Bib Sen An
Jenèz 42
Alò, 1Jacob te wè ke te gen sereyal an Égypte, e Jacob te di fis li yo: “Poukisa nou ap gade youn sou lòt konsa?” Li te di: “Mwen tande gen sereyal an Égypte. Desann la pou achte kèk pou nou nan kote sa, 2pou nou kapab viv, e pa mouri.”
Alò, dis frè Joseph yo te desann pou achte sereyal an Égypte. Men Jacob pa t voye frè Joseph la, 3Benjamin avèk lòt frè li yo, paske li te di: “Mwen pè pou yon mal ta kab rive li.” Alò, fis Israël yo te vini pou achte sereyal pami sila ki t ap vini yo, 4paske gwo grangou a te nan peyi Canaan an tou.
Alò, 5Joseph te an pouvwa nan peyi a. Se te li menm ki te vann a tout pèp nan peyi a. Epi frè a Joseph yo te vin 6bese ba devan li avèk figi yo atè. Lè Joseph te wè frè li yo, li te rekonèt yo, men li te kache idantite li devan yo, e li te 7pale rèd avèk yo. Li te di yo: “Kote nou sòti?” Epi yo te di: “Nan peyi Canaan, pou achte manje.”
Men Joseph te rekonèt frè l yo, malgre yo pa t rekonèt li.8 Joseph te 9sonje rèv ke li te gen sou yo a, e li te di yo: “Se espyon nou ye! Nou te vin chache konnen pwen fèb nan defans peyi nou an.”
Alò, yo te di li: “Non, 10mèt mwen, men sèvitè ou yo te vin achte manje.” “Nou tout se fis a yon sèl mesye. Nou se 11moun onèt, sèvitè ou, e nou pa espyon.”
Malgre sa li te di yo: “Non, men nou te vin gade pwen fèb nan defans peyi nou an.”
Men yo te reponn li: “Sèvitè ou yo se douz frè antou, fis a yon sèl mesye nan peyi Canaan; e gade byen, pi jenn nan avèk papa nou jodi a, e 12youn pa la ankò.”
Joseph te di yo: “Se tankou mwen te di nou, se espyon nou ye. Men se konsa nou va pase a leprèv. 13Pa lavi Farawon, nou p ap sòti nan plas sa a amwenske pi jenn nan vin parèt isit la! Voye youn nan nou ale pou li kapab chache frè nou an, pandan n ap rete anprizone, pou pawòl nou yo kapab pase a leprèv, si gen 14verite nan nou. Men si non, pa lavi Farawon, vrèman nou se espyon.” Konsa, li te mete yo nan 15prizon pou twa jou.
Alò, Joseph te di yo nan twazyèm jou a: “Fè sa pou viv, paske 16mwen krent Bondye: Si nou se moun onèt, kite youn nan frè nou yo rete anprizone nan prizon nou an; men pou nou lòt yo, ale pote sereyal pou grangou ki lakay nou yo. Men 17mennen pi jenn frè nou an bò kote m, pou pawòl nou yo kapab verifye, e pou nou pa mouri.” Epi konsa, yo te fè.
Yo te di youn a lòt: “18Vrèman, nou koupab nan zafè frè nou an, akoz nou te wè jan nanm li te twouble lè li te plede avèk nou, men nou te refize tande. Pou sa, kriz sila a vin rive sou nou.”
Reuben te reponn yo, e te di: “Èske mwen pa t di nou: ‘Pa peche kont tigason an;’ men nou te refize tande? Konsa, fwi san li an vin parèt.” 19 Men yo pa t konnen ke Joseph te konprann, paske te gen yon entèprèt antre yo. Konsa, li te vire lwen yo e li te 20kriye. Men lè li te retounen vè yo, li te pale avèk yo. Li te pran Siméon nan mitan yo, e li te mare li devan zye yo. 21
Konsa, Joseph te bay lòd pou plen sak yo avèk sereyal, remèt lajan a chak moun nan sak li, e bay yo pwovizyon pou vwayaj la. Epi se konsa sa te fèt pou yo. Alò, yo te chaje bourik pa yo avèk sereyal yo, e yo te soti la.
Pandan youn nan yo t ap ouvri sak li pou bay bèt la manje, li te wè 22lajan pa li a. Gade byen, se la li te ye, nan bouch sak la. Epi li te di a frè l yo: “Lajan mwen an remèt wi! E gade byen, li la menm nan sak mwen an!” Konsa kè yo plonje desann. Yo te vire, tou ap tranble, youn ak lòt, e te di: “Kisa Bondye gen tan fè nou la a?”
Lè yo te rive kote papa yo Jacob, nan peyi Canaan an, yo te di li tout sa ki te rive yo. Konsa yo te di: “Mesye a, mèt peyi a, te 23pale byen di avèk nou. Li te panse nou te espyon nan peyi a. Men nou te di li: ‘Nou se 24moun onèt. Se pa espyon nou ye. Nou se douz frè, fis a papa nou. Youn nan nou pa viv ankò, e pi jenn nan avèk papa nou jodi a nan peyi Canaan.’
“Epi nonm nan, mèt peyi a, te di nou: 25‘Pa sa mwen va konnen ke nou se moun onèt: kite youn nan frè nou yo avè m, pran sereyal la pou pwoblèm grangou lakay nou yo, e ale. Men mennen pi jenn frè nou an kote mwen pou m ka konnen ke nou pa espyon, men ke nou se moun onèt. Mwen va bay ou frè nou a, e w ap kapab 26fè komès nan peyi a.’”
Alò, li te rive ke lè yo t ap vide sak yo, ke gade byen, 27bous lajan chak moun te nan sak li. Lè yo menm avèk papa yo te wè lajan an, yo te sezi. Papa yo, Jacob te di yo: “Nou fin 28fè m pèdi pitit mwen yo! Joseph pa la ankò, Siméon pa la ankò, e nou ta vle pran Benjamin. Tout bagay sa yo kont mwen.”
Alò, Reuben te pale avèk papa l. Li te di: “Ou kapab mete de gason mwen yo a lanmò si mwen pa mennen li retounen kote ou. Mete li sou kont mwen, e mwen va fè l retounen kote ou.”
Men Jacob te di: “Fis mwen an p ap desann avèk nou. Paske 29frè li a mouri, e se li sèl ki rete. Si malè ta rive li nan vwayaj ke nou ap fè a, alò, nou va mennen tèt cheve blanch sa a vè sejou mò yo avèk tristès.”
Source notes (29)
- Cross-reference Trav 7:12
- Cross-reference Jen 43:8
- Cross-reference Jen 35:18-24
- Cross-reference Jen 12:10
- Cross-reference Jen 41:41-55
- Cross-reference És 60:14
- Cross-reference Jen 42:30
- Cross-reference Jen 37:2
- Cross-reference Jen 37:6-9
- Cross-reference Jen 37:8
- Cross-reference Jen 42:16-34
- Cross-reference Jen 37:33
- Cross-reference I Sam 17:55
- Cross-reference Jen 42:11
- Cross-reference Jen 40:4-7
- Cross-reference Jen 39:9
- Cross-reference Jen 42:34
- Cross-reference Jen 37:26-28
- Cross-reference Jen 37:21,22
- Cross-reference Jen 43:30
- Cross-reference Wo 12:17-21
- Cross-reference Jen 43:21-22
- Cross-reference Jen 42:7
- Cross-reference Jen 42:11
- Cross-reference Jen 42:19-20
- Cross-reference Jen 34:10
- Cross-reference Jen 43:12-21
- Cross-reference Jen 43:14
- Cross-reference Jen 37:33-34
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.