Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ésaïe 12

Nou va di nan jou sa a: “Mwen va bay remèsiman a Ou menm, O SENYÈ; paske 1malgre ou te fache avèk mwen, kòlè Ou vin detounen, e Ou fè m twouve rekonfò. Gade byen, Bondye se delivrans mwen. Mwen va 2fè Li konfyans e mwen pa pè, paske SENYÈ BONDYE a se fòs mwen ak chan mwen; se Sila ki te devni sali mwen an.” Akoz sa, plen ak jwa, nou va 3rale dlo nan sous sali yo. Konsa, nan jou sa a, nou va di: “Bay remèsiman a SENYÈ a! Rele non Li! 4Fè konnen zèv Li yo pami pèp latè yo! Fè yo sonje ke non Li egzalte! 5Louwe SENYÈ a ak chanson yo, paske Li te fè gwo bagay! Kite sa konnen sou tout latè! Fè kri anlè e rele ak jwa, O nou menm ki rete Sion, paske 6gran nan mitan nou se Sila Ki Sen an Israël la!”

Source notes (6)
  1. Cross-reference Sòm 30:5
  2. Cross-reference És 26:3
  3. Cross-reference Jn 4:10
  4. Cross-reference Sòm 145:4
  5. Cross-reference Egz 15:1
  6. Cross-reference És 1:24

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.