Bib Sen An
Jenèz 46
Epi Israël te pati avèk tout sa li te genyen. Li te vini 1Beer-Schéba e te ofri sakrifis a Bondye a papa li a, Isaac.
Bondye te pale avèk Israël nan vizyon nan nwit lan. Li te di: 2“Jacob, Jacob.”
Jacob te reponn: “Men mwen isit la.”
Li te di: “Mwen se Bondye, Bondye a papa ou a. Pa pè desann an Égypte, paske mwen va 3fè nou vin yon gran nasyon la. 4Mwen va desann avèk nou an Égypte. Mwen va anplis, an verite, fè nou monte ankò. Epi se men Joseph ki va fèmen zye ou.”
Alò, Jacob te leve kite Beer-Schéba. Fis Israël yo te pote papa yo, Jacob, ak pitit pa yo, ak madanm yo nan 5cha ke Farawon te voye pou pote yo. Yo te pran tout bèt yo avèk tout byen yo, ke yo te vin gen nan peyi Canaan an, e yo 6te vini an Égypte, Jacob avèk tout desandan li yo, ansanm avèk fis li yo, fis a fis li yo, fi li yo avèk fi a fis li yo, ak tout desandan li yo. Li te mennen tout desandan avèk li, ale an Égypte.
Alò, sa yo se 7non a fis a Israël yo, Jacob avèk fis li yo ki te ale an Égypte: Reuben, premye ne a Jacob la.
Fis Reuben yo: Hénoc, Pallu, Hetsron, ak Carmi. 8
Fis Siméon yo: Jemuel, Jamin, Ohad, Jakin avèk Tsochar; e Saul, fis a yon fanm Kananeyèn. 9
Fis a Levi yo: Guerschon, Kehath, ak Merari.
Fis a Juda yo: Er, Onan, Schéla, Pérets, ak Zarach. Men Er avèk Onan te mouri nan peyi Canaan. 10Fis a Pérets yo te Hetsron, avèk Hamul.
Fis a Issacar yo: Tholy, Puva, Job, ak Schimron.
Fis a Zabulon yo: Séred, Élon avèk Jahleel.
Sila yo se fis a Léa yo, ke li te fè pou Jacob nan Paddan-Aram, avèk fis li, Dina; tout fis li yo ak fi li yo te vin monte a trann-twa. 11
Fis a Gad yo: Tsiphjon, Haggi, Schuni, Etsbon, Éri, Arodi avèk Areéli.
Fis Aser yo: Jimna, Jischva, Jischvi, ak Beria; e sè yo, Sérach.
Epi fis Beria yo: Héber avèk Malkiel. Sila yo se fis a Zilpha, sila ke Laban te bay a fi li Léa a; epi li te fè pou Jacob sèz moun sa yo.
Fis a Rachel yo, madanm a Jacob la: Joseph avèk Benjamin.
Alò, a 12Joseph nan peyi Égypte la, te ne Manassé ak Éphraïm, ke Asenath, fi a Poti-Phéra a, prèt On an te fè pou li. 13
Fis a Benjamin yo: Béla, Béker, Aschbel, Guéra, Naaman, Éhi, Rosch, Muppim, Huppim, ak Ard.
Sila yo se fis a Rachel yo, ki te fèt a Jacob; te gen katòz moun antou.
Fis a Dan yo: Huschim.
Fis a Nephtali yo: Jathtseel, Guni, Jetser, ak Schillem.
Sila yo se 14fis a Bilha yo, ke 15Laban te bay a fi li, Rachel, e li te fè sa yo pou Jacob; te gen sèt moun antou. 16
Tout moun ki te pou Jacob yo te vini an Égypte, desandan ki te sòti dirèk sou li menm yo, san kontwole madanm a fis Jacob yo te swasann-sis moun antou.
Fis a Joseph ki te fèt pou li an Égypte yo te de. 17Tout moun lakay Jacob ki te vini an Égypte yo te swasann-dis.
Alò, li te voye Juda devan li vè Joseph, pou montre li chemen an devan l nan 18Gosen, epi yo te vini nan peyi Gosen. Joseph te prepare cha li, li te monte Gosen pou rankontre papa li, Israël. Depi li te parèt devan li, li te tonbe nan kou li e li 19te kriye nan kou li pandan anpil tan.
Konsa Israël te di a Joseph: “Koulye a kite mwen mouri, paske mwen gen tan wè figi ou, ke ou toujou vivan.”
Joseph te di a frè l yo e a lakay papa li: 20“Mwen va monte pou pale ak Farawon, e mwen va di li: ‘Frè m yo avèk lakay papa m, ki te nan peyi Canaan an vin kote mwen. Mesye sa yo se bèje, paske yo te konn okipe bèt. E yo te mennen bann mouton pa yo avèk twoupo pa yo, ak tout sa yo posede.’
“Lè Farawon rele nou e di: 21‘Kisa nou fè kòm metye.’ Nou va di: ‘Sèvitè ou yo ap okipe bèt depi lè nou te jenn jis rive koulye a, ni nou menm, ni papa nou yo,’ pou nou kapab viv nan peyi Gosen; paske tout bèje se yon abominasyon pou Ejipsyen yo.” 22
Source notes (22)
- Cross-reference Jen 21:31
- Cross-reference Jen 22:11
- Cross-reference Egz 1:9
- Cross-reference Jen 28:15
- Cross-reference Jen 45:21
- Cross-reference Det 26:5
- Cross-reference Egz 1:1-4
- Cross-reference Egz 6:15
- Cross-reference I Kwo 6:1
- Cross-reference Jen 38:3,4,5; I Kwo 2:5
- Cross-reference Nonb 26:15-18
- Cross-reference Jen 41:50-52
- Cross-reference I Kwo 7:6
- Cross-reference Jen 30:5-7
- Cross-reference Jen 29:29
- Cross-reference Egz 1:5
- Cross-reference Det 10:22
- Cross-reference Jen 45:10
- Cross-reference Jen 45:14-15
- Cross-reference Jen 47:1
- Cross-reference Jen 47:2-3
- Cross-reference Jen 13:7-8; Jen 45:10-18
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.