Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jenèz 44

1

Alò, li te pase lòd a chèf domestik la e te di: “Ranpli sak yo avèk manje, tout sa ke yo kapab pote, e mete kòb a chak moun nan bouch sak li. Plase tas mwen an, tas fèt an ajan an nan bouch sak pi jenn nan, ansanm ak kòb li pou sereyal la.” Epi sa te fèt jan Joseph te mande a.

Depi li te fè klè, mesye yo te voye ale, yo menm avèk bourik yo. Yo te fenk kite vil la, e yo pa t byen lwen lè Joseph te di a chèf domestik li a: “Leve, swiv mesye sa yo. Lè nou rive sou yo, di yo konsa: ‘Poukisa nou rekonpanse mal pou byen? Èske tas sa a se pa sila ke mèt mwen an bwè ladann, e sèvi pou 2divinasyon an? Nou te fè mal lè nou te fè sa.’”

Alò, li te rive sou yo, e li te pale pawòl sa ak yo. Yo te di li: “Poukisa mèt mwen an pale kalite pawòl sila yo? Sa lwen mwen pou m ta fè yon bagay konsa. Gade byen, 3lajan ke nou te twouve nan bouch sak nou yo, nou te pote yo bannou soti nan peyi Canaan. Alò, kijan nou ta ka vòlè lò, oswa lajan lakay mèt la? 4Avèk nenpòt kilès nan sèvitè nou yo ke nou ta twouve l, ke li mouri, e nou osi, nou va devni 5esklav a mèt nou.”

Alò, li te di: “Konsa kite sa fèt tankou pawòl ou; sila avèk kilès li twouve l la, li va devni esklav mwen, e tout rès nan nou va rete inosan.”

Alò, byen prese, chak moun te desann sak li atè, pou te ouvri sak li. Li te fè ankèt, kòmanse avèk pi gran, fini avèk pi jenn nan, e 6tas la te twouve nan sak Benjamin an. Konsa, yo te chire rad yo, e lè chak moun te fin chaje bèt li, yo te retounen 7nan vil la.

Lè Juda avèk frè li yo te vini lakay Joseph, li te toujou la, e 8yo te tonbe atè devan li. Joseph te di yo: “Ki zak sa ke nou te fè la a? Èske nou pa konnen ke yon nonm tankou mwen kapab vrèman pratike divinasyon?”9

Konsa, Juda te di: “Kisa nou kapab di a mèt nou? Kisa nou kapab pale? Kijan nou kapab jistifye pwòp tèt nou? Bondye te twouve inikite nan sèvitè ou yo. Gade byen, nou se esklav a mèt nou, ni nou, men osi sila ki te posede tas nou te twouve a.”

Men li te di yo: “Kite sa byen lwen pou m fè sa. Mesye sou sila nou te twouve tas la, li va esklav mwen. Men pou nou, ale anpè vè papa nou.”

Alò, Juda te pwoche li. Li te di: “O mèt mwen, silvouplè, èske sèvitè ou kapab pale yon mo nan zòrèy a mèt la, e li p ap vin fache avèk sèvitè ou a; paske 10ou menm jan avèk Farawon. 11Mèt mwen an te mande sèvitè li yo, e te di: ‘Èske nou genyen yon papa, oswa yon frè?’ Nou te di a mèt mwen: ‘Nou gen yon papa ki granmoun, ak yon 12timoun li te fè nan vyeyès li. Alò, 13frè li a gen tan mouri, li sèl ki rete kòm pitit a manman l, e papa li renmen li.’

“Konsa, ou te di sèvitè ou yo: 14‘Mennen fè l desann pou m kapab fikse zye m sou li.’

“Men nou te di a mèt nou: ‘Jènjan an pa kapab kite papa l; papa l ta mouri.’

“Malgre sa, ou te di a sèvitè ou yo: 15‘Amwens ke pi jenn nan vin desann avèk nou, nou p ap wè figi m ankò.’

“Se te konsa li te rive ke lè nou te monte vè sèvitè ou, papa m, ke nou te pale li pawòl a mèt nou an. 16Papa nou te di nou: ‘Retounen achte yon ti manje.’ Men nou te di: ‘Nou pa kapab desann. Si pi jenn frè nou an avèk nou, nou va desann. Paske nou pa kapab wè figi a nonm nan ankò, sof ke pi jenn frè nou an avèk nou.’

“Sèvitè ou, papa m, te di nou: ‘Ou konnen ke 17madanm mwen te fè de fis pou mwen. Youn nan yo te sòti kite mwen, e mwen te di: “Asireman li te chire an mòso”, e mwen pa wè li depi lè sa.18 Si ou pran sila a osi de mwen, e si malè rive li, nou va 19mennen cheve tèt blanch sa a anba nan sejou mò yo avèk tristès.’

“Alò, pou sa, lè mwen rive vè sèvitè ou, papa m, e pou jènjan an pa la avèk nou, paske 20lavi li mare ansanm avèk lavi jènjan an, lè li wè ke jènjan an pa avèk nou, l ap mouri. Konsa sèvitè ou yo va 21mennen cheve blanch a sèvitè ou, papa nou anba nan sejou mò yo avèk tristès. Paske sèvitè ou te 22devni yon sekirite pou jènjan a papa m nan, e mwen te di: ‘Si mwen pa fè l retounen a ou menm, alò, kite m pote koupabilite sa a devan papa m pou tout tan.’

“Alò, pou sa, kite sèvitè ou a rete, olye ke jènjan an, kòm yon esklav a mèt mwen. E kite jènjan an monte avèk frè li yo. Paske kijan mwen kapab monte vè papa m si jènjan an pa avè m?—paske mwen pè pou m ta wè malè ki vin pran papa m.”

Source notes (22)
  1. Cross-reference Jen 42:25
  2. Cross-reference Lev 19:26
  3. Cross-reference Jen 43:21
  4. Cross-reference Jen 31:32
  5. Cross-reference Jen 44:16
  6. Cross-reference Jen 44:2
  7. Cross-reference Jen 44:4
  8. Cross-reference Jen 37:7-10
  9. Cross-reference Jen 44:5
  10. Cross-reference Jen 37:7-8
  11. Cross-reference Jen 43:7
  12. Cross-reference Jen 37:3
  13. Cross-reference Jen 37:33
  14. Cross-reference Jen 45:15-20
  15. Cross-reference Jen 43:3-5
  16. Cross-reference Jen 43:2
  17. Cross-reference Jen 46:19
  18. Cross-reference Jen 37:31-35
  19. Cross-reference Jen 42:38
  20. Cross-reference I Sam 18:1
  21. Cross-reference Jen 44:29
  22. Cross-reference Jen 43:9

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.