Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jenèz 15

Apre bagay sa yo, pawòl SENYÈ a te vin kote Abram nan yon vizyon. Li te di: “1Pa pè, Abram, Mwen se yon 2pwotèj pou ou. Rekonpans ou va gran.”

Abram te di: “O Senyè BONDYE, kisa ou va ban mwen, akoz ke m san pitit, e eritye lakay mwen se Eliézer a Danmas?” Epi Abram te di: “Akoz ke ou pa t ban m pitit pou swiv mwen, pitit ki 3fèt nan kay mwen an se eritye mwen.”

Alò, gade byen, pawòl SENYÈ a te vin kote li. Li te di l: “Se pa nonm sa k ap eritye ou, 4men youn ki va sòti nan pwòp kò ou, se li ki va eritye ou.”

Konsa, li te mennen li deyò, e te di: “Koulye a, gade vè syèl yo, e 5kontwole zetwal yo, si ou kapab kontwole yo.” Epi Li te di li: “Se konsa desandan w ap ye.” 6

Li te kwè nan SENYÈ a, e SENYÈ a konsa, te konsidere sa kòm ladwati li.

Li te di Abram: “Mwen se SENYÈ a ki te mennen ou sòti nan 7Ur a Kaldeyen yo, pou 8bay ou peyi sa a pou posede li.”

Abram te di: “O Senyè BONDYE, 9kijan mwen kapab konnen ke m ap genyen l vre?”

Alò li te di li: “Pote ban mwen yon gazèl twazan, yon femèl kabrit twazan, yon mal mouton nan twazan, yon toutrèl, avèk yon jenn pijon.”

Li te pote bay li tout sa yo, e li te koupe yo an de mòso. Li te poze mwatye yo chak fasafas ak lòt, men li 10pa t koupe zwazo yo. Zwazo ki manje vyann yo te desann sou kò bèt yo, e Abram te chase yo ale.

Alò, lè solèy la t ap desann, 11yon gran rèv te tonbe sou Abram. Epi gade byen, yon gwo tenèb ak gran perèz te vin tonbe sou li.

Bondye te di Abram: “Konnen byen si ke 12desandan ou yo va etranje nan yon peyi ki pa pou yo, kote yo va vin esklav, e 13va oprime pandan kat-san ane. Men mwen va osi jije nasyon 14 ke yo va sèvi a, e apre yo va sòti deyò avèk anpil byen. Men pou ou menm, 15ou va ale vè zansèt ou yo anpè. Ou va antere nan yon laj byen avanse. Alò, nan katriyèm jenerasyon yo va retounen isit la, paske 16inikite Amoreyen yo poko fini.”

Li vin rive ke lè solèy la te fin desann, ke li te fènwa anpil, e gade byen, te parèt yon tòch k ap fè lafimen avèk yon flanbo te 17pase antre mòso sa yo.

Nan jou sa a, SENYÈ a te fè yon akò avèk Abram. Li te di: “A desandan ou yo, Mwen va bay peyi sa a, depi nan 18larivyè Égypte la, jis rive nan gran rivyè a, larivyè Euphrate, 19peyi a Kenyen yo, Kenizyen yo, Kadmonyen yo, Itit yo, Ferezyen yo, Rephaïm yo, Amoreyen yo, Kanaaneyen yo, Gigachyen yo, avèk Jebizyen yo.”

Source notes (19)
  1. Cross-reference Jen 21:17
  2. Cross-reference Det 33:29
  3. Cross-reference Jen 14:14
  4. Cross-reference Gal 4:28
  5. Cross-reference Jen 22:17
  6. Cross-reference Wo 4:3,20-22
  7. Cross-reference Jn 11:31
  8. Cross-reference Jen 13:15-17
  9. Cross-reference Jij 6:36-40
  10. Cross-reference Lev 1:17
  11. Cross-reference Jen 2:21
  12. Cross-reference Trav 7:6
  13. Cross-reference Egz 1:11
  14. Cross-reference Egz 12:32-38
  15. Cross-reference Jen 25:8
  16. Cross-reference Lev 18:24-28
  17. Cross-reference Jr 34:18-19
  18. Cross-reference Nonb 34:1-15
  19. Cross-reference Egz 3:17

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.