Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jenèz 43

1

Alò, gwo grangou a te rèd nan tout peyi a. Epi li te vin rive ke lè yo te fin manje sereyal ke yo te achte an Égypte la, papa yo te di yo: “Ale retounen, achte yon ti manje.”

Men Juda te pale avèk li. Li te di: “2Nonm nan te menase nou ke: ‘Nou p ap wè figi m sof ke frè nou an avèk nou.’ Si ou voye frè nou an avèk nou, nou va desann achte manje. Men si ou pa voye li, nou p ap desann. Paske nonm nan te di nou: ‘Nou p ap wè figi m sof ke frè nou an avèk nou.’”

Alò, Israël te di: “Poukisa ou maltrete m konsa, pou nou te di mesye a ke nou te gen yon lòt frè toujou?”

Men yo te di: “Mesye a te kesyone nou byen dirèk konsènan moun nan fanmi nou. Li te mande: ‘3Èske papa nou toujou vivan? Èske nou gen yon lòt frè?’ Alò, nou te reponn kesyon li. Èske nou ta ka konnen ke li ta di: ‘Mennen frè nou an desann?’”

Juda te di a papa li, Israël: “Voye jènjan an avèk mwen. Nou va leve ale, pou nou kapab viv e pa mouri, nou menm, ansanm ak ou, ak pitit ou yo. 4Mwen menm, mwen va garanti pou li. Ou kapab mete m responsab li. Si mwen pa mennen l tounen bò kote ou, pou m fè l chita devan ou, alò, ke mwen rete koupab devan ou pou tout tan. Paske si nou pa t mize, asireman kounye a nou ta gen tan retounen de fwa deja.”

Alò, papa yo, Israël te di yo: “Si sa oblije fèt, alò, fè l konsa: Pran kèk nan pi bèl pwodwi peyi a nan sak nou, pou pote desann vè nonm nan kòm kado; yon ti 5 lwil, yon ti siwo myèl, yon ti gòm santi bon, myrr, grenn pistach fen avèk grenn zanmann. Pran doub lajan nan men nou, e anplis, pran pou remèt nan men nou 6kòb ki te retounen nan bouch sak la. Petèt se te yon erè. Pran frè nou an tou, e leve retounen vè mesye a. Konsa, ke Bondye Toupwisan an kapab bannou gras nan zye mesye a, pou li kab lage bannou 7lòt frè nou an avèk Benjamin. Epi pou mwen, 8si mwen pèdi pitit mwen yo, mwen pèdi nèt.”

Alò, mesye yo te pran 9kado sila yo, e yo te pran doub lajan nan men yo avèk Benjamin. Konsa, yo te leve desann an Égypte, e yo te kanpe devan Joseph. Lè Joseph te wè Benjamin avèk yo, li te di a 10chèf domestik lakay li a, “Mennen mesye yo nan kay la, touye yon bèt, e fè prepare l; paske mesye sa yo ap vin manje avèk mwen a midi a.”

Alò, nonm nan te fè sa ke Joseph te mande a, e li te mennen mesye yo lakay Joseph. Alò, mesye yo te byen pè, paske yo te mennen yo lakay Joseph. Konsa, yo te di: “Se akoz lajan ki te remèt nan sak yo premye fwa a, ke yo ap mennen nou la a, pou li kapab chache okazyon kont nou, pou tonbe sou nou, e pran nou kòm esklav avèk bourik nou yo.”

Pou sa a, yo te vin pwoche chèf domestik la. Yo te pale ak li nan antre kay la, e yo te di: “O mèt mwen, vrèman nou te desann premye fwa a pou achte manje, men sa te fè ke lè nou rive nan lojman nou, pou louvri sak nou, konsa, nou jwenn 11kòb chak moun nan bouch sak li! Tout kòb nou nèt! Konsa, nou te retounen pote li nan men nou. Nou te pote osi, lajan anplis nan men nou pou achte manje. Nou pa konnen kilès ki te mete kòb nou yo nan sak nou yo.”

Li te di: “Rete anpè, nou pa bezwen pè. Bondye pa nou an e Bondye papa nou an te bannou trezò nan sak nou yo. Mwen te resevwa kòb nou an.” Epi 12li te mennen Siméon deyò bay yo.

Epi nonm nan te mennen mesye yo antre lakay Joseph. Li te 13bay yo dlo, e yo te lave pye pa yo. Li te bay bourik yo manje. Konsa, yo te prepare 14kado yo pou lè Joseph ta vin parèt a midi, paske yo te tande ke yo te gen pou manje la.

Lè Joseph te rive lakay li, yo te pote kado ki te nan men yo bò kote li nan kay la, e yo te 15bese atè devan li. Li te mande yo si tout bagay ale byen. Li te di: “16Èske granmoun sou sila nou te pale m nan toujou vivan?”

Yo te di: “Sèvitè ou a, papa nou toujou byen; li toujou vivan.” 17Yo te bese ba pou bay respè.

Lè li te leve zye li, li te wè frè li, Benjamin, fis a manman l lan, e li te di: “Èske se sila a ki 18pi jenn frè nou ke nou te pale m nan?” Konsa, li te di: “Ke Bondye kapab fè ou gras, fis mwen.” Konsa, Joseph te fè vit ale deyò, paske 19li te tèlman touche byen fon pa prezans frè li yo, e li te chache yon kote pou l ta kab kriye. Li te antre nan chanm li an, e li te kriye la.

Alò, li te lave figi li, e li te vin parèt deyò. Li te 20kontwole tèt li, e te di: “Sèvi manje a.”

Epi yo te sèvi Joseph nan yon kote pou kont li, e lòt Ejipsyen yo pou kont yo, paske yon Ejipsyen pa t kapab manje avèk yon Ebre. Paske sa se yon abominasyon pou Ejipsyen yo. 21

Alò, yo te chita devan li, 22premye ne a, selon dwa nesans li, pi jenn nan selon jennès li, e mesye yo t ap gade youn lòt byen etone. Li te pran pòsyon manje pa yo sòti nan pwòp tab li, 23men pòsyon Benjamin an te senk fwa plis ke tout lòt yo. Epi yo te manje e bwè, e fè kè kontan avèk li.

Source notes (23)
  1. Cross-reference Jen 12:10
  2. Cross-reference Jen 43:5
  3. Cross-reference Jen 42:13
  4. Cross-reference Jen 42:37
  5. Cross-reference Jen 37:25
  6. Cross-reference Jen 42:25-35
  7. Cross-reference Jen 42:24
  8. Cross-reference Jen 42:36
  9. Cross-reference Jen 43:11
  10. Cross-reference Jen 44:1
  11. Cross-reference Jen 42:27-35
  12. Cross-reference Jen 42:24
  13. Cross-reference Jen 18:4
  14. Cross-reference Jen 43:11-15
  15. Cross-reference Jen 37:7-10
  16. Cross-reference Jen 43:7
  17. Cross-reference Jen 37:7-10
  18. Cross-reference Jen 42:13
  19. Cross-reference I Wa 3:26
  20. Cross-reference Jen 45:1
  21. Cross-reference Jen 46:34
  22. Cross-reference Jen 42:7
  23. Cross-reference Jen 25:34

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.