Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Osée 7

Lè M 1ta geri blesi Israël,

inikite a Éphraïm nan vin dekouvri,

ak mechanste a Samarie a tou;

paske yo aji nan 2manti.

Vòlè a antre,

bandi yo atake pa deyò.

Yo pa menm reflechi nan kè yo ke Mwen 3

Sonje tout mechanste yo.

Alò, zak yo ap antoure yo;

yo devan figi Mwen. 4

Ak mechanste yo, yo fè kè wa a kontan,

epi prens yo, ak 5manti yo.

Yo tout se 6adiltè;

yo tankou yon fou

ke bos boulanje sispann chofe,

depi nan lè l ap petri pen an,

jis rive lè pen an fin leve.

Nan jou a wa nou an, prens yo

te fè tèt yo malad ak chalè diven an.

Li te lonje men li ak mokè yo.7

Paske kè yo vin tankou yon 8fou

pandan y ap kouche tann moun.

Fachez yo fè gwo touf lafimen tout lannwit.

Nan maten, li brile tankou yon gwo flanm dife.

Yo tout cho tankou yon fou.

Yo manje 9jij yo.

Tout wa yo fin tonbe. 10

Nanpwen youn pami yo ki rele M.

Éphraïm 11mele li menm ak nasyon yo.

Éphraïm se yon gato ki pa t vire.

Etranje yo devore fòs li,

men li pa wè sa a.

Anplis, cheve blanch yo la sou li,

men li pa konnen.12

Malgre sa 13ògèy Israël la fè temwaye kont li, 14

men yo pa retounen kote SENYÈ a, Bondye yo a.

Ni yo pa chache Li, malgre tout sa.

Konsa, Éphraïm te vin tankou

yon toutrèl egare, 15san bon sans.

Yo rele vè Egypte.

Yo ale 16Assyrie.

Lè yo ale, Mwen va ouvri pèlen Mwen sou yo.

Mwen va desann yo tankou zwazo syèl yo.

Mwen va bay yo chatiman,

jan kongregasyon yo a te tande a.17

Malè a yo menm!

Paske yo te 18gaye kite Mwen!

Destriksyon pou yo menm,

paske yo te fè rebèl kont Mwen!

Mwen 19ta rachte yo,

men yo fè manti kont Mwen. 20

Yo pa t kriye a Mwen menm avèk kè yo,

men yo rele fò sou kabann yo.

Yo rasanble tèt yo pou sereyal ak diven nèf.

Men yo 21vire kite Mwen.

Malgre se Mwen ki enstwi ponyèt yo pou yo ta vin fò,

malgre sa, yo 22fè konplo pou mal kont Mwen.

Yo vire, men pa a Sila ki anwo a.

Yo tankou yon banza k ap twonpe moun.

Prens yo va tonbe devan nepe

akoz 23ensolans a lang yo.

Sa va fèt pou yo ka vin pase nan rizib nan peyi Egypte.

Source notes (23)
  1. Cross-reference Éz 24:13
  2. Cross-reference Os 4:2
  3. Cross-reference Sòm 25:7
  4. Cross-reference Wo 1:32
  5. Cross-reference Os 4:2
  6. Cross-reference Jr 9:2
  7. Cross-reference És 28:1,7
  8. Cross-reference Sòm 21:9
  9. Cross-reference Os 13:10
  10. Cross-reference És 64:7
  11. Cross-reference Sòm 106:35
  12. Cross-reference És 1:7
  13. Cross-reference Os 5:5
  14. Cross-reference És 9:13
  15. Cross-reference Os 4:6,11,14
  16. Cross-reference Os 5:13
  17. Cross-reference Éz 12:13; Lev 26:14-39
  18. Cross-reference Jr 14:10
  19. Cross-reference Jr 51:9
  20. Cross-reference Job 35:9-11
  21. Cross-reference Os 13:16
  22. Cross-reference Na 1:9
  23. Cross-reference Sòm 12:3,4; Éz 23:32

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.