Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jenèz 16

Alò, 1Saraï, madanm Abram nan pa t bay li pitit. Li te gen yon 2sèvant Ejipsyen ki te rele Agar. Konsa, Saraï te di Abram: “Alò, gade byen, SENYÈ a te anpeche m fè pitit. 3Souple, al jwenn sèvant mwen an. Petèt mwen kapab vin gen pitit pa li menm.” Epi Abram te koute vwa a Saraï.

Apre Abram te viv 4dis lane nan peyi Canaan, madanm Abram nan, Saraï te pran Agar, sèvant Ejipsyen li an, e te bay li a mari li Abram kòm madanm li. Li te al jwenn Agar, li te vin ansent, epi lè l te wè ke li te ansent, mètrès li a te vin meprize nan zye li.

Konsa, Saraï te di Abram: “5Se ou ki gen tò nan bagay sa a. Mwen te bay sèvant mwen an pou li antre nan bra ou, e lè l te wè ke li te vin ansent, mwen te vin meprize nan zye li. Ke SENYÈ a jije antre ou menm avèk mwen.”

Men Abram te di a Saraï: “Gade byen, sèvant ou anba pouvwa ou. Fè sa ke ou wè ki bon nan zye ou avèk li.”

Pou sa, Saraï te rèd avèk li, e 6li te pran sove ale kite prezans li.

Alò 7zanj lan te twouve li akote yon sous dlo nan savann nan, vè sous la nan wout chemen ki ale Schur la. Li te di a Agar, sèvant Saraï a, 8“Kibò ou sòti, e kibò ou prale?”

Epi li te di: “M ap sove ale kite prezans mètrès mwen an, Saraï.”

Epi zanj SENYÈ a te di li: “Retounen bò kote mètrès ou, e soumèt ou anba otorite l.” Plis ke sa, 9zanj SENYÈ a te di li: 10“Mwen va miltipliye desandan ou yo anpil pou yo vin twòp pou konte.”

Zanj SENYÈ a te di li anplis: “Byen gade, ou ansent, e ou va fè yon fis. Epi ou va rele non li Ismaël ki vle di Bondye tande, akoz 11SENYÈ a te okipe afliksyon ou yo. Li va yon nonm tankou bourik mawon. Men li va kont tout moun, e men a tout moun va kont li. Epi li va viv yon jan 12ki kont tout frè li yo.”

Epi li te rele non SENYÈ a ki te pale avèk li: “Ou se yon Bondye ki wè a”, paske li te di: “13Èske m ap vrèman rete vivan isit lè m fin wè Li”? Pou sa, pwi a te rele Lachaï-roi. Gade byen, li la antre 14Kadès ak Bared.

Alò, Agar te fè yon fis pou Abram. 15E Abram te rele fis li a, ke Agar te fè a, Ismaël. Abram te gen katre-ven-sis ane lè Agar te fè Ismaël pou li a.

Source notes (15)
  1. Cross-reference Jen 11:30
  2. Cross-reference Jen 12:16
  3. Cross-reference Jen 30:3-10
  4. Cross-reference Jen 12:4
  5. Cross-reference Jr 51:35
  6. Cross-reference Jen 16:9
  7. Cross-reference Jen 21:17-18
  8. Cross-reference Jen 3:9
  9. Cross-reference Jen 22:15-18
  10. Cross-reference Jen 17:20
  11. Cross-reference Egz 2:23-24
  12. Cross-reference Jen 25:18
  13. Cross-reference Jen 32:20
  14. Cross-reference Jen 14:7
  15. Cross-reference Jen 12:4

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.