Bib Sen An
Ésaïe 16
Voye mouton tribi a bay gouvènè peyi a, soti nan Sela pa wout dezè a, jis rive nan mòn a fi Sion an. Li va rive ke tankou 1zwazo k ap sove ale, oswa k ap gaye sòti nan nich yo, fi Moab yo va parèt kote pou janbe Arnon an. “Bannou konsèy! Fè yon desizyon! Voye lonbraj ou tankou lannwit nan gran lajounen! 2Kache sila ki san abri yo! Pa trayi refijye a! Kite refijye Moab yo rete avè w! Devni yon kote pou yo kache kont destriktè a.” Paske 3opresè yo p ap reyisi. Destriksyon an va sispann. Opresè ap disparèt nèt nan peyi a. Yon twòn va etabli avèk lanmou dous, e yon jij va chita ak fidelite sou li nan tant 4David la. Li va chache jistis e va fè vit pou etabli ladwati. 5
Nou konn tande afè ògèy Moab la, yon ògèy ki depase; afè awogans li an, ògèy li a, ak gwo kòlè li a. Pawòl anfle ògèy li pa anyen. Pou sa, Moab va rele anmwey; tout sila nan Moab yo va plenyen anlè. Ou va plenyen pou 6gato rezen a Kir-Haréseth kon sila konplètman frape yo. Paske chan a Hesbon yo te fennen, ansanm ak chan rezen a 7Sibma yo. Mèt nasyon yo te kraze gwo grap ki te pi chwazi li yo, ki te rive jis Jaezer e te lonje kote dezè yo. Branch li yo te gaye nèt e te menm pase lòtbò lanmè a. Pou sa, Mwen va 8kriye byen fò pou Jaezer, pou chan Sibma a. Mwen va tranpe nou nèt ak dlo k ap sòti nan zye m, O Hesbon ak Élealé, paske sou fwi gran sezon nou yo ak rekòlt nou yo gen gwo lagè. 9Kè kontan ak lajwa sou chan fètil la ale. Nan chan rezen yo tou, p ap genyen chante a, ni gwo kri egzaltasyon yo, ni ouvriye k ap foule diven anba pye li nan peze yo. Mwen te fè kriye sa yo sispann. Pou sa, 10kè mwen sone tankou ap pou Moab ak santiman anndan mwen pou Kir-Haréseth. Konsa, li va rive ke lè Moab prezante tèt li, lè l fin fatige kò l sou 11wo plas li e rive nan sanktyè li a pou fè lapriyè, li p ap reyisi.
Se pawòl sa a ke SENYÈ a te pale avan sa sou Moab. Men koulye a, SENYÈ a pale e di: “Avan twazan fin rive, jan yon 12anplwaye ta konte yo, glwa a Moab la va vin degrade ansanm ak tout gwo kantite pèp li a, e retay li va vin piti e san fòs.”
Source notes (12)
- Cross-reference Pwov 27:8
- Cross-reference I Wa 18:4
- Cross-reference És 9:4
- Cross-reference És 9:7
- Cross-reference Jr 48:29
- Cross-reference I Kwo 16:3
- Cross-reference Nonb 32:38
- Cross-reference Jr 48:32
- Cross-reference És 24:8
- Cross-reference És 24:8
- Cross-reference És 15:2
- Cross-reference Job 7:1
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.