Bib Sen An
Osée 14
Retounen, O Israël, kote SENYÈ, Bondye ou a.
Paske ou te glise tonbe akoz inikite ou.
Pran avèk ou menm pawòl yo,
pou retounen kote SENYÈ a.
Di Li: 2“Retire tout inikite nou yo,
e resevwa nou ak gras Ou,
pou nou ka bay ofrann bèf yo kon ve a lèv nou.
Assyrie p ap sove nou.
Nou p ap monte sou cheval;
ni nou p ap di ankò a 3
zèv men nou yo: “Ou se dye nou.”
Paske nan Ou, òfelen an twouve mizerikòd.”
“Mwen va 4geri enfidelite yo;
Mwen va 5renmen yo an abondans,
paske kòlè Mwen fin vire lwen yo.
Mwen va tankou 6Lawouze pou Israël;
li va fleri kon flè lis,
e li va anrasine tankou pye sèd a Liban yo.
Boujon li yo va vin pete,
e bèlte li va tankou pye doliv etranje a.
Li va santi bon kon bèl odè Liban an.
Moun yo va rete nan lonbraj li.
Yo va reprann fòs tankou 7sereyal ki jwenn lapli;
yo va fleri tankou pye rezen.
Y ap fè bon odè tankou diven Liban an.
O Éphraïm! Kisa M gen pou fè ankò ak zidòl?
Se Mwen menm ki okipe l;
Mwen tankou yon pye 8siprè byen vèt;
nan 9Mwen, tout fwi ou sòti.” 10
Nenpòt moun ki saj, kite li konprann bagay sa yo;
Sila ki pridan an, kite li konnen yo.
Paske, chemen a SENYÈ yo dwat,
e moun ladwati a va mache ladan yo;
men transgresè yo va glise tonbe nan yo.
Source notes (10)
- Cross-reference Os 6:1
- Cross-reference Mi 7:18,19
- Cross-reference Os 8:6; Os 4:12
- Cross-reference És 57:18
- Cross-reference So 3:17
- Cross-reference Pwov 19:12
- Cross-reference Os 2:21,22
- Cross-reference És 41:19
- Cross-reference Éz 17:23
- Cross-reference Sòm 107:43
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.