Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Osée 9

1

Pa rejwi, O Israël, ak lajwa kon nasyon yo!

Paske ou te 2fè pwostitisyon.

Ou te abandone Bondye ou a.

Ou te renmen salè kòb ki konn

ranmase sou nenpòt glasi vannen.

Glasi vannen an ak pèz diven an 3p ap nouri yo,

e diven nèf la va fè yo vin twonpe.

Yo p ap rete nan peyi SENYÈ a,

men Éphraïm va retounen an 4Égypte,

e yo va manje 5sa ki pa pwòp an Assyrie.

Yo p ap vide ofrann bwason diven a SENYÈ a,

Ni yo p ap fè L plezi.

Sakrifis yo va tankou pen moun ki fè dèy pou mò.

Tout moun ki manje ladann va vin souye,

paske pen pa yo va sèlman pou plen vant yo.

Li p ap antre lakay SENYÈ a.6 7

Kisa ou va fè nan jou fèt apwente a,

ak nan jou a fèt SENYÈ a?

Paske, gade byen, lè yo pran flit devan destriksyon,

Égypte va ranmase yo.

Moph va antere yo.

Se machacha k ap vin pran trezò ajan yo.

Se bwa pikan k ap fè tant yo.

Jou 8pinisyon yo gen tan rive.

Jou 9jijman yo gen tan rive.

Israël va konsidere Pwofèt la kon yon moun fou,

moun ki gen gwo limyè a kon plen ak foli,

akoz inikite ou yo tèlman vin anpil,

e akoz rayisman ou yo vin tèlman gran.

Yon pwofèt veye sou Éphraïm

avèk Bondye mwen an.

Yon pèlen moun pou kapte se nan tout chemen li yo,

e se sèl mepriz li twouve lakay Bondye li a.

Yo antre tèt yo byen 10fon nan koripsyon,

tankou nan jou a Guibea yo.

Li va sonje 11inikite yo.

Li va pini peche yo.

Mwen te twouve Israël

tankou 12rezen yo nan dezè.

Mwen te wè papa zansèt nou yo

tankou 13premye fwi sou pye fig nan premye sezon li.

Men yo te rive kote Baal-Peor;

yo te konsakre tèt yo a gwo wont,

e yo te vin abominab menm jan

ak sila ke yo te renmen an.

Pou Éphraïm 14glwa yo va vole ale kon zwazo.

P ap gen ni nesans, ni ansent, ni konsepsyon.

Malgre yo leve pwòp pitit yo,

Mwen va prive yo de yo,

jiskaske pa gen yon moun ki rete.

Wi, anverite 15malè a yo menm, lè Mwen kite yo!

Mwen wè Éphraïm, jan Mwen te wè Tyr la,

plante nan yon bèl chan;

men Éphraïm va fè parèt ak pitit li yo pou gran masak la.16

Bay yo!—O SENYÈ! Kisa Ou va bay yo?

Bay yo yon ti vant foskouch 17 ak tete sèch.

Tout mechanste yo se nan Guilgal;

Anverite se la Mwen te rayi yo!

Akoz 18mechanste a zak yo,

Mwen va chase yo sòti lakay Mwen.

Mwen p ap renmen yo ankò;

tout prens yo se 19rebèl.

Éphraïm vin frape.

Rasin yo vin sèch.

Yo p ap bay fwi.

Menm si yo ka fè pitit,

Mwen va touye 20fwi byeneme a vant yo a.

Bondye mwen an va jete yo deyò

akoz yo 21pa t koute Li;

epi yo va 22vin vagabon pami nasyon yo.

Source notes (22)
  1. Cross-reference És 22:12,13
  2. Cross-reference Os 4:12
  3. Cross-reference Os 2:9
  4. Cross-reference Os 7:16
  5. Cross-reference Éz 4:13
  6. Cross-reference Jr 6:20; Ag 2:13,14
  7. Cross-reference És 10:3
  8. Cross-reference És 10:3
  9. Cross-reference És 34:8
  10. Cross-reference És 31:6
  11. Cross-reference Os 7:2
  12. Cross-reference Mi 7:1
  13. Cross-reference Jr 24:2
  14. Cross-reference Os 4:7
  15. Cross-reference Det 31:17
  16. Cross-reference Éz 26:1-21
  17. Cross-reference Os 9:11
  18. Cross-reference Os 4:9
  19. Cross-reference És 1:23
  20. Cross-reference Os 8:7; Éz 24:21
  21. Cross-reference Os 4:10
  22. Cross-reference Os 7:13

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.