Bib Sen An
Osée 11
Lè Israël te yon timoun, Mwen te renmen l;
epi soti nan Égypte, Mwen te rele fis mwen an.1
Plis pwofèt yo te rele yo, plis yo te kouri kite yo.
Yo te kontinye 2fè sakrifis bay Baal yo,
e 3brile lansan bay zidòl yo.
Malgre sa, se te Mwen
ki te montre Éphraïm jan pou l mache.
Nan bra M, Mwen te pran yo;
men yo pa t konnen ke Mwen te geri yo.
Mwen te mennen yo ak kòd a yon nonm,
ak lyann lanmou.
Konsa, 4Mwen te vini pou yo
kon sila ki retire jouk la sòti nan kou yo.
Mwen te bese mete manje devan yo.
Yo p ap retounen nan peyi Égypte,
men Wa Assyrie a va vin wa yo,
akoz yo te 5refize retounen kote Mwen.
Nepe va tonbe kont vil yo,
pou kraze pòtay ak fè fòje yo,
e li va 6fè tout plan yo disparèt.
Pèp Mwen an fè desizyon nèt pou 7vire kite Mwen.
Malgre yo rele yo vè Sila ki Pi Wo a,
anverite, yo p ap egzalte. 8
Kòman Mwen ta kapab lage ou, O Éphraïm?
Kòman Mwen ta kapab kite ou ale, O Israël?
Kòman Mwen ta kapab fè ou tankou Adma?
Kòman Mwen ta kapab aji avèk ou tankou 9Tseboïm?
Kè M vire nèt anndan M;
konpasyon Mwen vin anflame.
Mwen 10p ap egzekite chalè kòlè Mwen;
Mwen p ap detwi Éphraïm ankò.
Paske 11se Bondye Mwen ye, Mwen pa lòm;
Sila Ki Sen nan mitan nou an
e Mwen p ap antre nan kòlè.
Yo va 12mache dèyè SENYÈ a,
Li va gwonde kon yon lyon;
Anverite, Li va gwonde, e fis li yo va vini,
ap 13tranble soti nan lwès.
Yo va vini tranblan tankou zwazo, soti an Égypte,
e kon toutrèl soti nan peyi 14Assyrie;
epi Mwen va plase yo nan kay pa yo, deklare SENYÈ a.
Éphraïm antoure Mwen ak 15manti,
e lakay Israël ak desepsyon.
Men anplis, Juda toujou egare,
kont Bondye, li pa fidèl a Sila Ki Sen an.
Source notes (15)
- Cross-reference Os 2:15
- Cross-reference Os 2:13
- Cross-reference És 65:7
- Cross-reference Lev 26:13; Egz 16:32
- Cross-reference Os 7:16
- Cross-reference Lam 2:9
- Cross-reference Jr 3:6,7
- Cross-reference Os 6:4
- Cross-reference Jen 14:8
- Cross-reference Det 13:17
- Cross-reference Nonb 23:19
- Cross-reference Os 3:5
- Cross-reference És 66:2,5
- Cross-reference És 11:11; Éz 28:25,26
- Cross-reference Os 4:2
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.