Bib Sen An
Osée 8
Mete twonpèt la sou lèv ou!
Yon bagay tankou malfini
vini kont lakay SENYÈ a;
akoz yo te transgrese akò Mwen an,
e fè rebèl kont lalwa Mwen an.
Yo va rele a Mwen menm:
‘Bondye mwen an, nou menm—Israël—Nou konnen Ou.’
Israël te rejte sa ki bon;
lènmi an va kouri dèyè l.
Yo vin plase wa yo, men pa selon Mwen menm.
Yo te chwazi prens yo, men pa selon Mwen menm.
Ak 1ajan ak lò pa yo, yo te fè zidòl pou kont yo,
jis pou yo ta ka koupe retire nèt.
Kite Samarie jete 2jenn bèf li deyò!
Kòlè Mwen ap brile kont yo!
Pou konbyen de tan yo va rete
san kapasite pou pirifye?
Paske, sa sòti menm an Israël!
Se yon ouvriye ki fè l. Li pa Bondye.
Anverite, jenn bèf Samarie a va kraze an mòso.3
Paske 4yo simen van,
e yo rekòlte 5toubiyon.
Israël vin 6vale nèt.
Koulye a, se pami nasyon yo ye;
tankou yon 7veso ki pa bay plezi a okenn moun.
Paske yo te monte 8Assyrie,
kon yon 9bourik mawon pou kont li.
Éphraïm te achte moun pou l ta renmen ak yo.
Malgre yo vann tèt yo pami nasyon yo,
se koulye a, Mwen va ranmase yo.
Yo kòmanse vin 10febli akoz presyon
a 11wa de sa yo ak pwisans.
Akoz Éphraïm te 12miltipliye lotèl pou fè peche yo,
Yo te devni lotèl pou li pou peche yo.
Malgre sa 13Mwen te ekri pou li
règleman san fen de 14Lalwa Mwen yo,
men yo gade yo tankou yon bagay ki dwòl.
Pou sakrifis ofrann Mwen yo,
yo fè sakrifis vyann, e yo manje l.
SENYÈ a pa pran okenn plezi nan yo.
Konsa, Li va 15sonje inikite yo,
e 16pini peche yo.
Yo va retounen an Egypte.
Paske Israël te 17bliye Kreyatè li.
Li te 18bati palè yo.
Konsa, Juda te miltipliye vil fòtifye yo;
men Mwen va voye dife sou vil li yo,
e konsa, li va devore gwo palè li yo.
Source notes (18)
- Cross-reference Os 2:8
- Cross-reference Os 10:5
- Cross-reference Os 13:2
- Cross-reference Pwov 22:8
- Cross-reference És 66:15
- Cross-reference II Wa 17:6
- Cross-reference Jr 22:28
- Cross-reference Os 7:11
- Cross-reference Jr 2:24
- Cross-reference Jr 42:2
- Cross-reference És 10:8
- Cross-reference Os 10:1
- Cross-reference Det 4:6,8
- Cross-reference Os 4:6
- Cross-reference Jr 14:10
- Cross-reference Os 4:9
- Cross-reference Det 32:18
- Cross-reference És 9:9,10
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.