Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Egzòd 1

Alò sa yo se 1non fis Israël yo ki te vini an Égypte avèk Jacob; yo chak te vini avèk fanmi pa yo: Ruben, Siméon, Lévi, Juda, Isacar, Zabulon, Benjamin, Dan, Nephthali, Gad, ak Aser. Tout moun ki te sòti nan zantray Jacob yo te 2swasann-dis moun, men Joseph te deja an Égypte. 3

Joseph te mouri, ni tout frè li yo avèk tout jenerasyon sila a. Men fis Israël yo 4te pwodwi anpil, yo te vin miltipliye anpil, e yo te vin trè fò, jiskaske peyi a te vin ranpli avèk yo.

Alò yon wa tounèf ki pa te konnen Joseph te vin leve sou Égypte.5 6Li te di a pèp pa li a: “Gade byen, moun a fis Israël yo vin plis, e pi fò ke nou. Vini, annou 7aji avèk sajès avèk yo, sinon yo va miltipliye, e si gen lagè, yo va fè alyans avèk sa ki rayi nou yo, pou goumen kont nou e kite peyi a.”

Konsa, yo te chwazi 8sipèvizè sou yo pou aji di avèk yo pou fè yo travay pi rèd. Yo te bati pou Farawon 9 vil Pithom avèk Ramsès yo pou konsève sereyal. Men plis ke yo t ap aflije yo, 10plis ke yo t ap ogmante, e plis yo t ap grandi.

Konsa Ejipsyen yo te vin gen gwo laperèz pou fis Israël yo. Yo te vin 11fòse fis Israël yo travay di. Yo te fè 12vi yo vin amè avèk travay di nan mòtye avèk brik, e ak tout kalite travay nan chan an. Tout se te kòve ke yo te enpoze byen rèd sou yo.

Alò wa Égypte la te pale avèk fanm saj Ebre yo. Youn nan yo te rele Schiparaavèk, e lòt la yo te rele Pua. Li te di yo: “Lè nou ap ede fanm Ebre yo akouche, e wè yo sou chèz doulè a, si se yon gason, nou va mete l a lanmò; men si se fi, li va viv.”

Men fanm saj yo te 13pè Bondye, yo pa t fè jan wa Égypte la te kòmande yo a, men yo te kite gason yo viv.

Epi wa Égypte la te rele fanm saj yo. Li te di yo: “Poukisa nou te fè bagay sa a, e kite gason yo viv la?”

Fanm saj yo te di a Farawon: “Akoz fanm Ebre yo pa tankou fanm Ejipsyen yo. Yo gen anpil fòs, e yo akouche pitit yo avan ke fanm saj la rive kote yo.”

Alò 14 Bondye te bay gras a fanm saj yo. Konsa, pèp Ebre a te vin miltipliye e te vin trè fò. Akoz fanm saj yo te krent Bondye, Li te 15 bay yo gran fanmi yo. Alò Farawon te kòmande tout pèp li a e te di: “16Chak fis ki ne, nou va jete l nan lariviyè Nil lan, e chak fi nou va kenbe l vivan.”

Source notes (16)
  1. Cross-reference Jen 46:8-27
  2. Cross-reference Jen 46:26-27
  3. Cross-reference Jen 50:26
  4. Cross-reference Det 26:5
  5. Cross-reference Trav 7:18,19
  6. Cross-reference Sòm 105:24,25
  7. Cross-reference Trav 7:19
  8. Cross-reference Jen 13:15
  9. Cross-reference I Wa 9:19
  10. Cross-reference Egz 1:7
  11. Cross-reference Jen 15:13
  12. Cross-reference Egz 2:23
  13. Cross-reference Egz 1:21
  14. Cross-reference Pwov 11:18
  15. Cross-reference I Sam 2:35
  16. Cross-reference Trav 7:19

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.