Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jenèz 49

Epi Jacob te rele fis li yo e te di: “Rasanble nou menm pou m kapab di nou sa k ap rive nou 1nan jou k ap vini yo.

Rasanble nou ansanm e 2tande, fis a Jacob yo.

Koute Israël, papa nou.

Ruben, se ou ki premye ne mwen an;

pouvwa mwen, 3kòmansman nan gwo fòs mwen,

premye nan respè e premye nan fòs.

San kontwòl tankou dlo k ap bouyi, ou p ap genyen premye;

akoz ke ou te 4monte sou kabann papa ou,

epi ou te souye li. Li te monte sou kabann mwen. 5

Siméon avèk Lévi se frè yo ye.

Nepe pa yo se zouti vyolans. 6

Pa kite nanm mwen antre nan konsèy pa yo;

pa kite glwa mwen vin reyini avèk asanble pa yo.

Akoz nan kòlè yo, yo te touye moun,

e nan volonte egoyis pa yo, yo te koupe blese jarèt bèf.

Modi se kòlè yo, paske li fewòs;

epi vanjans yo, paske li te mechan. 7

Mwen va separe yo nan Jacob,

e gaye yo nan Israël.

Juda, frè ou yo va ba ou lwanj;

men ou ap sou kou lènmi ou yo. 8

Fis a papa ou yo va vin bese ba devan ou.

Juda se 9jèn pòtre a yon lyon;

depi nan manje ou, fis mwen, ou gen tan monte.

Li bese kò l, li kouche tankou yon lyon,

e tankou yon lyon, se kilès ki gen kouraj pou fè l leve? 10

Baton gouvènans p ap janm sòti sou Juda,

ni bwa règleman p ap janm antre pye li

jis lè Schilo vini,

e 11a li menm va parèt obeyisans a tout nasyon yo.

Li mare jenn bourik li

ak pi bèl pye rezen an. 12

Li lave vètman li yo nan diven,

ak manto li yo nan san rezen yo.

Zye li fonse wouj akoz diven an,

e dan li blanchi nan lèt la. 13

Zabulon va demere bò lanmè;

li va yon pwotèj pou gwo bato yo.

Lizyè l va ak Sidon.

Issacar se yon bourik gwo fòs

k ap 14kouche ba nan mitan makout bèt.

Lè li te wè ke plas repo sa a te dous,

e tè a te fè l plezi,

li te double zepòl li pou pote chaj yo,

e li te devni yon esklav pou kòve. 15

Dan va jije pèp li kon youn nan tribi Israël yo.

Dan va yon sèpan ki nan wout,

yon koulèv avèk kòn nan chemen

k ap mòde talon cheval la,

pou fè chevalye li tonbe an aryè. 16

Paske delivrans ou m ap tann, o SENYÈ. 17

Pou Gad, piyajè yo va piyaje li,

men li va piyaje vè talon pa yo. 18

Pou Aser, manje li va rich, e li va pwodwi

bagay ki delika e ki wayal. 19

Nephthali se yon bich ki vin lage.

Li donnen bèl pitit. 20

Joseph se yon branch ki donnen fwi;

yon branch avèk fwi toupre yon sous.

Branch li yo kouri sou yon miray.

Achè yo te atake avèk rayisman,

yo te tire sou li e yo te anmède li;

men banza li te rete fèm, e bwa li yo te fò;

depi nan men Toupwisan Jacob la

(depi la se 21Bèje a, 22Wòch Israël la),

Depi nan Bondye a papa ou ki bay ou soutyen an;

Toupwisan an ki beni ou avèk 23

benediksyon anwo nan syèl la,

benediksyon ki sòti nan fon ki anba a,

e benediksyon tete matris ak vant ki te fè ou a.

Benediksyon a papa ou yo gen tan

fin depase sila a zansèt pa m yo jis rive

nan limit 24kolin ki dire pou tout tan yo.

Yo va rete sou tèt a Joseph,

sou kouwòn a tèt ki byen distenge pami frè li yo.

Benjamin se yon lou voras;

nan maten li va devore sa ke li kenbe,

e nan aswè, li va divize piyaj la.”

Tout sa yo se douz tribi Israël yo, e se sa ke papa yo te di yo lè li te beni yo. Li te beni yo, yo chak avèk yon benediksyon ke yo te merite.

Konsa, li te bay yo chaj, e li te di yo: “Mwen prèt pou ranmase vè moun mwen yo. 25Antere mwen avèk zansèt mwen yo nan kav ki nan 26chan Éphron an, Etyen an, nan 27kav ki nan chan Macpéla a, ki avan Mamré nan peyi Canaan an, ke Abraham te achte ansanm avèk chan nan men Éphron, Etyen an pou yon plas antèman.

“La menm yo te antere 28Abraham avèk madanm li 29Sarah, la yo te antere Isaac avèk madanm li Rebecca, e se la mwen te antere Léa; chan an avèk kav ki ladann nan, te achte nan men fis a Heth yo.”

Lè li te fin chaje fis li yo, li te rale pye li anndan kabann nan, li te 30 respire dènye souf li, e li te vin ranmase vè moun li yo.

Source notes (30)
  1. Cross-reference Nonb 24:14
  2. Cross-reference Sòm 34:11
  3. Cross-reference Det 21:17
  4. Cross-reference Jen 35:22
  5. Cross-reference Jen 34:25-30
  6. Cross-reference Sòm 64:2
  7. Cross-reference Jos 19:1-9
  8. Cross-reference Jen 27:29
  9. Cross-reference Éz 19:5-7
  10. Cross-reference Nonb 24:17
  11. Cross-reference Sòm 72:8-11
  12. Cross-reference És 63:2
  13. Cross-reference Det 33:18-19
  14. Cross-reference Jij 5:16
  15. Cross-reference Det 33:22
  16. Cross-reference Egz 15:2
  17. Cross-reference Det 33:20
  18. Cross-reference Det 33:24-25
  19. Cross-reference Det 33:23
  20. Cross-reference Det 33:13-17
  21. Cross-reference Sòm 23:1
  22. Cross-reference És 28:16
  23. Cross-reference Jen 27:28
  24. Cross-reference Det 33:15-16
  25. Cross-reference Jen 47:30
  26. Cross-reference Jen 23:16-20
  27. Cross-reference Jen 23:3-20
  28. Cross-reference Jen 25:9
  29. Cross-reference Jen 23:19
  30. Cross-reference Trav 7:15

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.