Bib Sen An
Ésaïe 15
Pwofesi konsènan Moab la.
Anverite nan yon sèl nwit, 1Ar-Moab fin devaste e detwi nèt. Nan yon sèl nwit, Kir-Moab fin devaste e detwi nèt. Yo fin monte nan tanp lan ak 2Dibon, menm kote wo plas yo pou kriye. Moab rele anmwey sou Nebo ak Médeba. Razwa fin pase sou tèt tout moun e tout bab fin koupe. Nan lari yo, yo fin abiye ak 3twal sak. Sou twati lakay yo e sou gwo plas yo, tout moun ap rele anmwey e vin fann nèt akoz dlo ki sòti nan zye yo. Anplis, 4Hesbon ak Élealé rele anmwey; vwa yo konn tande jis rive Jahats. Akoz sa, tout mesye ak zam yo kriye fò; nanm yo tranble anndan. Kè m kriye fò pou Moab! Prens li yo sove ale rive jis Tsoar yo, jis Églath-Schelischija yo. Yo monte pant Luchith la pandan y ap kriye nèt; anverite, menm sou wout pou rive Choronaïm nan, y ap leve yon kri anmwey 5pou destriksyon yo. Paske dlo a Nimrin yo abandone. Anverite, zèb la fennen nèt; menm boujon gazon mouri. 6Pa gen anyen ki vèt. Pou sa, 7gwo kantite byen ke yo vin genyen pou mete nan depo, yo pote yo ale sou flèv dlo Arabim nan. Paske kri anmwey la fin kouri ale antoure peyi Moab la. Plenyen li an rive jis Egalïm, e lamantasyon li an jis Beer-Élim. Paske dlo a Dimon yo plen ak san. Anverite Mwen va ogmante mizè sou Dimon, ak yon 8lyon sou sila yo k ap sove ale Moab, menm ankò sou retay yo nan peyi a.
Source notes (8)
- Cross-reference Nonb 21:28
- Cross-reference Jr 48:18-22
- Cross-reference Jon 3:6-8
- Cross-reference Nonb 21:28
- Cross-reference És 59:7
- Cross-reference Jl 1:10-12
- Cross-reference És 30:6
- Cross-reference II Wa 17:25
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.