Bib Sen An
Ésaïe 11
Yon boujon va vòltije soti nan chouk Jessé a
e yon 1branch ki sòti nan rasin li, va bay anpil fwi. 2
Lespri SENYÈ a va poze sou Li,
lespri a sajès ak bon konprann,
lespri a konsèy ak pwisans lan,
lespri a konesans ak lakrent SENYÈ a.
Li va pran plezi nan lakrent SENYÈ a.
Li p ap jije selon sa ke zye l 3wè,
ni fè yon desizyon pa sa ke zòrèy li tande;
men ak 4ladwati, Li va jije malere yo,
e pran desizyon ak jistis pou aflije sou latè yo.
Li va frape tè a ak baton bouch Li,
e avèk souf lèv Li yo, Li va detwi mechan yo.
Anplis, ladwati va sentiwon an ki antoure ren Li
e fidelite va sentiwon ki pase nan senti Li a. 5
Lou a va demere ak jèn mouton an,
leyopa va kouche ak jèn kabrit la,
jèn bèf la ak jèn lyon an ansanm ak bèf gra a;
epi yon tigason va mennen yo.
Anplis, vach la ak lous la va manje zèb nan patiraj la;
pitit pa yo va kouche ansanm e lyon an va manje zèb tankou bèf la.
Pitit k ap tete, va jwe bò twou koulèv anpwazone a,
e pitit sevre a va mete men l sou kav vipè a.
Yo p ap donmaje ni detwi nan tout mòn sen Mwen an,
paske latè va ranpli ak konesans SENYÈ a,
tankou dlo kouvri lanmè a.
Nan jou sa a, 6nasyon yo va retounen vè rasin a Jessé a, ki va kanpe tankou yon sinyal pou pèp la. Epi plas repo Li a va ranpli ak laglwa.
Li va vin rive nan jou sa a ke SENYÈ a va ranmase yon dezyèm fwa ak men Li, retay a pèp Li a ki rete soti Assyrie 7Égypte, Pathros, Cush, Élam Schinear, ak Hamath ak devan lil lanmè yo. Li va leve yon drapo pou nasyon yo, 8rasanble egzile Israël yo, e Li va rasanble dispèse Juda ki soti nan kat kwen latè yo. 9Jalouzi Éphraïm nan va fini, e sila ki twouble Juda va koupe retire nèt. Éphraïm p ap jalou a Juda e Juda p ap twouble Éphraïm. Yo va 10desann sou pant Filisten yo vè lwès. Ansanm yo va piyaje fis a lès yo. Yo va posede Edom ak Moab e fis a Ammon yo va vin soumèt a yo menm. Konsa, SENYÈ a va detwi lang lanmè Égypte la nèt. Li va pase men L sou 11rivyè a ak van cho a, e Li va frape divize l an sèt flèv pou fè moun kapab travèse li pye sèk. Va gen yon gran chemen k ap sòti depi Assyrie pou retay a pèp Li, menm jan ki te genyen pou Israël 12nan jou ke yo te monte kite peyi Egypte la.
Source notes (12)
- Cross-reference Rev 5:5
- Cross-reference És 42:1
- Cross-reference Jn 2:25
- Cross-reference És 9:7
- Cross-reference És 65:25
- Cross-reference Luc 2:32
- Cross-reference És 19:21-22
- Cross-reference És 56:8
- Cross-reference És 9:21
- Cross-reference Jr 48:40
- Cross-reference És 7:20
- Cross-reference Egz 14:26-29
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.