Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Osée 12

Éphraïm manje sou van,

e kouri dèyè 1van lès la.

Li kontinye ap ogmante nan manti ak vyolans.

Anplis, li fè yon akò ak Assyrie

e lwil vin pote an Égypte.

Plis toujou, SENYÈ a gen yon kont ak Juda

e Li va pini Jacob 2selon chemen li yo.

Li va rekonpanse li selon zak li yo.

Nan vant manman, li te 3kenbe frè l pa talon;

epi lè l fin grandi, li te 4lite ak Bondye.

Wi, li te lite ak zanj lan, e li te enpoze l;

li te kriye e li te 5chache favè li.

Li te jwenn Li Béthel, e se la, Li te pale ak nou.

Menm SENYÈ a, Bondye dèzame yo,

SENYÈ a se 6non Li!

Pou sa, retounen kote Bondye ou a, 7

Swiv ladousè ak lajistis,

e tann Bondye ou a tout tan.

Men yon machann, ak 8fo balans lan nan men l.

Li renmen twonpe moun.

Éphraïm te di: “Anverite, mwen gen tan vin rich.

Mwen te twouve richès mwen pou kont mwen;

Nan tout zèv mwen yo, yo p ap dekouvri 9

okenn inikite, ki ta peche.”

Men Mwen menm, SENYÈ Bondye ou,

depi nan peyi Égypte la, va fè ou 10viv nan tant ankò,

tankou nan jou fèt deziye yo.

Anplis, Mwen te pale ak pwofèt yo

e mwen te miltipliye vizyon yo;

epi selon ministè 11pwofèt yo,

mwen te sèvi 12parabòl.

Èske gen inikite nan Galaad?

Anverite, yo tout san valè.

Nan Guilgal, yo fè sakrifis towo;

wi 13lotèl pa yo tankou pil wòch nan mitan chan.

Alò, Jacob te sove ale nan peyi Aram, 14

Israël te travay pou resevwa yon madanm.

Pou yon madanm, li te fè gadyen mouton.

Epi pa yon 15pwofèt, SENYÈ a

te mennen Israël sòti an Égypte.

Pa yon pwofèt, li te vin prezève.

Éphraïm te pwovoke gwo kòlè amè.

Akoz sa, Senyè li va kite 16san li koule sou li,

e fè 17repwòch li tounen sou li.

Source notes (17)
  1. Cross-reference Jen 41:6
  2. Cross-reference Os 4:1; Os 7:2
  3. Cross-reference Jen 25:26
  4. Cross-reference Jen 32:28
  5. Cross-reference Jen 32:26
  6. Cross-reference Egz 3:15
  7. Cross-reference Os 6:1-3; Mi 6:8
  8. Cross-reference Pwov 11:1
  9. Cross-reference Os 4:8
  10. Cross-reference Lev 23:42
  11. Cross-reference II Wa 17:13
  12. Cross-reference Éz 17:2
  13. Cross-reference Os 8:11
  14. Cross-reference Jen 28:5; Jen 29:20
  15. Cross-reference Egz 14:19-22
  16. Cross-reference Éz 18:10-13
  17. Cross-reference Dan 11:18

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.