Bib Sen An
Osée 6
Vini, annou retounen kote SENYÈ a;
paske li te 1chire nou,
men Li va geri nou.
Li te blese nou,
men 2Li va panse nou.
Li va 3fè nou vin refè apre de jou;
Nan twazyèm jou a Li va fè nou leve.
Konsa, nou va viv devan Li.
Annou 4rekonèt SENYÈ a;
annou refize lage pou nou ka konnen SENYÈ a. 5
Aparans Li asire tankou solèy
k ap leve granmmaten.
Konsa, Li va vini sou nou tankou lapli,
tankou lapli prentan k ap wouze latè.
Kisa pou M fè ak ou, O Éphraïm?
Kisa pou M fè ak ou, O Juda?
Paske fidelite ou tankou nwaj nan maten,
tankou farinay ki disparèt bonè.
Akoz sa, Mwen te taye yo an mòso ak pwofèt yo;
Mwen te touye yo ak 6pawòl bouch Mwen.
Jijman Ou yo se tankou loray k ap tire.
Paske, Mwen 7 pito mizerikòd 8 olye sakrifis,
epi konesans Bondye a plis ke ofrann brile.
Men 9 yo menm, tankou Adam te 10kraze transgresyon akò a.
La, yo pa t fidèl anvè Mwen.
Galaad se yon vil ki plen ak malfektè,
plen ak tach san.11
Epi tankou bandi k ap tann yon moun;
konsa, yon twoup prèt asasine moun
sou wout pou rive Sichem nan.
Se gwo krim y ap fè.
Nan lakay Israël, Mwen te wè yon 12 move bagay.
Gen pwostitisyon nan Éphraïm.
Israël souye pwòp tèt li.
Ou menm tou, O Juda!
Gen yon 13rekòlt ki deja apwente pou ou menm,
lè Mwen retabli byennèt pèp Mwen an.
Source notes (13)
- Cross-reference Det 32:39
- Cross-reference Jr 30:17
- Cross-reference Sòm 30:5
- Cross-reference És 2:3
- Cross-reference Sòm 19:6
- Cross-reference Jr 23:29
- Cross-reference Mat 9:13
- Cross-reference És 1:11
- Cross-reference Job 31:33
- Cross-reference Os 8:1
- Cross-reference Os 12:11; Os 4:2
- Cross-reference Jr 5:30,31
- Cross-reference Jr 51:33; So 2:7
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.