Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jenèz 48

Alò, li te rive ke apre bagay sa yo, ke Joseph te vin enfòme: “Gade byen, papa ou malad.” Li te pran de fis li yo, 1Manassé ak Éphraïm avèk li. Epi moun yo te pale a Jacob: “Gade byen, fis ou a, Joseph gen tan vin kote ou.” Konsa, Israël te ranmase fòs li. Li te chita sou kabann nan.

Epi Jacob te di a Joseph: “Bondye Toupwisan an te parèt a mwen nan 2Luz nan peyi Canaan an e Li te beni mwen. Li te di mwen: ‘Gade byen, Mwen va fè nou donnen anpil fwi, e miltipliye anpil. Mwen va fè ou vin yon konpanyen pèp la, e Mwen va bay peyi sa a a desandan aprè ou, kòm 3posesyon k ap dire pou tout tan.’

“Alò, de fis ou yo ki te fèt a ou menm nan peyi Égypte la avan mwen te vin kote ou an Égypte la, se pa m. 4Éphraïm avèk Manassé se pou mwen, menm jan ke 5Ruben avèk Siméon va pou mwen. Men pitit ou yo ki te fèt apre yo, va pou ou. Yo va rele selon non frè pa yo nan eritaj yo. Alò, pou mwen, lè m te retounen nan Paddan, 6Rachel te mouri, nan tristès mwen, nan peyi Canaan an pandan vwayaj la, lè te toujou gen yon distans pou rive nan Ephrata (ki vle di Bethléem).”

Lè Israël 7te wè fis a Joseph yo, li te di: “Kilès moun sa yo ye?”

Joseph te di a papa li: “8Sa yo se fis mwen yo, ke Bondye te ban mwen isit la.” Epi li te di: “Mennen yo isit souple, pou m kapab beni yo.” Alò, 9zye Israël yo te tèlman vin fèb akoz laj ke li pa t kapab wè. Epi Joseph te mennen yo toupre li, li te 10bo yo e li te anbrase yo.

Israël te di a Joseph: “Mwen pa t janm sipoze ke m ta wè figi ou, e gade byen, Bondye kite mwen wè pitit ou yo tou.”

Epi Joseph te mennen yo soti antre jenou li yo, e te 11bese ba avèk figi li jis atè. Joseph te pran yo toude, Ephraïm nan men dwat li vè bò goch Israël, e nan men goch li, Manassé vè bò dwat Israël. Konsa, li te mennen yo toupre li. Men Israël te lonje men dwat li, li te mete li sou Éphraïm, ki te pi jenn nan, e men goch li te sou tèt Manassé, avèk men l kwaze, poutan 12Manassé te premye ne.

Li te beni Joseph, e te di:

“Bondye devan sila zansèt mwen yo,

Abraham avèk Isaac te mache a, 13

Bondye ki te bèje m nan

pandan tout vi m jis rive jounen jodi a, 14

zanj ki te rachte mwen de tout mal la,

beni jènjan sa yo;

epi ke non mwen kapab viv toujou

nan yo, e non a zansèt mwen yo,

Abraham avèk Isaac.

Ke yo kapab grandi vin fè yon

gwo pèp nan mitan mond lan.”

Lè Joseph te vin wè ke papa li te 15poze men dwat li sou tèt Éphraïm, sa te fè l pa kontan. Li te sezi men papa li pou deplase li sou Éphraïm, ale vè tèt Manassé. Joseph te di papa l: “Se pa sa, papa, paske se sila a ki premye ne a. Mete men dwat ou sou tèt li.”

Men papa li te refize. Li te di: “Mwen konnen, fis mwen, mwen konnen. Li osi va devni yon pèp, e li osi va vin gran. Poutan, pi jenn frè li a va pi gran pase li, e 16desandan li yo va devni yon gran pèp a nasyon yo.”

Li te beni yo nan jou sa a, e te di: “Pa nou menm, Israël va eksprime benediksyon li yo e va di: ‘Ke Bondye kapab fè nou tankou Éphraïm ak Manassé!’”

Konsa, Israël te di a Joseph: “Gade byen, mwen prèt pou mouri, men Bondye va avèk ou, e Li va 17mennen ou retounen nan peyi a zansèt ou yo. Mwen bay ou yon pòsyon anplis ke frè ou yo, ke m te pran nan men Amoreyen yo avèk nepe mwen ak banza mwen.”18

Source notes (18)
  1. Cross-reference Jen 41:51-52
  2. Cross-reference Jen 28:19
  3. Cross-reference Jen 17:8
  4. Cross-reference Jen 41:50-52
  5. Cross-reference I Kwo 5:1-2
  6. Cross-reference Jen 35:19
  7. Cross-reference Jen 48:10
  8. Cross-reference Jen 33:5
  9. Cross-reference Jen 27:1
  10. Cross-reference Jen 27:27
  11. Cross-reference Jen 42:6
  12. Cross-reference Jen 41:51-52
  13. Cross-reference Jen 49:24
  14. Cross-reference Jen 22:11-18
  15. Cross-reference Jen 48:14
  16. Cross-reference Jen 28:14
  17. Cross-reference Jen 28:15
  18. Cross-reference Jos 24:32

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.