Bib Sen An
Ésaïe 13
Pwofesi konsènan 1Babylon ke Ésaïe, fis a Amots la, te wè a.
Leve yon drapo sou 2mòn toutouni an! Leve vwa nou vè yo! Fè sign ak men pou yo ka antre nan pòt a prens yo! Mwen te pase lòd anvè konsakre Mwen yo; menm 3gran gèrye Mwen yo. Mwen te rele sila ki rejwi nan pwisans Mwen yo, pou egzekite kòlè Mwen. Yon 4bri a gwo zen sou mòn yo, tankou bri anpil moun! Yon son a gwo bri nan wayòm yo; son a nasyon yo ki vin rasanble ansanm! SENYÈ dèzame yo ap rasanble lame a pou batay. Yo sòti nan yon peyi byen lwen, soti nan ekstremite pi lwen yo, SENYÈ a avèk zouti a gwo kòlè Li yo, pou 5detwi tout peyi a.
Rele anmwey, paske 6jou SENYÈ a toupre! Li va rive tankou yon destriksyon k ap sòti nan Toupwisan an. Akoz sa, tout men yo va tonbe san fòs e 7kè a tout moun va fann. Y ap vin pè anpil; doulè ak gwo lapèn va sezi yo nèt. Yo va 8vire tòde tankou fanm k ap akouche; youn va gade lòt ak sezisman. Figi yo k ap fè flanm dife. Gade byen, 9jou SENYÈ a ap vini, byen sovaj ak gwo kòlè tèrib; kòlè k ap brile pou fè peyi a dezole! Li va ekstèmine pechè ki sou li yo. Konsa, zetwal syèl yo ak fòmasyon yo p ap bay limyè yo. 10Solèy la va nwa lè l leve e lalin nan p ap bay limyè li. Konsa Mwen va pini mond lan pou mechanste li ak 11mechan yo pou inikite yo. Mwen va mete fen ak awogans moun ògeye e desann awogans a sila ki san pitye a. Mwen va fè lòm mòtèl la vin 12pi ra pase lò san tach, e limanite ke lò Ophir. Pou sa, Mwen va fè syèl yo tranble e latè va fin souke jiskaske li kite plas li nan kòlè a SENYÈ dèzame yo nan 13jou kòlè Li k ap anflame a. Konsa li va rive ke menm tankou yon antilop k ap chase, oswa 14mouton san moun pou rasanble yo, yo chak va vire vè pwòp pèp yo, e yo chak va sove ale rive nan pwòp peyi yo. Nenpòt moun yo rankontre, yo va 15frennen touye nèt, e nenpòt moun ke yo kaptire, va mouri pa nepe. 16Timoun piti pa yo, anplis, va kraze an mòso devan zye yo. Lakay yo va piyaje e madanm yo va vyole.
Gade byen, Mwen va fè Mèdes 17leve kont yo; kont sila ki p ap bay ajan valè yo, ni pran plezi nan lò yo. Banza yo va koupe jennonm yo tankou zèb; yo p ap menm gen konpasyon pou fwi zantray la, ni 18zye yo p ap fè pitye pou timoun. Konsa, Babylone 19bèlte a wayòm yo, glwa ak ògèy a Kaldeyen yo, va tankou lè ke Bondye te boulvèse Sodome ak Gomorrhe a. Li 20p ap janm abite ankò, ni pèsòn p ap viv ladann soti nan yon jenerasyon a yon lòt. Arab la p ap monte tant li la, ni bèje yo p ap fè twoupo yo kouche la. Men se 21bèt sovaj dezè ki va kouche la, e lakay yo va plen jakal. Anplis, otrich va viv la e kabrit mawon k ap vòltije la. Chat mawon va plenyen nan fò ki wo yo, e jakal yo nan bèl 22palè yo. Move lè pa li a va rive ase vit e jou li yo p ap pwolonje.
Source notes (22)
- Cross-reference És 47:1-15
- Cross-reference Jr 51:25
- Cross-reference Jl 3:11
- Cross-reference És 5:30
- Cross-reference És 24:1
- Cross-reference És 2:12
- Cross-reference És 19:1
- Cross-reference És 26:17
- Cross-reference És 13:6
- Cross-reference És 24:23
- Cross-reference És 3:11
- Cross-reference És 4:1
- Cross-reference Lam 1:12
- Cross-reference I Wa 22:17
- Cross-reference És 14:9
- Cross-reference Sòm 137:8-9
- Cross-reference Jr 51:11
- Cross-reference Esd 9:5-10
- Cross-reference Dan 4:30
- Cross-reference És 14:23
- Cross-reference És 34:11-15
- Cross-reference És 25:2
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.