Bib Sen An
Jenèz 29
Alò, Jacob te ale nan vwayaj li a, e li te vini nan peyi ki te pou 1fis a lès yo. Lè li te gade, li te wè yon 2pwi nan chan an, e gade byen, te gen twa bann mouton ki te kouche la akote li, paske se te avèk pwi sa a ke yo te bay tout bèt yo dlo. Alò, wòch la sou bouch pwi a te byen laj. Lè tout bèje mouton yo te rasanble la, yo te konn woule wòch la sòti nan bouch pwi a, pou te bay mouton yo dlo, e te remete wòch la nan plas li sou bouch pwi a.
Jacob te di yo: “Frè m yo, kibò nou sòti?”: Yo te reponn: “Nou sòti nan 3Charan.”
Li te di yo: “Èske nou konnen Laban, 4fis Nachor a?” Epi yo te di: “Nou konnen li.”
Li te mande yo: “Èske tout bagay ale byen pou li?” Epi yo te reponn: “Wi, tout bagay ale byen pou li. Men fi li a, 5Rachel k ap vini avèk mouton yo.”
Li te di: “Gade byen, li toujou gwo lajounen; li poko lè pou rasanble bèt. Bay bèt yo dlo, e mete yo nan patiraj toujou.”
Men yo te di: “Nou pa kapab jiskaske tout bèje mouton yo fin rasanble, e yo woule wòch la sòti nan bouch pwi a. Se nan lè sa a nou va bay mouton yo dlo.”
Pandan li t ap pale avèk yo, Rachel te parèt avèk mouton papa l yo, paske li te yon bèje. Lè Jacob te wè Rachel, fi Laban an, frè manman li, ak mouton Laban yo, frè manman l, Jacob te pwoche. Li te woule wòch la sòti nan pwi a, e li te bay dlo a bann mouton Laban an, frè manman l lan. Epi Jacob te bo 6Rachel. Li te leve vwa li, e li te kriye. Jacob te di Rachel ke li te yon 7moun fanmi papa l, e ke li te fis a Rebecca. Li te kouri di papa l sa.
Alò, lè 8Laban te tande nouvèl Jacob la, fis a sè li, li te kouri pou ale rankontre avè l e te 9anbrase li. Li te bo li, e te mennen li lakay li. Konsa, Jacob te eksplike Laban tout bagay sa yo. Laban te di li: “Anverite, ou se 10zo mwen avèk chè mwen.” Konsa, li te rete avèk li pandan yon mwa.
Alò Laban te di a Jacob: “Akoz ke ou se moun fanmi mwen, èske sa vle di ke ou ta dwe sèvi mwen gratis? Di m, kisa pou m bay ou kòm salè?”
Alò, Laban te gen de fi. Non pi gran an se te Léa, e lòt la se te Rachel. Epi zye a Léa yo te fèb, men Rachel te 11byen bèl nan figi l, ni nan fòm li. Alò Jacob te 12renmen Rachel, e konsa li te di: “13Mwen va sèvi ou pandan sèt ane pou fi ou ki pi jèn nan, Rachel.”
Laban te di: “Li pi bon pou m bay ou li pase pou m ta bay li a yon lòt gason. Rete avè m.” Jacob te sèvi sèt ane pou Rachel, men yo te parèt a li menm kòmsi se te kèk jou akoz lanmou li te gen pou li.
Konsa, Jacob te di a Laban: “Ban mwen madanm mwen, paske tan mwen an gen tan fin konplete, pou m kapab 14antre nan relasyon avè l.” Laban te rasanble tout mesye yo nan plas la, e li te fè yon gwo fèt.
Men nan aswè, li te pran fi li, Léa, e li te mennen li kote Jacob. Li te antre an relasyon avèk li. Laban osi te bay sèvant li, Zilpa, pou Léa kòm sèvant. Nan maten, gade byen, li vin parèt ke se te Léa! Konsa, li te di a Laban: 15“Kisa sa ou te fè m la a?
“Èske se pa pou Rachel ke m te sèvi ou a? Poukisa ou fè m desepsyon sila a?”
Men Laban te di: “Se pa koutim peyi nou pou fè maryaj a pi jèn nan avan premye ne a. Konplete semèn nan avèk sila a, e nou va bay ou lòt la tou; pou sèvis sa a, 16ou va sèvi m yon lòt sèt ane.”
Jacob te fè sa, li te konplete semèn nan avèk fi a, e li te ba li fi li, Rachel, kòm madanm li. Laban osi te bay sèvant li, Bilha a fi li, Rachel kòm sèvant li. Alò, Jacob te antre an relasyon ak Rachel osi, e vrèman, 17li te renmen Rachel plis ke Léa, e li te sèvi avèk Laban pandan yon lòt sèt ane.
Alò, SENYÈ a te wè ke Léa te manke renmen, e Li te ouvri vant li, men Rachel te rete san pitit. Léa te vin ansent. Li te fè yon fis, e li te nonmen li Reuben, paske li te di: “Akoz ke SENYÈ a te 18wè doulè mwen, asireman koulye a mari mwen va renmen m.” Li te vin ansent ankò, li te fè yon fis, e li te di: 19“Akoz ke SENYÈ a te tande ke mwen te rayi, pou sa Li te ban mwen fis sila a osi.” Alò, li te bay li non Siméon.
Li te vin ansent ankò, li te fè yon fis. Konsa, li te di: “Alò fwa sa a mari mwen va vin atache a mwen, paske mwen te fè twa fis pou li.” Pou sa, li te nonmen li 20Lévi.
Epi li te vin ansent ankò. Li te fè yon fis, e li te di: “Fwa sa, mwen va louwe SENYÈ a.” Pou sa li te nonmen li 21Juda. Epi konsa, li te vin sispann fè pitit.
Source notes (21)
- Cross-reference Jij 6:3-33
- Cross-reference Jen 24:10-11
- Cross-reference Jen 28:10
- Cross-reference Jen 24:24-29
- Cross-reference Egz 2:16
- Cross-reference Jen 33:4
- Cross-reference Jen 28:5
- Cross-reference Jen 24:29-31
- Cross-reference Jen 33:4
- Cross-reference Jen 2:23
- Cross-reference Jen 12:11,14
- Cross-reference Jen 24:67
- Cross-reference Os 12:12
- Cross-reference Jij 15:1
- Cross-reference Jen 12:18
- Cross-reference Jen 31:41
- Cross-reference Jen 29:17-18
- Cross-reference Jen 16:11
- Cross-reference Det 21:15
- Cross-reference Jen 49:5
- Cross-reference Jen 49:8
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.