèch san dlo. Kanal yo va lage yon movèz odè. Rivyè Égypte yo va vin sèch e san dlo. 6Wozo ak zèb dlo yo va rete pouri. Gwo wozo a bò Rivyè 7Nil la, arebò Nil la ak tout chan ki fin plante akote Nil la va vin sèch, pouse ale, e p ap gen la ankò. 8Moun lapèch yo va plenyen; tout sila ki konn voye yon liy nan Nil la va lamante, e sila ki ouvri filè sou dlo yo va santi gwo pèt. Anplis, sila k ap pwodwi twal len ki fèt ak len swa ak bòs 9twal blan yo va tris nèt. 10Pilye a Égypte yo va kraze nèt; tout anplwaye yo va afilje nan nanm yo.

Prens a 11Tsoan yo pa plis ke moun fou. Konseye a pi saj Farawon yo vin bèt nèt. Kòman nou menm, mesye, nou ka di Farawon: “Mwen se fis a moun saj yo, fis a wa ansyen yo”? Eh byen, kote moun saj ou yo? Souple, kite yo pale ak ou, e kite yo konprann sa ke SENYÈ dèzame yo te 12 planifye pou fè kont Égypte. Prens a Tsoan yo te aji nan foli. Prens a 13Noph yo te byen tronpe. Sila ki ta ang prensipal a pèp li a fin mennen Égypte nan wout egare. SENYÈ a te mele nan li yon lespri ki fè l toudi; 14yo mennen Égypte nan wout egare nan tout sa li fè, tankou moun sou k ap glise tonbe nan vomisman li. P ap gen travay pou Égypte; 15ni pou tèt li, ni pou ke li, branch palmis li, oswa sa ke wozo li yo ka fè. Nan jou sa a, Ejipsyen yo va vin tankou fanm. Yo va tranble nan gwo laperèz akoz 16pase men ke SENYÈ a ap fè pase sou yo. Peyi Juda va devni yon gwo laperèz pou Égypte. Tout moun ki tande non li va gen gwo lakrent li akoz volonte a SENYÈ dèzame yo, ki poze kont yo. Nan jou sa a, senk gwo vil peyi Égypte yo va pale langaj a Kanaraneyen yo, e yo va 17sèmante alyans ak SENYÈ dèzame yo. Youn nan yo va rele Vil Destriksyon an.

Nan jou sa a, va gen yon 18lotèl a SENYÈ a nan mitan peyi Égypte la, e yon pilye a SENYÈ a toupre fwontyè li a. Li va vin fè yon sign ak yon temwen a SENYÈ dèzame yo nan peyi Égypte; paske yo va kriye a SENYÈ a akoz sila k ap oprime moun yo, e Li va voye ba yo yon 19sovè, yon defansè e Li va delivre yo. Konsa SENYÈ a va fè Égypte konnen Li. Konsa, Ejipsyen yo va konnen SENYÈ a nan jou sa a. Yo va anplis adore Li avèk 20sakrifis ak ofrann. Yo va fè yon ve a SENYÈ a, epi yo va akonpli li. SENYÈ a va frape Égypte; frape, men 21geri li. Yo va retounen kote SENYÈ, epi Li va reponn yo e geri yo.

Nan jou sa a, va gen yon gran chemen soti an Égypte pou rive Assyrie. Asiryen yo va antre an Égypte, e Ejipsyen yo an Assyrie. Ejipsyen ak Asiryen yo va 22adore ansanm.

Nan jou sa a, Israël va fè yon twazyèm nan, ansanm ak Égypte ak Assyrie, yon gran benediksyon nan mitan mond lan. Paske SENYÈ dèzame yo ap beni yo e di: “Beni se 23Égypte, pèp Mwen an e Assyrie, zèv men Mwen an, ak Israël, eritaj Mwen an.”

Source notes (23)
  1. Cross-reference Jos 2:11
  2. Cross-reference Jij 7:22
  3. Cross-reference I Kwo 10:13
  4. Cross-reference És 20:4
  5. Cross-reference És 50:2
  6. Cross-reference Job 8:11
  7. Cross-reference És 23:3-10
  8. Cross-reference Éz 47:10
  9. Cross-reference Pwov 7:16
  10. Cross-reference Sòm 11:3
  11. Cross-reference Nonb 13:22
  12. Cross-reference És 14:24
  13. Cross-reference Jr 2:16
  14. Cross-reference És 3:12
  15. Cross-reference És 9:14-15
  16. Cross-reference És 11:15
  17. Cross-reference És 45:23
  18. Cross-reference És 56:7
  19. Cross-reference És 43:3
  20. Cross-reference És 56:7
  21. Cross-reference Det 32:39
  22. Cross-reference És 27:13
  23. Cross-reference És 45:14

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.