Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Osée 13

1

Lè Éphraïm te pale, te gen tranbleman.

Li te leve tèt li wo an Israël;

men ak Baal, li te fè mal, e li te mouri.

Epi koulye a, yo peche plis toujou,

e yo fè pou tèt yo 2imaj fonn an ajan,

menm zidòl yo selon jan yo konprann.

Yo tout se zèv a mèt ouvriye yo ye.

Yo di a yo menm: “Yo ofri sakrifis imen yo, e bo 3ti bèf yo!”

Akoz sa, yo va tankou 4nwaj nan maten an

ak lawouze k ap disparèt bonè,

tankou pay ke van pote ale soti nan glasi vannen,

e tankou 5Lafimen soti nan chemine.

Malgre sa, Mwen se SENYÈ, Bondye ou,

depi nan peyi Égypte la;

epi ou pa pou konnen 6okenn dye

sof ke Mwen;

paske nanpwen sovè 7sof ke Mwen.

Mwen te 8pran swen ou nan dezè a,

nan peyi sechrès la.

Lè yo te vin jwenn patiraj yo, yo te vin satisfè;

yo te vin satisfè e kè yo te vin ògeye.

Konsa, yo te bliye Mwen.9

Akoz sa, Mwen va vin 10tankou yon lyon anvè yo.

Kon yon 11leyopa, Mwen va kouche

an kachèt bò chemen an.

Mwen va rankontre yo 12kon yon lous

ki fenk fin pèdi pitit li,

e mwen va chire lestomak yo nèt.

Sou plas, Mwen va 13devore yo tankou

yon manman lyon,

jan yon bèt sovaj ta chire yo.

Se destriksyon pa w, O Israël!

Akoz ou kont Mwen, kont 14sekou ou.

Kote 15wa ou a koulye a,

pou li ta ka sove ou nan tout vil ou yo?

Ak 16jij ke ou te mande yo: “Ban mwen

yon wa ak prens yo”?

Mwen 17te bay ou yon wa nan kòlè Mwen,

e Mwen te fè l soti nan kòlè Mwen.

Inikite a Éphraïm vin ogmante nèt;

peche li vin 18mete nan depo.

Doulè a yon fanm k ap pouse pitit va vini sou li;

se pa 19 yon fis ki saj, k ap rete nan vant

ki ouvri e k ap tann li soti a.

Mwen va rachte yo soti

anba pouvwa a Sejou mò yo;

mwen va 20rachte yo soti anba lanmò.

O lanmò! Kote pikan ou yo?

O Sejou mò yo! Kote destriksyon ou an?

Repantans va vin kache devan zye M.

Malgre li pote fwi pami frè li yo,

yon 21van nan lès va vini;

van SENYÈ a k ap monte soti nan dezè a.

Sous dlo li va vin sèch,

e fontèn dlo li va seche.

Li va 22 piyaje trezò tout bagay ki gen valè.

Samarie va pote 23koupabilite li,

paske li te 24fè rebèl kont Bondye li a.

Yo va tonbe pa nepe.

Timoun piti yo va vin kraze an mòso,

epi fanm ansent yo va vin dechire nèt.

Source notes (24)
  1. Cross-reference Job 29:21,22
  2. Cross-reference És 46:6
  3. Cross-reference Os 8:5,6
  4. Cross-reference Os 6:4
  5. Cross-reference Sòm 68:2
  6. Cross-reference Egz 20:3
  7. Cross-reference És 43:11
  8. Cross-reference Det 2:7
  9. Cross-reference Os 7:14; Os 2:13
  10. Cross-reference Lam 3:10
  11. Cross-reference Jr 5:6
  12. Cross-reference II Sam 17:8
  13. Cross-reference Sòm 50:22
  14. Cross-reference Det 33:26,29
  15. Cross-reference II Wa 17:4
  16. Cross-reference I Sam 8:5,6
  17. Cross-reference I Sam 8:7
  18. Cross-reference Det 32:34,35
  19. Cross-reference Det 32:6
  20. Cross-reference Sòm 49:15
  21. Cross-reference Jen 41:6
  22. Cross-reference Jr 20:5
  23. Cross-reference Os 10:2
  24. Cross-reference Os 7:14

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.