Bib Sen An
Osée 4
Koute pawòl SENYÈ a, O fis a Israël yo,
paske SENYÈ a gen yon pwosè kont pèp peyi a:
Anverite, nanpwen fidelite, ni dousè, ni konesans Bondye nan peyi a.1
Gen joure ak madichon, vyole konfyans,
asasine moun, vòlè, fè adiltè.
Yo aji ak vyolans jiskaske yo vèse san,
e vèse san fè san vèse plis.2
Akoz sa, peyi a va 3fè dèy.
Tout moun ki rete ladann ap megri
menm ak tout sa ki viv.
Menm bèt chan yo ak zwazo syèl yo,
epi pwason lanmè yo va mouri.
Malgre sa, pa kite okenn moun pote akizasyon,
ni okenn moun vin repwoche;
paske pèp nou an se tankou sila
ki 4fè kont ak prèt yo.
Konsa, nou va 5glise tonbe nan lajounen
e menm pwofèt la va glise tonbe
avèk nou nan lannwit.
Epi Mwen va detwi manman ou.
Pèp Mwen an detwi akoz mank konesans.
Akoz ou te rejte konesans,
Mwen menm tou, Mwen va rejte ou.
Ou p ap ka fè prèt pou Mwen,
akoz ou te bliye lalwa Bondye.
Konsa, Mwen menm tou,
Mwen ap bliye pitit nou yo.
Plis ke yo te miltipliye,
plis ke yo te peche kont mwen.
Mwen va 6fè glwa yo vin chanje an wont.
Yo manje sou peche a pèp Mwen an,
e yo 7dirije volonte yo vè inikite yo.
Se konsa sa va ye: jan pèp la ye a,
se konsa prèt la ye.
Akoz sa, Mwen va pini yo pou chemen yo,
e Mwen va rekonpanse yo pou zak yo.8
Yo va manje, men yo p ap gen ase.
Yo va 9fè pwostitisyon, men yo p ap ogmante,
akoz yo 10sispann koute SENYÈ a.
Lavi pwostitisyon, 11diven,
ak diven nèf retire bon konprann.
Pèp mwen an 12 mande konsèy
a zidòl ki fèt ak bwa yo.
Paske yon lespri pwostitisyon te egare yo;
yo te enfidèl a Bondye yo a.
Yo ofri sakrifis sou 13tèt mòn yo,
e yo brile lansan sou kolin yo. 14
Anba pye bwadchèn yo,
pye sikrèn ak pye mapou yo;
akoz lonbraj yo dous.
Akoz sa, fi nou yo fè pwostitisyon
e madanm nou yo fè adiltè.
Mwen p ap pini fi nou yo lè yo fè pwostitisyon,
ni madanm nou yo lè yo fè adiltè.
Paske, mesye yo, yo menm,
ale sou kote ak 15pwostitiye yo,
e fè sakrifis yo ak pwostitiye tanp yo.
Konsa, pèp san konprann nan vin detwi nèt.
Malgre sa, ou menm, Israël, ou fè pwostitisyon an,
men ou pa kite Juda vin koupab;
pa monte vè Guilgal,
ni monte nan Beth-Aven,
ni 16sèmante: “Jan Bondye vivan an!”
Paske Israël fè tèt li di,
tankou yon gazèl ak tèt rèd.
Èske SENYÈ a, koulye a, kapab nouri yo
tankou jenn mouton nan yon bèl chan?17
Éphraïm vin jwenn ak 18zidòl yo.
Kite li pou kont li.
Bwason yo vin gen gou si.
Yo jwe pwostitiye tout tan.
Chèf yo vrèman renmen wont yo.19 20
Van an te vlope li nan zèl li yo;
yo va wont akoz sakrifis yo fè.
Source notes (20)
- Cross-reference Os 12:2; És 59:4
- Cross-reference Jen 4:8; Det 5:18
- Cross-reference És 24:4
- Cross-reference Det 14:3,7
- Cross-reference Éz 14:3
- Cross-reference Hab 2:16
- Cross-reference És 56:11
- Cross-reference Os 8:13
- Cross-reference Os 7:4
- Cross-reference Os 9:1
- Cross-reference Pwov 20:1
- Cross-reference És 44:19
- Cross-reference Jr 3:6
- Cross-reference És 1:29
- Cross-reference Det 23:17
- Cross-reference Jr 5:2
- Cross-reference És 5:17
- Cross-reference Os 13:2
- Cross-reference Mi 3:11
- Cross-reference Os 12:1
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.