Bib Sen An
Jenèz 50
Joseph te tonbe sou figi a papa li. Li te kriye sou li, e li te bo li. Joseph te kòmande sèvitè li yo avèk doktè yo pou anbome kò papa l. Donk, doktè yo te 1anbome Israël. Alò, karant jou te nesesè pou sa, paske se tan sa a li te pran pou anbome. Epi Ejipsyen yo te 2kriye pou li pandan swasanndi jou.
Lè jou doulè pou li yo te fin pase, Joseph te pale a lakay Farawon, e te di: “Si koulye a mwen jwenn favè nan zye nou, souple, pale avèk Farawon, e di: 3Papa m te fè m sèmante e te di: ‘Gade byen, mwen prèt pou mouri. Nan tonm mwen ke m te fouye pou mwen menm nan peyi Canaan an, se la nou va antere mwen.’ Alò, pou sa, kite mwen monte pou antere papa m; epi mwen va retounen.”
Farawon te di: “Ale monte antere papa ou, jan li te fè ou sèmante a.”
Alò, Joseph te monte pou antere papa li, e avèk li te monte tout sèvitè a Farawon yo, ansyen lakay li yo, ak tout ansyen a peyi Égypte yo. Tout lakay Joseph avèk frè li yo, ak lakay papa li te ale. Yo te kite sèlman timoun yo, bann mouton yo ak twoupo yo nan peyi Gosen an. Osi te monte avèk li, cha yo avèk chevalye yo. Epi se te yon gran konpanyen.
Lè yo te vin nan glasi vannen kote Athad la, glasi ki lòtbò Jourdain an, yo te fè 4anpil kriye avèk gwo lamantasyon byen tris. Li te obsève sèt jou lamantasyon pou papa li. Alò, lè abitan nan peyi a, Kananeyen yo te wè lamantasyon sa a nan glasi vannen Athad la, yo te di: “Sa se yon lamantasyon trè di pou Ejipsyen yo.” Pou rezon sa a, yo te rele li Abel-Mitsraïm, ki vle di lòtbò Jourdain an.
Se konsa fis li yo te fè pou li jan li te kòmande yo a; paske fis li yo te pote li nan peyi Canaan an. Yo te antere li nan 5kav kote chan a Macpéla a avan Mamré, ke Abraham te achte ansanm avèk chan an pou yon kote antèman nan men Éphron, Etyen an.
Apre li te antere papa li, Joseph te retounen an Égypte—li menm, frè li yo, ak tout moun ki te monte avèk li pou antere papa li yo.
Lè frè a Joseph yo te wè ke papa yo te mouri, yo te di: 6“Kisa ki va rive si Joseph toujou pote lahèn kont nou, e deside fè vanjans pou sa nou te fè l la?” Epi yo te voye vè Joseph e te di: “Papa ou te pase lòd avan li te mouri. Li te di: ‘Konsa ou va di a Joseph: Souple, mwen mande ou padon pou transgresyon a frè ou yo avèk peche pa yo, paske yo te fè ou tò.’ Koulye a, souple, padone transgresyon sèvitè Bondye a papa ou yo.” Epi Joseph te kriye lè yo te pale avèk li.
Frè li yo anplis, te vin 7tonbe ba devan li, e yo te di: “Gade byen, nou se sèvitè ou.”
Konsa, Joseph te di yo: “Pa pè; èske mwen nan plas Bondye? Pou nou menm, 8nou te anvizaje mal kont mwen, men Bondye te anvizaje sa ki bon pou Li ta kapab fè rive rezilta ke nou wè koulye a devan nou an, pou L ta kapab prezève vi a anpil moun. Pou sa, pa pè. 9Mwen va fè pwovizyon pou nou avèk pitit nou yo.” Li te rekonfòte yo e li te pale avèk tandrès avèk yo.
Alò, Joseph te rete an Égypte, li menm avèk lakay papa li, epi Joseph te viv pandan san-dis ane. Joseph te wè twazyèm jenerasyon nan fis Ephraim yo, e anplis, fis a Makir yo, fis a Manassé a te 10fèt sou jenou a Joseph.
Joseph te di frè li yo: “Mwen prèt pou mouri men Bondye va asireman pran swen nou, e Li 11va fè nou sòti nan peyi sa a vè peyi ke li te pwomèt nan sèman li a Abraham, Isaac, ak Jacob la.” Konsa, Joseph te fè fis Israël yo sèmante. Li te di: “Anverite, Bondye va pwoteje nou, e 12nou va pote zo mwen monte kite isit la.”
Alò, Joseph te mouri nan laj san-dis ane. Li te 13 anbome e yo te plase li nan yon sèkèy an Égypte.
Source notes (13)
- Cross-reference Mat 26:12
- Cross-reference Nonb 20:29
- Cross-reference Jen 47:29-31
- Cross-reference Trav 8:2
- Cross-reference Jen 23:16-20
- Cross-reference Jen 37:28
- Cross-reference Jen 37:8-10
- Cross-reference Jen 37:26-27
- Cross-reference Jen 45:11
- Cross-reference Jen 30:3
- Cross-reference Egz 3:16-17
- Cross-reference Egz 13:19
- Cross-reference Jen 50:2
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.