Bib Sen An
Osée 5
Tande bagay sa a, O prèt yo!
Prete zòrèy ou O lakay Israël!
Koute byen, O lakay wa a!
Paske jijman an se pou ou,
paske ou te yon pèlen nan Mitspa
e yon Filè ouvri sou Thabor.1 2
Rebèl yo 3desann fon nan fè masak;
men Mwen va fè chatiman rive sou Yo tout.
Mwen 4konnen Éphraïm
e Israël pa kache devan M;
paske koulye a, O Éphraïm, ou te jwe pwostitiye.
Israël te souye tèt li.
Zak yo p ap pèmèt ke yo retounen jwenn Bondye yo a,
paske, yon 5lespri pwostitisyon rete anndan yo.
Yo 6pa konnen SENYÈ a.
Anplis, ògèy Israël la temwaye kont li.
Donk, Israël ak Éphraïm va tonbe nan inikite yo.
Anplis, 7Juda va tonbe avèk yo.
Yo va ale avèk bann mouton ak twoupo yo
pou y al chache SENYÈ a,
men yo 8p ap jwenn Li.
Li te 9retire tèt Li kite yo.
Yo te 10aji an trèt kont SENYÈ a,
paske yo te fè pitit ilejitim.
Koulye a nouvèl lin nan
va devore yo menm ak chan yo. 11
“Soufle kòn Guibea a, twonpèt Rama a.
Sone alam Beth-Aven nan: 12
Dèyè ou, Benjamin!
Éphraïm va vin yon kote dezole nan 13jou repwòch la;
Pami tribi Israël yo, Mwen 14deklare sa ki va rive.
Prens a Juda yo te vin tankou sila ki 15deplase Bòn yo;
Sou yo, Mwen va vide tout
chalè kòlè Mwen an tankou dlo.
Éphraïm vin oprime,
Li vin kraze nan jijman an, 16
akoz li te pran desizyon pou swiv zidòl yo.
Akoz sa, mwen vin tankou
yon papiyon twal pou Éphraïm
e tankou pouriti pou lakay Juda.17
“Lè Éphraïm te wè maladi li a,
e Juda, jan li te blese a;
alò, Éphraïm te ale kote Assyrie.
Li te voye kote Wa Jareb.
Men li p ap ka geri w,
ni li p ap ka fè geri maleng ou an.18
Paske, Mwen va tankou yon lyon pou Éphraïm,
e Mwen va tankou yon jenn lyon pou lakay Juda. 19
Mwen menm, Mwen va chire an mòso
e Mwen va ale.
Mwen va pote ale, e 20p ap gen
moun ki pou delivre.
Mwen va ale retounen nan plas Mwen,
jiskaske yo vin 21rekonèt koupabilite yo,
pou chache fas Mwen.
Nan soufrans yo, y ap vin chache Mwen ak tout kè.”
Source notes (21)
- Cross-reference Os 9:8
- Cross-reference Os 9:15
- Cross-reference És 29:15
- Cross-reference Am 3:2
- Cross-reference Os 4:12
- Cross-reference Os 4:6,14
- Cross-reference Éz 23:31-35
- Cross-reference Pwov 1:28
- Cross-reference Éz 8:6
- Cross-reference És 48:8
- Cross-reference Jl 2:1
- Cross-reference Jij 5:14
- Cross-reference És 37:3
- Cross-reference És 46:10
- Cross-reference Det 19:14
- Cross-reference Mi 6:16
- Cross-reference Sòm 39:11
- Cross-reference Os 7:11; Os 10:6
- Cross-reference Sòm 50:22
- Cross-reference Mi 5:8
- Cross-reference És 64:7
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.