Bib Sen An
Ésaïe 17
Pwofesi sou Damas.
“Gade byen, Damas prèt pou retire nèt kon vil. Li va tonbe nèt an yon 1gwo pil mazi. Vil 2Aroër yo ap abandone nèt. Y ap sèvi kon plas pou twoupo yo kouche. P ap gen pèsòn pou fè yo pè. 3Vil fòtifye a va disparèt nan Éphraïm e wa Damas la ak retay Syrie. Yo va tankou laglwa a fis Israël yo,” deklare SENYÈ dèzame yo.
Alò, nan jou sa a, 4glwa Jacob la va febli nèt, e grès chè li va vin megri. Li va tankou lè mwasonè sereyal la ap ranmase; lè bra li ap rekòlte tèt sereyal yo. Wi, tankou yon moun k ap ranmase tèt sereyal nan 5vale Rephaïm yo. Sepandan, 6kèk nan mwason an va rete tankou lè yo rekòlte bwa doliv. Y ap jwenn de oswa twa grenn sou branch piwo a, kat oswa senk nan bwa ki donnen pi byen yo, deklare SENYÈ a, Bondye Israël la. Nan jou sa a, lòm va 7gen respè pou Kreyatè li a e zye li va gade vè Sila Ki Sen An Israël la. Yo p ap gade vè lotèl yo, zèv a men li yo, ni yo p ap okipe sa ke dwèt yo te fè; ni 8Asherim yo ni lanp lansan yo. Nan jou sa a, vil ranfòse yo va tankou kote abandone nan forè a; tankou branch ke yo te abandone devan fis Israël yo. Konsa, tè a va dezole. Paske nou te bliye 9Bondye a sali nou an, ni nou pa t sonje wòch ki se sekou nou an. Pou sa, nou plante bèl plant e plase yo pami boujon chan a dye etranje yo. Nan jou ke nou plante l la, nou fè bèl kloti pou li. Nan 10maten, nou fè jèm nan rive fè flè; men rekòlt la ap sove ale nan jou gwo maladi, nan jou doulè san rete a.
Sepandan, gwo zen a anpil nasyon 11ki gwonde tankou anpil dlo yo, e ki fè bri a anpil nasyon k ap kouri desann tankou gwo dlo pwisan! 12Nasyon yo fè gwo bri desann tankou gwonde a anpil dlo, men Li va repwoche yo e yo va kouri rive byen lwen, yo va chase tankou pay sou mòn devan van, oswa toubiyon van an fè avan gwo tanpèt. Nan aswè, gade, gwo laperèz! Avan maten, yo 13disparèt nèt. Se konsa pòsyon a sila k ap ranmase byen nou yo e tiraj osò a sila ki piyaje nou yo.
Source notes (13)
- Cross-reference És 25:2
- Cross-reference Nonb 32:34
- Cross-reference És 7:8-16
- Cross-reference És 10:3
- Cross-reference II Sam 5:18-22
- Cross-reference Det 4:27
- Cross-reference És 10:20
- Cross-reference Egz 34:13
- Cross-reference Sòm 68:19
- Cross-reference Sòm 90:6
- Cross-reference És 5:30
- Cross-reference És 33:3
- Cross-reference II Wa 19:35
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.