Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Osée 3

Alò, SENYÈ a te di mwen: “Ale ankò, renmen ak yon fanm ki renmen pa yon lòt, malgre se yon fanm adiltè, menm jan 1ke SENYÈ a renmen fis Israël yo, poutan, yo vire vè lòt dye yo, e yo renmen gato rezen yo.”

Konsa, mwen te 2achte fanm nan pou yon sòm a kenz pyès ajan ak yon omè edmi lòj. Mwen te di li: “Ou va rete avè m pandan anpil jou. Ou p ap fè pwostitisyon, ni ou p ap madanm a yon gason. Epi konsa, mwen va menm jan anvè ou menm.” 3

Paske, fis Israël yo va 4rete pandan anpil jou san wa ni prens, san 5sakrifis, ni pilye sakre, san efòd e san zidòl lakay yo. Apre sa, fis Israël yo va retounen chache SENYÈ Bondye yo a, ak 6David, wa yo a. Yo va vini avèk krentif kote SENYÈ a e kote bonte Li nan dènye jou yo.

Source notes (6)
  1. Cross-reference Jr 3:20
  2. Cross-reference Rt 4:10
  3. Cross-reference Det 21:13
  4. Cross-reference Os 10:3
  5. Cross-reference Dan 9:27
  6. Cross-reference Jr 30:9

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.