Bib Sen An
Jenèz 45
Alò, Joseph pa t kapab kontwole emosyon li devan tout moun sa yo ki te kanpe akote li yo. Li te kriye: “Fè tout moun kite mwen.” Konsa pa t gen pèsòn avèk li 1lè Joseph te revele li menm a frè l yo. 2Li te kriye tèlman fò ke Ejipsyen yo te tande l. Menm lakay Farawon te tande l.
Alò, Joseph te di a frè li yo: 3“Mwen se Joseph! Èske papa m toujou vivan?” Men frè l yo pa t kapab reponn li, paske yo te plen de gwo perèz akoz prezans li.
Alò, Joseph te di a frè li yo: “Souple, vin pi pre m.” Epi yo te vin pi pre. Li te di: “Mwen se frè nou, Joseph, ke nou te vann pou ale an Egypte la.4 Alò, pinga nou tris ni fache avèk pwòp tèt nou, akoz ke nou te vann mwen isit la, paske 5Bondye te voye m avan nou pou prezève lavi nou. Paske gwo grangou a te nan peyi sa pou 6dèzane sa yo, e gen senk ane toujou ki p ap gen ni raboure tè ni rekòlt. 7Bondye te voye m devan nou pou prezève yon retay sou latè, e pou kenbe nou vivan pa yon gwo delivrans.
“Alò, pou sa, se pa te nou ki te voye m isit la, men Bondye. Li te fè m yon 8papa pou Farawon, mèt pou tout lakay li, e gouvènè sou tout peyi Égypte la.
“Fè vit, monte vè papa m pou 9di l: ‘Se konsa ke fis ou a, Joseph pale: “Bondye gen tan fè m mèt pou tout Égypte la. Fè vit, vin desann kote mwen, e pa mize.” Nou va viv nan peyi Gosen an, e nou va pre mwen, nou menm avèk pitit nou yo, pitit a pitit nou yo, bann mouton nou yo, avèk twoupo nou yo, ak tout sa ke nou genyen.’” 10 La, mwen va osi fè pwovizyon pou nou, paske toujou ap gen senk ane ak gwo grangou e nou menm avèk lakay nou ak tout sa nou genyen ta kapab vin megri.
Gade byen, zye nou wè, e zye a frè m nan Benjamin wè, ke se pwòp bouch mwen k ap pale ak nou. Koulye a nou gen pou di papa m tout richès mwen gen an Égypte, ak tout sa nou te wè. Nou gen pou prese 11mennen papa m desann isit la.”
Konsa, li te tonbe nan kou a frè l, Benjamin, e li te kriye nan kou li.12 Li te bo tout frè li yo, li te kriye sou yo, e apre frè l yo te pale avèk li.
Alò, lè 13nouvèl la te tande kote lakay Farawon, ke frè Joseph yo te vini, sa te fè Farawon kontan, ni sèvitè li yo. Epi Farawon te di a Joseph: “Pale a frè ou yo, ‘Men sa pou fè; chaje bèt nou pou ale nan peyi Canaan. Pran papa ou avèk fanmi nou yo, e vini kote mwen, 14mwen va bannou pi bon tè an Égypte yo, e nou va manje tout grès tè a.’”
“Koulye a mwen pase lòd: ‘Fè sa: pran 15cha ki sòti an Égypte yo pou pitit nou yo ak madanm nou yo, e mennen papa nou vini. Pa okipe nou de byen nou yo, paske tout sa ki pi bon nan tout peyi Égypte la se pou nou.’”
Alò, fis Israël yo te fè sa. Epi Joseph te bay yo 16cha yo selon kòmann Farawon an, e li te bay yo pwovizyon pou vwayaj la. A yo chak, li te bay echanj abiman, men a Benjamin li te bay twa san pyès an ajan, ak 17senk echanj abiman. A papa li, li te voye kòm swivan: dis bourik chaje avèk pi bon bagay Égypte kab pwodwi, dis bourik femèl chaje avèk sereyal ak pen, ak nouriti pou papa l nan vwayaj la. Konsa, li te voye frè li yo pati, e pandan yo t ap sòti, li te di yo: “Pa goumen nan vwayaj la.”
Alò yo te kite Égypte monte, e yo te vini nan peyi Canaan kote papa yo, Jacob.
Yo te pale li, e yo te di li konsa: “Joseph toujou vivan! Vrèman, li se Gouvènè tout peyi Égypte la!” Men kè Jacob te febli. 18Li pa t kwè yo. Yo te di li tout pawòl ke Joseph te pale yo. Men lè li te wè 19cha yo ke Joseph te voye pou mennen li an, lespri papa yo, Jacob, te remonte.
Alò, Israël te di: “Sa sifi! Fis mwen an, Joseph toujou ap viv. M ap prale wè l avan ke m mouri.”
Source notes (19)
- Cross-reference Trav 7:13
- Cross-reference Jen 45:14,15
- Cross-reference Trav 7:13
- Cross-reference Jen 37:28
- Cross-reference Jen 45:7-8
- Cross-reference Jen 37:2
- Cross-reference Jen 45:5
- Cross-reference Jij 17:10
- Cross-reference Trav 7:14
- Cross-reference Jen 46:28,34
- Cross-reference Trav 7:14
- Cross-reference Jen 45:2
- Cross-reference Trav 7:13
- Cross-reference Jen 27:28
- Cross-reference Jen 45:21-27
- Cross-reference Jen 45:19
- Cross-reference II Wa 5:5; Jen 43:34
- Cross-reference Jen 37:31-35
- Cross-reference Jen 45:19
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.