Bib Sen An
Ésaïe 14
SENYÈ a va ankò gen konpasyon sou Jacob, pou l chwazi Israël ankò e fè yo rete nan pwòp peyi yo. Etranje yo va vin jwenn ak yo e atache yo menm a kay Jacob la. Yo va mennen yo fè yo vini nan plas yo, e lakay Israël va posede yo nan peyi SENYÈ a, kon sèvant ak sèvitè. Konsa, yo va pran sila ki te pran yo kaptif yo, yo va kaptire yo e vin mèt sou sila ki te oprime yo.
Li va rive nan jou lè SENYÈ a 1ba ou rapò sou doulè ou, twoub ou ak redi di nan sila ou te vin esklav la, Ke ou va 2pran chante sa a kont wa Babylone nan epi di: “Gade kijan opresè a vin sispann! Gwo twoub la pa la ankò!” SENYÈ a fin kase baton a mechan an, baton a wa yo 3ki te konn frape pèp la ak gran kolè, ak kou san rete, ki te soumèt nasyon yo ak gwo kòlè ak gwo pèsekisyon san fren. Tout latè gen repo e rete kalm. Yo 4eklate ak chante kè kontan yo. Menm 5bwa siprè yo rejwi sou ou e bwa sèd Liban yo ap di: “Paske ou te bese ou, pa gen moun ki koupe bwa k ap monte kont nou. 6Sejou mò a depi anba, gen kè kontan sou ou, pou l ka rankontre ou lè ou vini. Li leve menm pou ou lespri mò yo, tout chèf sou tout latè yo. Li fè leve tout wa a tout nasyon yo soti nan twòn yo. 7Yo tout va reponn epi mande ou: ‘Ou menm, èske ou vin fèb tankou nou? Èske ou vini tankou nou?’ Tout 8gwo bagay fèt ou ak mizik ap ou yo fin desann rive nan sejou mò yo. Se vè ki fè kabann anba ou e se vè k ap kouvri ou.”
Kòman ou te tonbe soti nan syèl la, O 9zetwal granmmaten an! Ou te koupe ra tè; ou menm ki te detwi tout nasyon yo! Men nan kè ou, ou te di: “Mwen va 10monte jis rive nan syèl la! Mwen va fè leve twòn mwen piwo zetwal Bondye yo! Mwen va chita sou mòn asanble a nan fon nò yo! Mwen va monte piwo nwaj yo! Mwen va fè mwen menm tankou Pi Wo a!” Sepandan, ou 11va pouse desann nan Sejou mò yo, kote fon a gwo fòs la ye a. Sila ki wè ou va fikse zye sou ou. Yo va reflechi sou ou pou di: “Èske se nonm sila a ki te fè tè a tranble a, ki te souke wayòm yo? Ki te fè mond lan tankou yon dezè a, ki te boulvèse gwo vil li yo, ki te 12refize kite prizonye li yo ale lakay yo?”
Tout wa sou latè yo kouche nan glwa yo, yo chak nan pwòp tonbo pa yo. Men ou menm, ou te jete deyò tonbo pa ou a, tankou yon branch rejte, abiye ak sila ki te touye yo, ki te pèse ak nepe yo, ki te desann kote wòch a fòs la tankou yon kadav, 13kraze foule ak pye. Ou p ap reyini ak yo nan antèman, akoz ou te detwi peyi ou a. Ou te touye pèp ou a. Konsa, non 14desandan a malfektè sila yo pa p nonmen jis pou tout tan!
Prepare pou fis li yo yon kote pou masak, akoz 15inikite a papa yo. Konsa pou yo pa leve pran posesyon latè e ranpli sifas mond lan ak gwo vil. “Mwen va leve kont yo”, deklare SENYÈ dèzame yo. “Mwen va koupe retire yo nèt de non Babylone ak desandan yo de 16sila ki fèt ak sila ki gen pou vini yo,” deklare SENYÈ a. “Anplis, M ap fè l tounen yon marekaj pou 17kochon mawon yo. Mwen va bale li ak bale destriksyon an,” deklare SENYÈ dèzame yo.
SENYÈ dèzame yo fin sèmante. Li te di: “Anverite, 18jan ke Mwen te fè plan an, se konsa li va rive! Jan ke M te planifye a, se konsa l ap kanpe! Pou M kraze Assyrie nan peyi Mwen an e pou M foule li sou mòn Mwen yo. Konsa 19jouk li va retire sou yo e gwo chaj li va sòti sou zepòl yo. Sa se 20plan a ki te fòme kont tout tè a. Sa se men ki lonje kont tout nasyon yo. Paske 21SENYÈ dèzame yo te fè yon plan e se kilès ki ka anpeche l? Epi pou men lonje pa l la, se kilès ki ka fè l fè bak?”
Nan 22ane Wa Achaz te mouri an, Pwofesi sa a te fèt:
Pa rejwi, O Peyi Filisten yo, nou tout, akoz baton ki te konn frape ou a fin kase. Soti nan rasin sèpan an, yon vipè va vin parèt, k ap fè kon fwi, yon 23sèpan k ap vole. Premye ne malere a va manje byen, e endijan an va kouche ansekirite. Mwen va detwi rasin pa ou ak 24 gwo grangou, e anplis l ap touye sila ki te chape yo.
Rele anmwey, O pòtay la! Kriye fò, O Gran Vil la! Fann nèt, O Filistia, nou tout! Paske lafimen ap sòti nan 25nò e nanpwen moun k ap fè reta. Lennmi a kwense nou nèt.
Alò, kòman yon moun ka reponn 26mesaje a nasyon yo? Ke se SENYÈ a ki te etabli Sion, e aflije a pèp Li yo va chache sekou nan li.
Source notes (26)
- Cross-reference Esd 9:8-9
- Cross-reference Ag 2:6
- Cross-reference És 10:14
- Cross-reference Sòm 47:1-3
- Cross-reference És 55:12
- Cross-reference És 5:14
- Cross-reference Éz 32:21
- Cross-reference És 5:14
- Cross-reference II Pi 1:19
- Cross-reference Éz 28:2
- Cross-reference Éz 28:8
- Cross-reference És 45:13
- Cross-reference És 5:25
- Cross-reference Job 18:16-19
- Cross-reference Egz 20:5
- Cross-reference Job 18:19
- Cross-reference És 34:11
- Cross-reference Job 23:13
- Cross-reference És 9:4
- Cross-reference És 23:9
- Cross-reference II Kwo 20:6
- Cross-reference II Wa 16:20
- Cross-reference És 30:6
- Cross-reference És 8:21
- Cross-reference Jr 1:14
- Cross-reference És 37:9
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.