Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jenèz 28

Alò, Isaac te rele Jacob, li te beni li, li te kòmande li, e li te di: “1Ou p ap pran yon fanm nan fi Canaan yo.” “Leve ale Paddan-Aram, lakay 2Bethuel, papa a manman ou. De la, pran yon madanm pami fi a Laban yo, frè manman ou an.

“Ke Bondye Toupwisan an kapab beni ou, bay ou anpil fwi, e fè ou miltipliye pou yo kapab devni yon gran fòs kantite moun. Ke li kapab osi bay ou 3benediksyon Abraham nan, pou ou menm, ak pou desandan ou yo osi, ke ou kapab posede peyi kote w ap demere a, ke Bondye te bay a Abraham nan.”

Alò, 4Isaac te voye Jacob ale. Li te ale Paddan-Aram a Laban, fis a Bethuel la, Arameyen an, frè Rebecca, manman a Jacob ak Ésaü.

Epi Ésaü te wè ke Isaac te beni Jacob e te voye li ale Paddan-Aram pou pran pou li menm yon madanm, e ke lè li te beni li, li te bay li lòd, e te di: “5Ou pa pou pran yon madanm nan fi a Canaan yo,” epi ke Jacob te obeyi papa li, ak manman li, li te ale Paddan-Aram.

Konsa Ésaü te wè ke 6fi Canaan yo pa t plè papa li Isaac. Konsa, Ésaü te ale kote Ismaël, e li te marye, 7 anplis ke madanm yo li te gen deja, Mahalath, fi Ismaël la, fis Abraham nan, sè Nebajoth la.

Konsa, Jacob te kite 8Beer-Schéba e te ale vè 9Charan. Li te vini nan yon 10sèten kote pou te pase nwit lan la, akoz solèy la te gen tan fin kouche. Li te pran youn nan wòch yo, li te mete l anba tèt li, e li te kouche la nan plas sila a.

Li te fè yon rèv, e li te gade yon nechèl yo te mete sou latè, tèt li te rive nan syèl la. Epi gade, zanj Bondye yo t ap monte desann sou li. Epi, gade byen, SENYÈ a te kanpe anwo li. Li te di: “Mwen se SENYÈ a, 11Bondye papa Abraham nan ak Bondye Isaac la. Tè sa kote ou kouche a, Mwen va bay ou li pou ou menm ak 12desandan ou yo. Desandan ou yo va tankou pousyè latè, e ou va gaye 13nan lwès, nan lès, nan nò, ak nan sid. Konsa, nan ou avèk desandan ou yo, tout fanmi sou latè yo va beni.

“Gade byen, Mwen avèk ou. Mwen va kenbe ou nenpòt kote ou ale, e Mwen 14va fè ou retounen nan peyi sa a. Paske Mwen p ap kite ou jiskaske Mwen fin fè tout sa ke M te pwomèt nou an.”

Alò, Jacob te 15leve nan dòmi an, e li te di: “Anverite SENYÈ a nan plas sila a, e mwen pa t konnen.” Li te pè, e li te di: “Alò, 16A la etonan plas sa a etonan! Sila a pa lòt ke lakay Bondye, e sa se pòtay Syèl la.”

Konsa, Jacob te leve bonè nan maten. Li te pran 17wòch ke li te plase anba tèt li a, e li te etabli li tankou yon pilye. Li te vide lwil sou tèt pilye a. Li te rele plas sa a 18Béthel, men oparavan non a vil sa a se te 19Luz.

Epi Jacob te fè yon sèman. Li te di: “20Si Bondye ale avèk mwen, si Li va kenbe mwen nan vwayaj sila ke m ap fè a, e Li va ban mwen 21manje pou m manje, ak rad pou m mete, pou m ka retounen lakay papa m anpè, 22pou SENYÈ a va Bondye pa m, alò, wòch sila a, ke m etabli tankou pilye a, va devni Lakay Bondye. 23Nan tout sa ke ou ban mwen, mwen va anverite bay yon dim a Ou menm.”

Source notes (23)
  1. Cross-reference Jen 24:3-4
  2. Cross-reference Jen 24:3-4
  3. Cross-reference Jen 12:2
  4. Cross-reference Jen 27:43
  5. Cross-reference Jen 28:1
  6. Cross-reference Jen 24:3
  7. Cross-reference Jen 26:34
  8. Cross-reference Jen 26:23
  9. Cross-reference Jen 12:4-5
  10. Cross-reference Jen 28:19
  11. Cross-reference Jen 26:3
  12. Cross-reference Jen 12:7
  13. Cross-reference Jen 13:14-15
  14. Cross-reference Jen 48:21
  15. Cross-reference I Wa 3:15
  16. Cross-reference Sòm 68:35
  17. Cross-reference Jen 28:11
  18. Cross-reference Jij 1:23
  19. Cross-reference Jen 35:6
  20. Cross-reference Jen 28:15
  21. Cross-reference I Tim 6:8
  22. Cross-reference Det 26:17
  23. Cross-reference Lev 27:30

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.